Ou se yon papa. Se pa nenpòt papa konsa konsa, men ou se papa pi bèl timoun yo ki genyen—pitit pa ou yo. Relasyon sa a pral dire toutotan nou toujou vivan. Pèsonn pa ka pran plas sa a nan lavi pitit ou yo. Liv sa a gen senkannde (52) leson ladan l’ ki pral ede ou reyisi nan travay nòb sa a.
M’ panse petèt ou konn tande moun di bagay konsa : « M’ twouve li difi sil pou m’ sipòte Entèl. » Oubyen petèt yo konn di : « M’ pa ka boule ak Entèl mwen menm. » Èske ou ka sipòte frè ou ? Si ou sensè, fòk ou admèt genyen moun ki difi sil pou ou sipòte.