Etid sa a pral ouvri je ou sou Ansyen Kontra a. Li pral ouvri je ou sou Jezi. Fèt atansyon ! Paske ak etid sa a, ou ka tonbe damou pou Bondye ! Se Li menm ki te deklare : « Y’a mete yon kote apa pou Mwen pou M’ ka vin rete nan mitan yo » (Egzòd 25.8).
Kiyès Bondye ye ? Kijan nou ka vin jwenn repo nan Li ? Liv sa a, va eksplike kòman Bib La te fè vin egziste, poukisa yo rele Bib La Pawòl Bondye a ? Kòman peche te fè antre nan lemonn ? Kòman nou kapab jwenn delivrans nan peche e kòman nou kapab konnen verite sou Jezi Kri ki se sovè tout limanite.