M’ panse petèt ou konn tande moun di bagay konsa : « M’ twouve li difi sil pou m’ sipòte Entèl. » Oubyen petèt yo konn di : « M’ pa ka boule ak Entèl mwen menm. » Èske ou ka sipòte frè ou ? Si ou sensè, fòk ou admèt genyen moun ki difi sil pou ou sipòte.
M’ panse petèt ou konn tande moun di bagay konsa : « M’ twouve li difi sil pou m’ sipòte Entèl. » Oubyen petèt yo konn di : « M’ pa ka boule ak Entèl mwen menm. » Moun konn di konsa tou : « M’ alèz ak tout moun, men si se pou Entèl, mwen p’ap janm byen avè l’. » Byen petèt ou konn di bagay konsa tou. Èske ou ka sipòte frè ou ? Kite m’ di ou yon bagay. Si ou sensè, fòk ou admèt genyen moun ki difi sil pou ou sipòte.
Jounen jodi a, se fasil pou ou tande yon legliz divize nan de (2) kan paske frè ak sè yo pa kapab viv byen youn ak lòt. Epi, toutan genyen maryaj k'ap kraze paske moun yo pa ka sipòte youn lòt ankò. Konsa tou, genyen kont ant de (2) frè oubyen ant de (2) sè, ansanm ak tout lòt kalite divizyon. Lè genyen divizyon konsa, li fasil pou n’ mete nan tèt nou se lòt moun lan ki genyen tò. Nou panse se yo menm ki fè nou pa ka boule ansanm. Nou gen tandans jistifye tèt nou epi vide chaj la sou do lòt la.
Lavi nou kòm moun se yon lavi sosyal li ye. Nou viv ak lòt moun bò kote nou prèske toutan. Nou genyen rapò ak moun chak jou, swa nan fanmi, swa nan travay, oswa nan lekòl oubyen legliz nou. Malgre nou chaje ak relasyon konsa, pafwa relasyon sa yo lakòz tansyon ak difikilte pou nou. Sanble li prèske enposib pou yon moun viv byen ak tout moun toutan. Anpil nan konfli ak batay nou wè nan lemonn sòti nan yon relasyon ki te kraze. Entèl gen kont ak Entèl, epi sa tounen yon pakèt bagay. Nou kapab konprann sa paske genyen anpil moun ki pa kretyen, ki pa fèt yon dezyèm fwa, epi ki pa gen Sentespri a nan lavi yo. Men, sa frape m’ lè m’ gade andedan legliz epi andedan fanmi kretyen yo epi mwen wè anpil relasyon ki kraze oubyen ki anba gwo tansyon.
Èske relasyon mwen genyen ak lòt moun ta dwe konsa ? Èske li nòmal pou yon kretyen viv ak vye relasyon konsa ? Kisa Bib la di sou sa ?
Nan Women 12.18, Apòt Pòl la di nou konsa : « Fè tou sa nou kapab pou nou viv byen ak tout moun mezi nou wè nou ka fè li. » Apòt Pòl egzije nou pou n’ travay pou n’ ranje tout relasyon ki kòmanse genyen twoub ladan yo. Bon rapò ak moun se yon bagay nou pa ka neglije ditou ditou.
Apòt Pòl te di yon lòt bagay nan Galat 5.15. Li te di konsa : « Men, si youn ap mòde lòt, youn ap devore lòt tankou bèt sovaj, atansyon pou youn pa touye lòt tou ! » Nou konn wè de (2) chen k’ap goumen ansanm. Se imaj sa a Pòl ban nou pou ede nou reflechi sou kijan nou gen tandans aji youn ak lòt pafwa. Lè de (2) chen mare batay, se bagay sovaj. Epi, sa konn repete andedan legliz Kris la tou. Dèske Pòl pale sou sa, se yon prèv ki montre nou kijan li difisil pou moun kenbe bon relasyon youn ak lòt—menm pami frè yo nan legliz la. Donk, kijan nou kapab jere relasyon nou yo nan yon fason biblik ?
Ann gade kèk pasaj nan Nouvo Kontra a ki pale sou relasyon nou yo youn ak lòt. Konsa, n’ap wè kijan pou nou gen yon rapò espirityèl youn ak lòt. Ann gade sa pasaj yo di nou.
Efezyen 4.1–6 : « Se sa ki fè, mwen menm ki nan prizon poutèt Senyè a, m’ap mande nou pou nou viv yon jan ki konfòm ak jan Bondye te rele nou pou n’ viv la. Pa janm vante tèt nou. Aji avèk dousè ak pasyans ak tout moun. Se pou nou youn sipòte lòt avèk renmen nan kè nou. Sentespri a mete nou ansanm. Se pou nou fè tou sa nou kapab pou nou ka toujou fè yon sèl kò, pou nou viv ak kè poze ansanm youn ak lòt. Gen yon sèl kò ak yon sèl Sentespri, konsa tou se yon sèl Bondye a ki rele nou pou nou gen yon sèl espwa. Gen yon sèl Senyè, yon sèl konfyans, yon sèl batèm. Gen yon sèl Bondye, ki papa nou tout, k’ap domine sou nou tout, k’ap aji nan nou tout, ki nan nou tout. »
Kolosyen 3.12–16 : « Nou tout nou fè pati pèp Bondye a : se Li menm ki te renmen nou, ki te chwazi nou pou n’ ka viv pou Li. Se poutèt sa, se pou nou gen kè sansib anpil, pou n’ aji byen youn ak lòt, san lògèy, avèk anpil dousè, anpil pasyans. Se pou nou youn sipòte lòt, pou nou youn padonnen lòt si nou gen kont youn ak lòt. Wi, se pou youn padonnen lòt, menm jan Kris la te padonnen nou. Men, anvan tout bagay, se pou nou gen renmen ki tankou yon kòd k’ap mare nou ansanm youn ak lòt. Se pou nou viv byen youn ak lòt, jan Kris la vle l’ la. Paske, Bondye rele nou pou nou viv byen youn ak lòt pou nou ka fè yon sèl kò. Toujou chonje sa Li fè pou nou. Kenbe pawòl Kris la ak tout richès Li yo byen fèm nan kè nou. Se pou nou youn aprann nan men lòt, se pou nou youn bay lòt konsèy avèk anpil bon konprann. Se pou nou chante sòm, kantik ak tout lòt chante Lespri Bondye a va moutre nou, pou di Bondye mèsi ak tout kè nou. »
Ann note kijan apòt la te chwazi kòmanse ansèyman li yo sou pwen sa a nan Efezyen chapit 4. Nan pasaj sa a, Pòl egzije nou pou n’ mache « yon jan ki konfòm ak jan Bondye te rele nou pou n’ viv la. » Kòm kwayan, nou resevwa yon apèl. Se tankou yon moun ki resevwa yon djòb nan yon sans. Chak kwayan ap jwe yon wòl ki diferan ak wòl moun ki pa kwè yo. Nou ta sipoze viv yon jan ki montre respè pou pozisyon nou okipe a. Si nou wè yon polis k’ap fè yon zak kriminèl, sa deranje nou epi nou di li pa sanble ak yon polis. Si nou wè yon mari ki pa fidèl anvè madanm li, sa deranje nou epi nou di li pa kenbe wòl li kòm mari. Enben, se konsa Pòl kòmanse ansèyman li yo sou pwen sa a. Li fè nou sonje nou se moun ki resevwa yon apèl. Nou se pitit Bondye. Nou nan yon wòl espesyal depi se kretyen nou ye. Apre Pòl oryante nou nan sans sa, li pase sou kèk regleman ak kèk kalite espirityèl nou va bezwen si nou vle viv byen youn ak lòt.
Nan toude pasaj sa yo, nou twouve regleman ki enpòtan lè moun vle genyen bon relasyon ansanm. Dabò, toude pasaj sa yo peze sou afè « sipòte » youn lòt. Lè Pòl egzije nou pou n’ youn sipòte lòt, kisa sa vle di egzakteman ? Poukisa sipò enpòtan nan mitan frè yo ? Epi, ki sipò l’ap pale la a ? Lè n’ youn sipòte lòt nan renmen, sa vle di nou ka tolere defo youn lòt. Sa vle di nou kapab pote kole san defo yo pa separe nou. Li vle di nou pa kite feblès Entèl fè nou bay vag, epi nou kenbe men youn lòt malgre n'ap soufri.
Si nou onèt, nou kapab di li pa fasil pou nou sipòte youn lòt nan renmen. Sa mande efò. Sa mande sakrifis ak doulè. Epi, sa mande ladrès tou. Si sa te yon bagay fasil pou n' viv byen youn ak lòt, Pòl pa t’ap oblije egzije nou pou n’ fè li.
Apre sipòte youn lòt, nou jwenn yon dezyèm pwen ki enpòtan menm jan. Se padon. Padon se yon bagay ki esansyèl si nou pral genyen bon relasyon youn ak lòt. Si nou genyen yon pwoblèm ak yon frè, Pòl di nou se pou nou sipòte l’ epi padone li. Lè nou padone yon moun, sa vle di nou bay li yon favè li pa merite jwenn. Sa vle di nou pa kondane li jan l’ merite kondane. Nou retire tò a sou do li. Pòl di nou pou n' swiv bèl egzanp lan Jezi te ban nou sou zafè padon. Konbyen fwa Jezi te padone sila yo ki te kont Li ak sila yo ki te anvi fè Li mal ?
Èske sa vle di mwen fèt pou m’ inyore sa lè yon frè peche kont mwen ? Èske nou pa dwe adrese peche ? Enben, Bib la ban nou enstriksyon sou kijan nou dwe jere peche pami frè ak sè yo. Sa klè. Men, atitid nou genyen anvè frè a pa dwe chanje kras. Se sa ki kle pou relasyon nou yo.
Poukisa yon ti bagay ki pa menm konsekan kapab tèlman deranje moun ? Souvan se yon senp ti erè ki devni yon pakèt bagay epi ki finalman separe nou youn ak lòt, si nou pa pran prekosyon. Poutan, Bib la di nou pou n’ sipòte youn lòt nan renmen, epi pou n' padone youn lòt. Nou gen devwa pou n’ pwoteje relasyon nou yo. Epi, se sèl chemen sa a ki genyen pou n’ kenbe relasyon nou yo nan bon eta. Note byen kijan Bib la mete reskonsabilite a sou mwen menm. Lòt moun lan pale. Li di sa li di a. Men se mwen menm k'ap deside si m’ kite pawòl la deranje m’ ou non.
Koulye a, ann gade kalite espirityèl yo ki va ede nou genyen bon rapò youn ak lòt. Se bon kalite sa yo ki pèmèt nou sipòte youn lòt epi padone youn lòt selon Lespri Kris la. Men, se SI kalite sa yo prezan lakay nou ! Se bon kalite sa yo ki ban nou bon moral ki nesesè pou nou prezève bon relasyon youn ak lòt. Pandan n’ap etidye kalite sa yo, se pou nou reyalize nou p’ap ka reyisi si se nan pwòp fòs pa nou n’ap eseye fè sa. Lèfini, nou va dekouvri ki kalite nou oblije genyen lakay nou si nou vle reyisi nan sa.
toujou separe moun. Li pouse yo lwen youn lòt. Lògèy pouse m’ chache sa ki bon pou mwen epi sèlman sa ki bon pou mwen san m’ pa menm sonje lòt yo. Lògèy p’ap kite m’ gen bon relasyon ak pèsonn. Lògèy p’ap sipòte anyen pou moun. Lògèy p’ap padone okenn ofans. Menm yon ti kal lògèy sifi pou gate yon bon relasyon. Avèk lògèy lakay nou, pa gen espwa pou n' kenbe bon relasyon youn ak lòt.
Lè ou gen dousè sa vle di ou kalm epi ou alèz nan lespri ou. Dousè vle di ou deja asepte volonte Bondye a san ou pa ni plede, ni reziste. Apòt la fè n’ sonje nou pa ka genyen bon relasyon youn ak lòt san nou pa genyen dousè lakay nou.
Nou p’ap janm ka genyen bon relasyon youn ak lòt si nou pa gen pasyans. Se vre. Frè ak sè yo va tonbe. Yo va fè nou ditò. Yo va di bagay ki blese nou. Yo va di bagay ki kontrè ak sa nou panse. Fòk genyen pasyans. Fòk genyen bon jan pasyans pou n' sipòte yon frè epi pou padone li.
Renmen se yon lòt engredyan ki esansyèl pou bon relasyon. Jezi te fè nou konnen nou dwe aji ak lòt yo menm jan nou ta vle pou lòt yo aji ak nou (Lik 6.31). Si nou pa genyen renmen alabaz, nou p’ap janm kapab jwenn lòt bon kalite yo. Selon 1 Korent chapit 13, nou ka konnen yon pakèt bagay epi nou ka fè anpil bon zèv, men si nou pa gen renmen nan kè nou, bagay sa yo pa anyen. Nou p’ap regle anyen vre. Si ou pa gen renmen nan kè ou, ou mèt bliye afè bon relasyon ak moun.
Pou nou genyen bon relasyon youn ak lòt, fòk nou sansib pou inite Jezi t’ap pale a nan Jan chapit 17. Epi, nou wè enpòtans inite sa a ankò nan Efezyen 4.4–6 kote Pòl pale sou kijan nou fè yon sèl kò nan Kris. Si nou bliye nou fè yon sèl, nou p’ap bay relasyon nou yo enpòtans. Relasyon nou yo va dejenere epi kraze san nou pa menm konsyan. Se lògèy ki fè m’ pa dakò imilye m’ devan frè m’ yo. Lògèy fè m’ santi m’ pa oblije fè sa. Konsa, mwen pèdi pasyans ak Entèl epi relasyon an brize. Menmsi relasyon an pa fin brize nèt, kapab genyen tansyon ki rann relasyon an pa bon ankò. Sa rann nou pa fè yon sèl ankò.
Apòt Pòl egzije nou pou nou viv ak kè poze youn ak lòt. Genyen de (2) engredyan ki esansyèl epi ki mache ansanm – se kè poze avèk inite. Inite san kè poze se yon bagay ki frajil. Epi, kè poze san inite se pa yon vrè kè poze paske li wè tèt li ase. Si nou pa gen kè poze alabaz, nou pa bezwen mete nan tèt nou nou pral jwi bon relasyon ansanm avèk inite. Pòl mande nou pou n’ fè efò pou nou mare nou ansanm youn ak lòt ak kè poze. Se pou nou chak mache nan menm espwa a kote Bondye aple nou pou nou mache (vèsè 4).
Pòl di nou pou nou genyen kè sansib anpil. Nou dwe sansib nan fon kè nou. Se nan fon kè yon moun pi gwo emosyon yo viv—tankou kòlè ak renmen. Se nan fon kè yon moun ou ka twouve konpasyon ak bonte. Lè n’genyen mizèrikòd, sa vle di nou konprann lòt la epi nou gen konpasyon pou li. Mizèrikòd vle di nou soufri ak sila yo ki nan soufrans, nou kriye ak sila yo k’ap kriye. Li vle di nou santi reyalite lòt la. Nou mete nou nan plas li. Kè sansib sa a se renmen li ye pou lòt moun lan. Se pa yon bagay lejè li ye. Okontrè, li byen pwofon.
Aji Byen Youn ak Lòt
Nan Efezyen 4.32 nou jwenn sa a : « Okontrè, se pou nou aji byen youn ak lòt, se pou nou gen bon kè youn pou lòt, pou nou youn padonnen lòt, menm jan Bondye te padonnen nou nan Kris la. » Bondye aple nou pou nou trete lòt yo ak renmen epi ak konprann. Lè nou aji byen ak lòt yo, sa vle di nou genyen pitye ak padon youn pou lòt. Nou sipòte fayit youn lòt. Nou rete pozitif ak youn lòt nenpòt sa ki rive.
Dousè, imilite, pasyans ak renmen se bagay ki nesesè si nou konte sipòte frè nou toutbonvre. Tout kalite sa yo mande efò lakay nou. Yo mande pou n’ mete enterè lòt yo devan enterè pa nou. Yo mande pou nou bliye tèt nou. Epi, se la menm pi gwo pwoblèm lan kouche, pa vre ? Se tèt mwen, se fyète pa m’ lan ki deranje relasyon m’ ak lòt moun. Se poutèt sa nou oblije abiye kò nou ak tout bon kalite sa yo. Fòk nou kouvri nèt ak bagay sa yo pou n’ ka reyaji yon jan ki kòrèk nan tout sityasyon.
Apòt Pòl te tèmine diskou a ak yon pwen ki vrèman enpòtan—dapre mwen menm. Li pale sou kijan lapè Bondye a dwe renye nan lavi nou, sou kijan Pawòl Bondye a dwe viv andedan nou, epi sou kijan benediksyon Bondye a va poze sou tout sa nou fè. Bondye dirije nou, epi Li beni nou. Koulye a, èske tansyon nan mitan de (2) frè pote plis lapè nan kè a ? Èske rankin pote lapè ? Men non ! Okontrè ! Si aksyon nou poze yo pa pote lapè Bondye a nan kè nou, konsyans nou dwe di nou genyen yon bagay la a ki pa dwat. Se tankou yon abit ki bay yon jwè yon katon jòn pou fè li konnen li pèdi bon wout la.
Nou pa ka neglije etidye Pawòl Bondye a. Se sa ki pèmèt nou disènen sa ki vrè. Pòl avèti nou pou n’ pa fè anyen ditou si se pa Bondye k'ap dirije nou pou n’ fè li. Pa gen okenn kote ou kapab pi an sekirite pase lè w'ap fè volonte Bondye. Se pou nou toujou mache yon jan ki sanble ak apèl nou te resevwa a.
Kapasite nou genyen pou n’ viv byen ak tout moun va toujou tonbe anba eprèv. Men, yon Kretyen ki fidèl, epi ki ranpli ak Sentespri a, va genyen tout zouti li bezwen pou l’ genyen bon relasyon ak tout moun. Note byen, òganizasyon ki pa kretyen (tankou : konpayi, gwoupman, komite, lekòl, elatriye) va toujou pale sou bon relasyon, men yo p’ap janm ka rive atenn bon relasyon toutbon san Kris la. Men, se kwayan an ki posede tout sa li bezwen pou l’ viv byen ak tout moun. Epi, li genyen reskonsabilite pou l’ fè sa menm. Li aple pou li genyen bon relasyon ak tout moun, menm sila yo ki pa kwayan.
Si genyen yon moun ou pa vle wè, se yon siy ki montre ou genyen yon bagay ki manke lakay ou. Genyen yon bagay ki poko anfòm. Ou poko itilize pwovizyon Bondye mete disponib pou ou. Ou p'ap fè volonte Li si ou genyen moun ou pa vle wè. Ann asepte se konsa bagay la ye. Se reyalite ! Pase pou m’ plede, pito m’ kòmanse chache sa ki manke lakay mwen. Se pou m’ mete ajenou nan repantans epi chache padon Bondye. Se lè sa a atò m’ap kapab fè volonte Li nan relasyon m’ yo ak lòt moun.
Èske ou janm chita pou reflechi sou kijan moun ki bò kote ou yo oblije sipòte ou ? Ou mèt di konsa : « Li byen fasil pou moun viv bò kote mwen. M’ pa fè anyen pou deranje pèsonn. » Men tann yon ti moman. Dèske lide sa a nan tèt ou, kisa sa demontre ou ? Si m’ di mwen anfòm jan m’ ye a, sa se deja yon siy mwen manke yon bagay. Se imilite, pa vre ? Imilite pa konn di : « M’ bon jan m’ ye. » Bondye pran pozisyon kont moun ki genyen lògèy yo, men favè Li se pou moun ki soumèt avèk imilite. (Sonje byen sa nou te wè deja sou kesyon lògèy la.) Men pwoblèm lan : mwen mal pou evalye kijan mwen deranje lòt yo. Se lòt yo ki ka pale sou sa pi byen. Se posib jan m’ap viv la ap deranje moun ki bò kote m’. Kisa pou m’ fè ? Se pou m’ mande yo. Se yo menm ki ka pale sou jan mwen deranje yo pafwa.
E si frè m’ lan genyen tèt di ? E si li frekan menm ? Èske fòk mwen sipòte li ? Enben, Bib la pa ofri okenn lòt opsyon. Bondye montre nou byen klè sa Li espere lakay nou konsènan relasyon nou youn ak lòt. Nou sipoze sipòte frè nou, epi nou sipoze fè l’ ak èd Sentespri a nan lavi nou. Se klè. Mezanmi ! Konbyen pwoblèm ki t’ap disparèt imedyatman si nou te annik swiv sa Bondye deja di nou nan Pawòl Li !
—Dwann Nisli