Anabaptist Resources Logo

Souke Kò Nou

Publicadora La Merced | Mar 06, 2026

Summary

Anpil pwoblèm lajan, difikilte nan komès, yon lis bagay pou nou fè k’ap grandi, bagay yo kraze pi vit pase sa nou repare yo, e difikilte nan relasyon nou ak lòt moun se tout bagay ki kapab lakoz nou vin fatige e dekouraje.

Short Article

« Se poutèt sa, souke kò nou. Pa kite fatig antre sou nou. Mache kote ki plat pou pye k’ap bwete a pa foule pi plis, okontrè pou l ka geri.» (Ebre 12:12, 13)

Pwoblèm Nan

Pwoblèm fatig ak pye bwete pa gen rapò ak pwoblèm fizik. Non, pwoblèm nan pi fon. Yo se sentòm yon moun ki dekouraje, ki fatige batay, yon moun ki bouke, ki emosyonelman epize, twouble, oubyen ki pa konnen sa pou li fè – yon moun ki pèdi antouzyasm li pou lavi a.

Kèkfwa lavi a ban nou plis pase sa nou santi nou kapab sipòte. Pòl te di yon lè, « Sa te rèd nèt. Mwen pa t’ kapab sipòte ankò  ». Izrayèl te gen yon pwoblèm sanblab. « Men, antan y’ap vwayaje a, pèp la vin dekouraje » (Nonb 21 :4). Yo te fatige. Chemen an te di. Kèkfwa chemen an di pou nou tou.

Anpil pwoblèm lajan, difikilte nan komès, yon lis bagay pou nou fè k’ap grandi, bagay yo kraze pi vit pase sa nou repare yo, e difikilte nan relasyon nou ak lòt moun se tout bagay ki kapab lakoz nou vin fatige e dekouraje. Pou fè bagay la pi mal, nou kapab manke dòmi.

Petèt nou santi Satan ap frape nou. Nou santi nou nan yon batay espirityèl. Dyab la toujou ap eseye epize nou. Kèkfwa batay la reyèl, e nou santi nou preske akable. Li difisil pou rete konsantre e panse byen. Premye Pyè 1 : 6 rele li « tout kalite eprèv n’ap sibi ».

Kèkfwa nou lite avèk emosyon ke nou pa konprann. Ebre 12 :5-11 pale sou chatiman Senyè a. Kèkfwa Bondye pèmèt bagay ki difisil pou ramoli e rafine nou. Nou kapab pa toujou konprann kisa k’ap pase nan lavi nou. Petèt nou kapab menm santi nou yon ti jan abandone tankou Bondye te abandone Jezi sou kwa a. Chak moun gen moman pafwa lè yo fatige e tante pou yo sispann goumen.

Men nou pa dwe kite sa rive.

Responsabilite A

Tèks nou an di, « Souke kò nou… »

Premyèman nou dwe fè yon bagay nou menm lè nou wè nou fatige oubyen dekouraje. Vèsè 2 e 3 di nou gade sou Jezi e konsidere Li. Konsantre sou Senyè e Sovè resisite a. Mande Li èd. Li kapab bay gras. Li konnen e konprann soupi ki pa kapab pale. Li te fè soupi tou. Le nou Gade Jezi sa va anpeche nou fatige e fayi nan lespri nou.

Lè David te nan gwo detrès, li te ankouraje tèt li nan Senyè a. Pa t’ gen pèsonn lòt pou li te gade. Nanm tout zanmi li yo te tris tou. (Gade 1 Samyèl 30 :3-6). Nou pa dwe eseye pran nan men moun sa ke nou kapab jwenn sèlman nan Kris. Poutan, kèkfwa nou pataje avèk lòt moun e chache sipò e èd. Apot Pòl te di, « Priye pou nou ».

Dezyèmman nou gen responsabilite anvè sila yo ki fatige e dekouraje. Se yonn nan benediksyon lè ou fè pati yon legliz kretyen e yon fwaye kretyen. Mari e madanm, paran e timoun, frè e sè nan legliz la kapab leve bra yonn lòt. Leve bra yonn lòt se yon ministè nou chak kapab angaje nou ladan.

« Ankouraje sa ki yon ti jan frèt yo, ede sa ki fèb yo » (1 Tesalonisyen 5 :4). « Se pou nou yonn ede lòt pote chay yo » (Galat 6 :2). Ede rezoud pwoblèm lòt moun. Pa senpleman panse sou tèt ou. Soutni frè ou. Se pou ou la pou leve li. Remake bezwen yo e enterese ase pou fè kichòy. Pa senpleman di, « Li te dwe konnen » oubyen « Se zafè pa li. Mwen gen ase pwoblèm mwen menm ».

Lè David te kache nan dezè a poutèt wa Sayil, Jonatan te « leve e ale kote David nan bwa a, e li te fòtifye men li nan Bondye ». Jonatan te reyalize ke David te kapab manke fòs e li te sakrifye pwòp tan li pou chache li e ankouraje li nan Senyè a (Gade 1 Samyèl 23  :14-18). Nou gen yon lòt egzanp nan Travay Apot 28 :15. Pòl te nan chenn e li t’ap vwayaje pou ale Wòm. Lè frè yo te tande sa, yo te kite pwòp travay yo e vin rankontre li « jouk nan Mache Apiyis ak nan Kalfou Twa Kafe ». Lè Pòl te wè yo, « Li te di Bondye mèsi e li te pran kouray ». Remake tou temwayaj Pòl nan 2 Korentyen 7  :5,6  : «  Se konsa, depi mwen te rive nan peyi Masedouàn, kè m pat poze menm  : mwen te jwenn traka tout jan. Yon bò mwen te nan gwo diskisyon ak kèk moun, yon lòt bò mwen te pè nan kè mwen. Men, Bondye ki bay moun ki nan lafliksyon yo kouray te ban m kouray lè l te voye Tit vin jwenn mwen ».

Bondye te wè bezwen Pòl e Li te voye yon frè. Eske ou disponib ? Eske ou reponn lè Senyè a pale ave ou tankou mesye sa yo te fè ? Kèkfwa se pa senpleman moun ke nou konsidere ki fèb ke nou bezwen sipòte. David e Pòl te gran mesye, moun espirityèl, lidè. Menm moun ki fò, gen moman feblès pa yo e bezwen sipò lòt moun.

Rezilta Neglijans

« pou pye k’ap bwete a pa foule pi plis ». Neglijans nou kapab gen rezilta nan pèmèt yon lòt moun pèdi chemen li avèk Bondye e avèk legliz la. Sipòte e ankouraje moun ki fèb pou yo pa pèdi chemen syèl la. Nou responsab pou delivrans pèsonèl nou e pou delivrans fanmi nou e manm legliz nou. Si legliz la soufri pèt nanm, se petèt akoz neglijans nou.

Bi A

« okontrè pou li ka geri ». Nou pa sèvi pou pwouve ke yo antò e nou menm nou gen rezon oubyen pou fè yo parèt enferyè pou nou. Nou vle wè frè nou e sè nou e byenneme yo gen viktwa e kontan nan Senyè a, avèk men yo e jenou yo gen antouzyas pou travay Senyè a.

Kisa Mwen Kapab Fè Pou Sipòte e Ankouraje ?

1. Veyatif. Remake sentòm yo. Yon mari dwe remake lè madanm li dekouraje e etensèl nan je li yo pati. Menm bagay la pou paran avèk pitit yo e frè e sè nan legliz la. « De pi bon pase yonn... paske si yonn tonbe, lòt la va ba l men pou l leve » (Eklezyas 4 :9, 10).

Kèkfwa nou tèlman okipe avèk pwòp pwoblèm pa nou ke nou manke wè chay lòt moun.

2. Sousye de lòt. « Men tout manm yo pran swen lòt menm jan » (1 Korentyen 12:25). Yon moun ki enterese oubyen ki sousye, fè yon bagay. Jonatan te sousye de David. Tit e frè yo te sousye de Pòl. Sousye gen ladan oubliye tèt ou e sakrifye tèt ou. Yon moun ki vrèman sousye de lòt moun kapab montre sa san anpil pawòl. Kèk kòmantè oubyen kesyon tankou « Kouman sa ye ? » montre enterè e sipò. Apre sa koute e eseye konprann sa lòt moun nan santi oubyen ap fè esperyans. Souvan yon kè ki sousye e yon zòrèy k’ap koute kapab fè mèvèy pou ede moun. Lèt, kat postal, e apèl telefòn se bon mwayen pou manifeste sousi nou, enterè nou e ankourajman.

3. Dirije moun nan direksyon Kris. Jonatan te fòtifye men David nan Bondye. Nou bezwen pran prekosyon pou nou pa itilize vèsè Biblik paspatou. Poutan, kèkfwa nou senpleman bezwen yon moun pou ede nou panse byen. Kòmantè tankou «  Jezi toujou enterese  », «  Jezi toujou sou twòn nan » oubyen « M’ap priye pou ou » pi bon anpil pase « Ou pa dwe santi ou konsa » oubyen « Ki pwoblèm ou  ?  » Moun nan kapab deja twouble akoz santiman yo. Yo pa bezwen plis blam, men yo bezwen direksyon nan kouman pou yo panse

4. Lapriyè. «  Pyè te anba gwo siveyans nan prizon an. Men, manm legliz yo t’ap lapriyè Bondye pou li san rete » (Travay Apot 12 :5). Men yon kongregasyon ki te enterese e ki te sensèman lapriyè pou yonn nan manm li yo ki te nan traka. Kek Bagay te kòmanse rive. Chenn lesklavaj te tonbe, pòt prizon te louvri e yon delivrans mirakile te fèt.

Non sèlman nou dwe lapriyè men lapriyè avèk sila yo ki bezwen ankourajman e sipò. Mari, lapriyè avèk madanm ou ; paran, lapriyè avèk pitit ou ; frè lapriyè avèk frè ou. Lapriyè moun k’ap viv dwat devan Bondye gen anpil pouvwa.

Ala yon jwa pou wè moun ki te fatige e dekouraje kounyeya ki vin okipe, plen enèji e antouzyas konsènan lavi e bagay Senyè a.

- Atik sa a soti nan The Christian Contender

Search

Resources

English

An unhandled error has occurred. Reload 🗙

Rejoining the server...

Rejoin failed... trying again in seconds.

Failed to rejoin.
Please retry or reload the page.

The session has been paused by the server.

Failed to resume the session.
Please retry or reload the page.