Relijyon oubyen Jezi Kris ?

Èske relijyon kapab sove yon moun ? Èske yon lavi relijye se sa Bondye ap chache ?

Relijyon gen kapasite pou l’ fè nou santi lavi a gen sans. Li ka yon ti jan konble kèk vid ki nan yon kè ki swaf Bondye. Epitou, relijyon kapab fè nou santi nou se yon bon moun. Li ka ban nou yon ti satisfaksyon… satisfaksyon ak tèt nou, epi satisfaksyon ak sa n’ap fè. Se poutèt sa, relijyon gen tandans atire moun. Relijyon se yon sijè ki toujou popilè kèlkeswa kote ou pase.

Anpil moun fè gran sakrifis poutèt relijyon. Gen moun ki dakò menm mouri poutèt relijyon yo. Byen petèt ou deja fè sakrifis pou relijyon pa ou la.

Men, èske relijyon kapab sove yon moun ? Èske yon lavi relijye se sa Bondye ap chache ? Èske se sa k’ap pèmèt nou antre nan syèl la ? Non. Paske si pa gen lafwa nan Jezi Kris, epi si nou pa soumèt totalman devan Li, pèsonn pa ka sove. Jezi te di konsa : « Sa M’ap di ou la a, se vre wi : Pèsonn pa kapab wè peyi kote Bondye Wa a si li pa fèt yon dezyèm fwa » (Jan 3.3).

Satan pa gen okenn pwoblèm ak relijyon. Pou di vre, relijyon se yon bagay Satan itilize pou anpeche moun pwoche pi pre Bondye. Satan konnen kijan relijyon se yon bagay ki pisan li ye. Li byen konnen andedan kè chak moun ki sou latè, genyen yon dezi pou adore epi yon dezi pou twouve satisfaksyon. Konsa, Satan ofri yon bann bagay pou moun eseye satisfè dezi sa yo san yo pa janm chache Bondye. Yon bagay Satan te envante ki rize anpil anpil se fo levanjil. Satan kreye fo levanjil pou sanble ak Levanjil biblik la. Yo sanble anpil epi konsa moun ki kwè nan fo levanjil la ap mal pou remake se pa vre Levanjil la li ye. Fo levanjil la ka itilize anpil verite ki nan Bib la, men depi li pa janm mande yon moun pou l’ soumèt volonte li devan Jezi Kris, ni pou l’ mete konfyans li nan Jezi Kris ak nan otorite Pawòl Bondye a, se yon fo levanjil li ye. Fo levanjil la eseye mete moun alèz. Li mete nan tèt ou depi ou pratike relijyon an byen, tout bagay ap tonbe nan plas yo. Men, genyen plizyè kalite bagay ki ka eseye pouse lafwa nan Jezi Kris sou kote. Yo eseye pran plas lafwa nan Kris. Yon pwogram ki di w’ kòman pou w’ viv kapab fè sa. Yon legliz kapab fè sa. Epi, kilti kote n’ap viv la kapab fè sa tou. Depi bagay sa yo parèt pi enpòtan pase lafwa, se relijyon ki ranplase lafwa. Pafwa, yon moun kapab manm nan yon legliz kretyen, epi li kapab mennen lavi li tankou yon « bon kretyen, » men si konfyans li se nan bagay sa yo olye nan Jezi Kris, se relijyon ase li genyen. Se nan twou relijyon l’ ap mennen l’ kanmenm.

-The Way of Truth (Chemen Verite a) Volim 7 Nimewo 5

Detay
Lang
Kreyòl Ayisyen
Edite
Publicadora La Merced
Sijè

Retounen nan Lis la