Anabaptist Resources Logo

Nouvo Tolerans

Eugenio Heisey

Publicadora La Merced | Feb 25, 2026

Summary

Jezi te entwodwi yon nouvo tolerans nan mitan pèp Jwif la. Senyè a te dakò chita manje ansanm ak pèseptè kontribisyon—yon bagay Jwif yo pa t’ap asepte fè. Pa kont, jounen jodi a gen yon kalite tolerans Jezi pa t’ap asepte.

Short Article

Jezi te entwodwi yon nouvo tolerans nan mitan pèp Jwif la. Senyè a te dakò chita manje ansanm ak pèseptè kontribisyon—yon bagay Jwif yo pa t’ap asepte fè. Li te kanpe pale ak moun peyi Samari—yon pèp Jwif yo te gade ak move je alepòk. Epi, lè douz (12) disip yo te vle anpeche lòt moun travay nan non Jezi, Jezi te repwoche yo ak pawòl sa a : « Moun ki pa kont ou, se moun pa ou li ye » (Lik 9.50). Se konsa Pitit Gason Bondye a te ye. Li te poze men Li sou moun ki te genyen lalèp. Li te touche malad yo (menm fi yo tou), epi Li te geri yo menmsi se te yon jou Saba li te ye ; tout bagay sa yo te kont prensip Farizyen yo. Kalite tolerans sa a sòti nan renmen. Li sòti nan gras Bondye. Li te manifeste nan ministè Jezi Kris la.

Pa kont, jounen jodi a gen yon kalite tolerans Jezi pa t’ap asepte. Tolerans sa a se yon akò ant verite biblik ak presyon kilti modèn lan. Se yon mouvman kote moun ap eseye fè chanjman nan lafwa kretyen an pou fòse l’ mache ak filozofi epòk la. Nan nouvo tolerans sa a, moun yo eseye mete etik legliz la pi « alamòd. » Yo eseye fè pratik legliz la tonbe daplon avèk vye lespri epòk modèn lan ki deja sede devan lènmi an. Bib la pale sou sa nan Pwovèb 16.25 kote li di : « Chemen ou kwè ki bon an, se li ki mennen ou tou dwat nan lanmò. » Se pa tout wout ki mennen menm kote. Pou eseye jistifye yon bagay, ou pa kapab di : « Li bon paske tout moun ap fè li. » Presyon sosyete a pa kapab detèmine ni lafwa legliz Kris la, ni pratik legliz Kris la. Se sou tolerans sa a kote moun asepte lide imanis nou pral pale nan atik sa a.

Nouvo tolerans sa a sòti nan yon mouvman global. Menm nan mitan legliz yo gen yon dezi pou kite doktrin dèyè. Yo di doktrin se bagay ki mete moun dozado. Men mwen vle poze yon kesyon : « Èske se doktrin biblik ki divize moun, osinon èske se opinyon lòm avèk lògèy lòm ki divize moun ? » Men yon dezyèm kesyon : « Pami tout moun sa yo ki deside lese tèl doktrin, kisa ki va ini yo ansanm ? Si se doktrin ki mete moun dozado vre, kisa ki mare yo ansanm ? »

Nou tande moun deklare divèsite seksyèl se pa peche li ye ; yo di genyen moun ki « oryante » yon lòt jan, epi tout moun dwe tolere diferans sa yo. Menm atitid tolerans sa a parèt anpil lòt kote nan relijyon jounen jodi a. Yon filozofi ki rele inivèsalis deklare : « Bondye se papa a, epi tout moun nèt se frè ak sè nou ye. » Yo fè konnen Bondye se Papa tout moun sou latè epi chak grenn moun k’ap viv fè pati « legliz envizib epi kosmopolit la. » Se klè, nan yon sosyete konsa, pa genyen okenn otorite final. Deklarasyon Bondye yo pa vle di anyen pou yo. Anyen pa absoli. Anyen pa sèten epi vre pou toutan. Men, ann di Bondye mèsi dèske genyen legliz ki kanpe fèm sou verite a. Yo se « vil ki bati sou yon mòn. » Yo se « limyè lemonn. » Legliz peleren an kontinye mache annavan nan mitan tout desepsyon sa yo ak nan mitan tout konfizyon sa yo.

« Lese grennen » sa a pa afekte afè legliz sèlman. Li afekte sosyete a tout antye. Li afekte fwaye yo. « Tout bagay bon. » « Depi li fè ou byen, kontinye fè l’. » Timoun ki lakay paran yo kòmanse etabli pwòp « regleman » pa yo. Paran sede devan « nouvo tolerans » lan. Men Bib la di konsa : « Timoun yo kite fè sa yo pito gen pou fè manman yo wont » (Pwovèb 29.15). Se konsa li ye vre. Sosyete nou tèt anba, se paske pa gen otorite nan fwaye yo, epi yon mank otorite nan fwaye yo fè nou pa gen otorite nan kominote yo nonplis. Epi nouvo tolerans lan pa rete la. Li ale pi lwen toujou. Nenpòt estil te mèt parèt epi tout moun asepte l’ jan li ye a. Swa nou dakò oswa nou pa dakò, nou anba presyon pou n’ asepte li jan li ye a. Jounen jodi a w’ap wè moun ki genyen cheve koulè vè osinon cheve koulè ble. W’ap wè tatou sou kò moun. W’ap wè moun ki pèse zòrèy, pèse nen, pèse nenpòt kote. Lèfini, sosyete a pèmèt moun mache ak kò yo deyò pi plis chak jou.

Bib la se Pawòl Bondye Li ye. Estanda diven yo pa janm chanje malgre nouvo tolerans lan kontinye ap grandi.

Ann pran yon teren foutbòl kòm ilistrasyon. Genyen liy blanch atè ki make limit teren an. Si yon ekip ap mennen balon an, epi si balon an sòti deyò liy sa yo, jwèt la kanpe epi lòt ekip la jwenn balon an. Pou yon ekip fè yon gòl, fòk balon an travèse yon liy pou antre anndan kan an. Koulye a, nouvo tolerans lan se kòmsi yo vle make teren an avèk yon seri liy ki fèt avèk elastik. Se pou liy yo deplase tanzantan. Nan ka sa a, si balon an nan wout pou li sòti deyò, liy lan dwe avanse paske liy lan pa fiks atè a. Se konsa, ekip k’ap mennen balon an ka kontinye mennen l’ jan li vle, kote li vle. Selon filozofi sa a, poto kan yo pa dwe rete yon sèl kote. Depi mwen anvi fè yon gòl, poto kan yo ta dwe deplase ouvri pi laj pou resevwa balon mwen te choute a. Men, kilès moun ki t’ap enterese jwe yon match nan yon kondisyon konsa ? Anyen pa t’ap mache byen. Mwen ta kòmanse fè sa m’ pito sou teren an. Pèsonn pa t’ap ka di m’ anyen. Mwen pa t’ap okipe okenn moun. Tout moun t’ap oblije tolere nenpòt grimas mwen fè devan yo. Sa se rezilta nouvo tolerans lan. Depi yon moun vle viv selon opinyon pa li yo pandan li anvi jwenn aplodisman Jezi ak legliz Jezi Kris la, li sanble ak yon moun k’ap jwe yon match san okenn prensip fiks. Nou konnen bagay konsa pa posib. Nouvo tolerans lan se pa yon bagay nouvo li ye vre. Se toujou menm vye rebelyon an. Men jodi a, se prèske tout sosyete a k’ap degrengole. Epi se reyalite sa a ki mete legliz la an danje.

Ann pran yon lòt aspè ki prezan nan nouvo tolerans lan. Sosyete yo dakò jodi a pou moun esprime seksyalite nenpòt kijan. Si yon gason ta renmen pou li devni yon fi pito, sosyete a dakò. Filozofi tolerans sa a kanpe pou di tout moun genyen menm « dwa. » Timoun genyen dwa tou pou fè sa yo vle. Men, genyen yon pwoblèm ki parèt. Sanble tolerans lan pa rive tout kote vre. Lè yon vrè kretyen vle viv selon lafwa biblik toutbon, tolerans lan fini. Men yon egzanp k’ap pase aktyèlman Ozetazini : Genyen biznis ki prepare gato maryaj. Si mèt biznis sa a se yon Kretyen, epi si li refize prepare yon gato maryaj pou de (2) gason k’ap swadizan « marye » ansanm, leta a kapab ba li yon seri gwo sanksyon poutèt sa. Konsa tou, yon biznis gen dwa revoke yon anplwaye dèske anplwaye a priye kote li travay la. Genyen kèk kote Dis (10) Kòmandman yo te plake an piblik epi leta a fè moun yo retire l’ pou moun pa oblije wè yo. Genyen kote ou pa ka antre nan yon lekòl piblik avèk yon Bib nan men ou. Donk, tolerans pa rete tolerans pou tout moun. Se yon tolerans patipri li ye. Li ouvri pòt la pi plis pou sila yo k’ap viv nan dezobeyisans devan Pawòl Bondye a.

Èske sosyete nou an jounen jodi a ap avanse menm jan avèk sosyete anpi Women an alepòk ? Nan epòk sa a, moun yo te gen dwa sèvi yon bann dye divès. Sepandan, sila yo ki te kanpe pou di y’ap sèvi Jezi Kris, sosyete a te jete yo swa devan lyon oswa nan dife. Pa t’ gen okenn tolerans pou Kretyen yo. Èske nou va rive la ankò ?

Kisa Bondye di sou nouvo tolerans sa a ? Se Bondye ki te kreye tout bagay. Konsa tou, se Bondye k’ap sanktifye nou. Tout sa Bondye fè demontre lòd, estrikti, ak otorite. Pawòl Li pa janm nan erè, epi Li p’ap janm pase. Lè Bondye t’ap bay Moyiz konsiy pou konstriksyon tabènak la, Bondye te di Moyiz konsa : « Gade byen pou ou ka fè tout bagay dapre modèl Mwen te moutre ou sou mòn lan » (Egzòd 25.40). Regleman Bondye yo sen paske Bondye sen. Kòmandman li yo se pou byennèt pa nou. « Se pou nou mache dapre tout kòmandman ak tout lòd Li yo. Se pou byen nou mwen ban nou yo jodi a » (Detewonòm 10.13). Sa Bib la anseye sou maryaj se pou byennèt pa nou, epi pou byennèt sosyete a. Bondye konnen kilè pou Li di « wi » epi kilè pou Li di « non. » Note byen nan Women chapit 12 kijan genyen anviwon dis (10) egzanp kote Pòl deklare nou pa dwe fè tèl bagay. Se toujou pou byennèt pa nou li di nou sa.

Ann gade sa Jezi di nan Matye 7.21 : « Se pa tout moun k’ap plede di M’ : « Mèt, Mèt, » ki pral antre nan peyi Wa ki nan syèl la, men se sèlman moun ki fè volonte Papa M’ ki nan syèl la. » Ann remake kèk karakteristik nouvo tolerans lan ki parèt nan vèsè 22 : « Lè jou sa a va rive, anpil moun va di M’ : « Mèt, Mèt, se sou non Ou nou t’ap bay mesaj ki sòti nan Bondye a. Se sou non Ou nou te chase move lespri yo. Se sou non Ou nou te fè anpil mirak. » Men nan vèsè 23 nou twouve rezilta a : « Lè sa a, M’a di yo : « Mwen pa t’ janm konnen nou. Wete kò nou sou Mwen, nou menm k’ap fè sa ki mal. »

Nou gentan note de (2) kalite tolerans diferan. Jezi te renmen tout moun. Li pa t’ rechte pèsonn moun, ni poutèt grad moun lan nan sosyete a, ni poutèt kilti moun lan. Li te ofri lavi pa L’ pou Li sove tout moun : Jwif ak payen, gason ak fi, domestik ak moun lib. Li pa t’ gade sou koulè po moun lan, ni sou ran moun lan nan sosyete a, ni sou ki istwa moun lan te genyen nan afè relijyon. Li pa t’ wè bagay sa yo pou anyen. Bòn Nouvèl Jezi Kris la inivèsèl. Sa vle di, nenpòt moun kapab repanti pou peche, resevwa gras, epi viv nan sentete. Se « tolerans » sa a nenpòt Kretyen va asepte epi pratike. Men, yon Kretyen dwe rechte nouvo tolerans lan ki pèmèt lòm devni yon dye pou tèt pa li. Se tolerans sa a ki pa vle mele ak okenn « obeyisans, » okenn « otorite, » okenn « soumisyon, » ni okenn « regleman absoli. » Nouvo tolerans lan se yon atitid ki deklare : « Nou pa vle Nonm sa a pou wa nou » (Lik 19.14). Anmenmtan, nouvo tolerans lan fòse tout moun koube devan nouvo dye a k’ap domine kilti modèn lan. Se tankou estati Nebikadneza te fè bati nan lavil Babilòn lan. Tout moun te oblije koube epi adore estati a pandan mizik la t’ap jwe nan zòrèy yo (se kòmsi mizik la te yon vwal ki te bouch konsyans yo). Poutan, te genyen twa (3) moun ki pa t’ bese.

Se pou Bondye leve yon seri pastè ak tout asanble ki rete fidèl devan verite a, ki refize negosye yon vye kontra avèk yon kilti deprave, men ki dakò obeyi Pawòl Bondye a—menm jan avèk twa (3) jenn Ebre yo.

Search

Resources

English

An unhandled error has occurred. Reload 🗙

Rejoining the server...

Rejoin failed... trying again in seconds.

Failed to rejoin.
Please retry or reload the page.

The session has been paused by the server.

Failed to resume the session.
Please retry or reload the page.