Anabaptist Resources Logo

Plan Bondye a Pou Lavi Entim (Seksyèl)

Mark Yoder

Publicadora La Merced | Mar 02, 2026

Summary

Lemonn modèn lan malad. Malgre tout pwogrè ki fèt nan lasyans ak nan teknoloji, lòm ap viv tankou yon moun yo bat, tankou yon sòlda ki deja pèdi batay.

Short Article

Lemonn modèn lan malad. Malgre tout pwogrè ki fèt nan lasyans ak nan teknoloji, lòm ap viv tankou yon moun yo bat, tankou yon sòlda ki deja pèdi batay. Sa m’ap di la a jwenn konfimasyon nan yon pawòl yon pwofesè te pataje avèk mwen yon lè. Li te fristre. Li t’ap pale sou kijan yo te fè anpil efò nan lekòl li a (yon lekòl ki pa Kretyen) pou yo fòtifye timoun yo avèk anpil ansèyman imanis, men malgre sa timoun yo t’ap vin pi mal dejouwanjou. Malgre tout liks modèn n’ap jwi aktyèlman, moun pa twouve satisfaksyon pèsonèl. Dejouwanjou, sanble moun vin pi dekouraje ak lavi a. Yo santi yo pa itil anyen. Yo pa satisfè. Pase pou nou wè plis satisfaksyon, sa nou wè se plis pwoblèm alkòl, plis pwoblèm dwòg, plis vyolans, epi plis moun ki rive touye tèt yo.

Yon kote pwoblèm sa parèt aklè se nan lavi seksyèl moun. Nan sosyete modèn lan, genyen reklam agòch adwat pou plezi seksyèl. Yo pa kache sijè sa ditou. Bagay yo parèt tout kote ou voye je ou. Men kijan sa ye : si ou ta ale nan yon izin kote yo fabrike machin, w’ap wè machin tout koulè… wouj, nwa, blan, ble, gri, krèm… Se ou ki pou chwazi sa ou pito. Enben, nan kilti modèn lan yo genyen yon pakèt preferans ak espresyon seksyèl lemonn ap ofri moun. Yo divès. Konsa, genyen moun ki gade maryaj selon Bondye avèk move je. Yo di li limite yo twòp. Yo di yo prefere lib pou fè esperyans selon pwòp preferans yo epi pwòp dezi yo. Malerezman, yo pa janm rive twouve satisfaksyon seksyèl. Chak jou nou tande maryaj k’ap kraze. Pifò maryaj ki fèt fini mal yon jou. Yo pa reyisi. Moun yo pa rete fidèl. Chak jou genyen mwens relasyon ki reyisi sou kèsyon fè moun jwenn sa y’ap chache, ki se renmen. Sa vle di, dejouwanjou moun yo vin pi mal pou jwenn menm bagay yo di y’ap chache pi rèd. Men poukisa ?

Sa rive konsa paske moun pa okipe enstriksyon yo ki sòti nan Bondye, Kreyatè nou an. Moun pa dakò swiv lòd Sila ki te kreye nou an. Si yo ta swiv li, li ta yon benefis pou yo. Yo t’ap jwenn bon jan libète. Men yo pa konprann sa. Se menm jan avèk prensip yo ki mache ak yon telefòn ou fèk achte. Si ou swiv prensip yo nan jan ou chaje telefòn lan anvan ou sèvi avè l’, w’ap jwi benefis. Refize enstriksyon yo, epi se ou k’ap soufri. Konsa tou, depi nou swiv lòd Bondye ban nou yo, se nou ki benefisye. Anpil moun pale fò pou yo defann libète seksyèl pou tout moun. Yo di se pou chak moun fè sa l’ pi pito. Yo poko konsidere pakèt dezas nou deja ap wè nan mond modèn lan.

Kisa ki plan Bondye pou seksyalite nou ? Poukisa Li te kreye nou avèk seksyalite lakay nou ?

Plan Bondye a Devwale Imaj Bondye Avèk Glwa Bondye

Nan premye chapit la nan Bib la, nou wè kijan Bondye te kreye lòm avèk kapasite seksyèl, epi nou wè poukisa. Nan Jenèz 1.26–28, nou wè Bondye te planifye pou lòm posede imaj Bondye a ansanm ak glwa Bondye a. Bagay sa yo tapral vizib pandan lòm t’ap viv lavi li. Avèk menm objèktif sa a, Bondye te kreye lòm nan de (2) kategori : gason ak fi. Nan chapit 2, nou wè kijan toude te fè yon sèl (Ou ka gade Matye 19.5 tou). Selon plan Bondye a nan kreyasyon an, relasyon gason ak fi kreye yon inyon ki vrèman bèl, epi ki espesyal. Nan Jenèz 1.31 Bondye deklare se yon bagay ki bon nèt. Jouk jounen jodi a, relasyon gason ak fi nan maryaj rete yon bagay ki espesyal epi ki vrèman bèl. Se plan Kreyatè a. Selon plan Bondye a, gason an ak fi a chak kite lakay yo pou yo fòme yon inyon nouvo. Ala saj Bondye te saj dèske Li te kreye yon bagay ki osi espesyal epi ki san parèy konsa ! Piga pèsonn twonpe tèt li : sa Bondye te kreye a se bagay ki pwòp, ki bèl, ki bon. Entimite seksyèl andedan maryaj se yon fason inik nou kapab remake imaj Bondye avèk glwa Bondye.

Plan Bondye a Satisfè Bezwen Moun

Bib la konfime lè de (2) moun ki marye patisipe nan relasyon seksyèl ansanm, sa bon. Bib la fè nou konnen relasyon sa a reponn ak bezwen fizik epi bezwen emosyonèl toude moun yo. Anplis, Bib la montre nou se plan sa ki egziste pou lòm fè pitit. Nan Jenèz 1.28 Bondye bay lòm lòd pou l’ fè pitit, pou li ranpli tè a. Nan Pwovèb 18.22, men sa nou li : « Lè yon nonm jwenn yon bon madanm, se yon bon bagay… » Pwovèb 5.18–19 fè nou konnen Bondye vle pou gason yo fè kè yo kontan ak madanm yo, pou yo pran plezi yo ak madanm yo renmen depi lè yo te jenn lan. Nou wè ankò kijan Bondye egzije relasyon seksyèl nan mitan moun ki marye nan 1 Korent 7.3–5. Liv Kantik De Kantik montre nou kè Bondye annegad relasyon entim ant yon gason ak madanm li. Bondye pa sèlman dakò, Li egzije l’ !

Bib la pale kare kare sou seksyalite andeyò plan Bondye a. Bib la kondane li kòm bagay ki mechan, ki sal, ki pèvèti, ki detwi moun.

Plan Bondye a Fè Pwovizyon Pou Yon Sèl Gason Ak Yon Sèl Fi

Depi Bondye te pale sou yon gason ak yon fi ki fè yon sèl chè, se klè Li vle di maryaj se yon relasyon pou de (2) moun ase. Bondye pa t’ planifye pou se twa (3) moun ki fè yon sèl. Relasyon maryaj la kapab egziste sèlman ant yon gason epi yon fi. Depi yon twazyèm moun mele nan inyon sa a, genyen domaj konsekan ki fèt. Jezi te di konsa : « Konsa, yo pa de (2) ankò, men yo fè yon sèl kò. Se poutèt sa, pèsonn moun pa gen dwa separe sa Bondye mete ansanm » (Matye 19.6).

Relasyon ki egziste ant de (2) moun ki marye mache pwòch avèk prensip fidelite, lwayote, ak moralite. Li reflete relasyon Kris la anvi jwi ansanm avèk legliz Li a. Depi yon moun deyò mete pye l’ nan relasyon an, sa deja detwi bèl prensip sa yo nan mitan mesye a ak madanm li. Li tache imaj Bondye a ki t’ap reflete nan relasyon an tou. Apre sa, li kreye yon relasyon ki fo, epi ki pèvèti. Poukisa ? Paske selon plan Kreyatè a relasyon entim sa a se bagay ou viv ak yon sèl moun. Li prive. Depi yon moun eseye detounen plan Bondye a pou fè l’ mache yon lòt jan, li deja ap soufri konsekans grav.

Plan Bondye a egzije relasyon entim sa a se bagay ki egziste ant yon gason ak yon fi. Nenpòt relasyon seksyèl ant de (2) gason oubyen ant de (2) fi, se yon pèvèsyon li ye. Li deyò plan Bondye a. Jan kò gason an fèt epi jan kò fi a fèt konfime pou nou se relasyon gason ak fi Bondye te planifye pou kreyasyon Li a.

Plan Bondye a Egzije Inyon Pou Tout Lavi

Relasyon maryaj la se yon relasyon ki egzije fidelite lakay toude moun yo pandan tout rès lavi yo. Depi yo mare ansanm nan alyans maryaj la, inyon sa a pa kapab kraze. Sila yo ki eseye kraze maryaj, yo lakòz anpil domaj ak anpil doulè. Se Bondye menm ki etabli prensip la : Depi de (2) moun fin mete tèt yo ansanm nan maryaj, yo pa kapab defè inyon sa a pou yo al kòmanse avèk yon lòt moun ankò. Okenn jij, okenn avoka, okenn lwa lòm ekri pa gen otorite pou separe sa Bondye te mete ansanm (Women 7.3 ; Matye 19.6).

Bagay Ki Deyò Plan Bondye a

Tout relasyon seksyèl ki fèt deyò plan Bondye a se bagay ki fè domaj, ki entèdi, epi se peche yo tout ye. Egzanp se plasaj, remarye pandan premye patnè a vivan toujou, plizyè madanm, epi sèks lib—san okenn angajman. Tout bagay sa yo tòde plan Bondye a. Yo klase kòm adiltè epi dezòd lachè. Donk, se peche yo ye. Bat laponyèt epi sèks avèk bèt se pèvèsyon ki sòti nan lògèy. Yo pa sòti nan imaj Kreyatè a ni nan glwa Li.

Bondye ban nou yon avètisman nan Kolòs 3.5–6 : « Se poutèt sa, se pou nou detwi nan nou tou sa ki sòti nan lemonn tankou: imoralite, malpwòpte, move dezi, move lanvi, renmen lajan (ki menm jan ak sèvi zidòl). Se tout bagay sa yo ki fè kòlè Bondye tonbe sou moun ki derefize obeyi li. » Efezyen 5.3,5–6 di konsa : « Paske nou se pèp Bondye a, sa pa bon pou nou menm louvri bouch nou pale sou dezòd lachè, sou bagay ki sal ak vye dezi… Paske, konnen sa byen : okenn moun ki nan dezòd lachè, osinon ki nan lenkondwit, osinon ki renmen lajan (moun konsa se tankou moun k’ap sèvi zidòl), okenn nan moun sa yo p’ap gen pòsyon eritaj nan peyi kote Bondye ak Kris la wa a. Pa kite pèsonn twonpe nou ak pawòl san sans yo: se poutèt bagay sa yo menm kòlè Bondye tonbe sou moun ki refize obeyi l’ yo. »

Relasyon entim (seksyèl) nan mitan de (2) gason osinon de (2) fi se peche. Bondye kondane relasyon sa yo kòm bagay ki pèvèti, ki kont lanati. Pòl klase dezi sa yo kòm dezi ki dezonore moun. Se derayman. (Women 1.27, BIB KREYÒL LA). Relasyon omoseksyèl sòti nan yon dezi pou plezi pèsonèl ki deyò plan Bondye a. Se relasyon ki pa ka fè pitit yo ye, epi yo opoze ak relasyon gason ak fi.

Women 1.26–27 di konsa : « Se poutèt sa, Bondye kite yo fè sa yo pito. Men, se sa k’ap avili yo tou : fanm pa vle sèvi ak kò yo jan yo dwe; yo pito fè sa ki pa bon. Se konsa tou, gason derefize sèvi ak fanm jan sa te dwe fèt. Yo pran dife youn pou lòt: gason fè malpwòpte ak gason parèy yo. Yo pèdi tèt yo nèt. Men tou, yo resevwa nan kò yo pinisyon yo merite a. »

Bondye pa kache sa ki bon ak sa ki pa bon sou afè seksyalite. Li mete nou klè, epi li ensiste sou estanda Li detaye yo. Fòk nou swiv yo. Li avèti nou sou kisa ki pral vini pou sila yo ki pratike bagay kwochi yo : « Men, pou moun ki lach yo, moun ki pa kenbe pawòl yo, ansasen yo, bann moun deprave yo (moun imoral), moun k’ap fè maji yo, moun k’ap adore zidòl ansanm ak moun k’ap bay manti, plas yo se nan letan dife ak souf k’ap boule a yo ye. Se sa yo rele dezyèm lanmò a » (Revelasyon 21.8).

Kijan Nou Dwe Aji Devan Bagay Kwochi Ki Nan Sosyete Modèn Yo ?

Nou pa kapab touye je n’ pou n’ di sosyete modèn lan pa debòde ak bagay ki deyò plan Bondye a pou seksyalite. Se bagay sal menm sosyete modèn lan pran plezi preche. Kijan Kretyen an dwe reyaji devan dosye sa yo ? Èske Kretyen an sipoze pa gen bonjou ak moun ki mare nan peche sa yo ? Èske nou dwe gade yo anba ? Èske nou dwe apwouve aksyon yo epi asepte moun yo jan yo ye a ? Anpil vwa ap pale pou fè Kretyen an asepte kalite konpòtman sa yo kòmsi li pa anyen.

Pawòl Bondye a pale klè sou kijan nou dwe aji devan peche epi devan pechè. Nou deja wè nou anba obligasyon pou n’ touye peche sa yo ansanm ak tandans sa yo lakay nou. Se bagay ki pa dwe prezan nan mitan nou ditou ditou. Apòt Pòl te ban nou yon egzijans nan 2 Korent 6.17 : « Se poutèt sa, Bondye te di nou : Sòti nan mitan moun sa yo. Pa mele ak yo. Pa manyen anyen nou pa dwe manyen. Lè sa a, Mwen menm, M’a resevwa nou. » Pi devan li di konsa : « …Ann kenbe kò nou ak nanm nou nan kondisyon pou n’ sèvi Bondye ! Ann voye tout bagay ki ka wete nou nan kondisyon sa a jete ! Ann chache viv apa pou Bondye ! Ann viv nan krentif Li ! » (2 Korent 7.1).

Men, Bib la anseye nou pou n’ demontre Lespri Kris anvè sila yo ki mare nan peche sa yo. Nou vle demontre amou anvè moun ki ap viv kalite vi sa yo. Nou vle yo wè kè Jezi a. Jezi te vini sou latè kòm yon doktè pou ede maladi yo, pou geri blese yo. Li te zanmi ak pechè (Matye 11.19). Jezi pa t’ janm apwouve okenn peche, men Li te renmen sila yo ki te antere nan bagay kwochi. Li pa t’ janm pale lèd avèk pechè yo. Li pa t’ rayi yo.

Menm jan ak Jezi, nou dwe renmen pechè yo epi montre yo nou vle ede yo. Ni moun ki nan adiltè, ni moun ki vòlè, ni moun ki touye moun, ni moun ki nan omoseksyalite, yo tout dwe santi nou renmen yo kòm moun Bondye te kreye. Fòk yo konnen nou pa rechte yo. Se pou yo konprann nou anvi ede yo chape nan peche avèk èd Kris la. Nou posede yon mesaj espwa pou chak moun ki nan peche. Jezi ofri padon. Li ofri netwayaj. Li ofri nouvo vi. Li ofri amou. Epi legliz Jezi a asepte moun poutèt travay Jezi ap fè nan lavi yo.

Search

Resources

English

An unhandled error has occurred. Reload 🗙

Rejoining the server...

Rejoin failed... trying again in seconds.

Failed to rejoin.
Please retry or reload the page.

The session has been paused by the server.

Failed to resume the session.
Please retry or reload the page.