Etid sa a pral ouvri je ou sou Ansyen Kontra a. Li pral ouvri je ou sou Jezi. Fèt atansyon ! Paske ak etid sa a, ou ka tonbe damou pou Bondye ! Se Li menm ki te deklare : « Y’a mete yon kote apa pou Mwen pou M’ ka vin rete nan mitan yo » (Egzòd 25.8).
M’ panse petèt ou konn tande moun di bagay konsa : « M’ twouve li difi sil pou m’ sipòte Entèl. » Oubyen petèt yo konn di : « M’ pa ka boule ak Entèl mwen menm. » Èske ou ka sipòte frè ou ? Si ou sensè, fòk ou admèt genyen moun ki difi sil pou ou sipòte.