Anabaptist Resources Logo

Se Bondy Li Ye

Ronald Yoder

Publicadora La Merced | Feb 23, 2026

Summary

Sosyete nou an vle fè nou konnen byen ak mal se bagay ki relatif, ki vle di nou pa ka kouri jije lòt yo paske nou tout gen dwa fè sa nou vle fè. Men, èske pa genyen yon seri absoli ki inivèsèl, ki vre tout tan epi tout kote ? Men kesyon an : « Kilès ki deside sa ki mal vre ? »

Short Article

Sosyete A Ap Chanje

Nan dènye detwa jenerasyon sa yo, gen yon gran transfòmasyon ki kontinye ap fèt nan sosyete modèn lan. Si nou gade sa ki enpòtan pou lòm koulye a, ak sa lòm kenbe kòm koutim, nou wè panse moun gentan chanje direksyon. Si nou te ka reprezante chanjman sa yo avèk yon liy ki reprezante direksyon moral sosyete modèn lan, nou ta wè liy sa a ap plonje desann.

Prensip kretyen se bagay sosyete modèn lan vire kite. Yo di n'ap viv nan yon sosyete ki depase « modèn » koulye a. Se « avanse » nou avanse plis. Lide sa yo, ansanm ak lide imanis yo, gentan enfliyanse panse ki nan tèt moun anpil anpil. Jan moun te konprann lavi a nan ane pase yo, se pa konsa yo konprann li ankò.

Sa ta dwe atire atansyon nou, sitou paske Kris te ban nou lòd pou n’ sèvi tankou sèl ak limyè devan lemonn (Matye 5.13–16). Sèl fè manje pi gou. Sèl prezève. Sèl touye mikwòb. Limyè bay direksyon. Limyè pèmèt moun wè epi konprann. Limyè anpeche move pa. Pandan sosyete modèn lan ap mache pi lwen Bondye ansanm ak prensip Li yo, tach Kretyen an vin pi enpòtan. Anmenmtan, tach la vin pi difisil tou.

Jou an jou, genyen plis moun k’ap mennen yon lavi tou vid. Yo vin mal pou resevwa gerizon Jezi vle ofri yo. Men yon egzanp : Kòman nou te kapab konvenk yon moun genyen espwa pou demen si moun lan pa menm kwè mond espirityèl la egziste ? Kòman nou ka ede l’ wè se peche pa li yo ki se sous pwoblèm pa l’ yo, si li pa dakò peche egziste ? Se toutbonvre n’ap viv nan yon epòk tou nèf.

 Kòman Sa Afekte Kretyen An ?

Chanjman sa yo pa sèlman genyen efè sou relasyon nou avèk lemonn kote n’ap viv la. Yo afekte nou pèsonèlman tou. Se yon verite li ye, menmsi nou mal pou asepte l’. Sa vle di, mantalite a ki nan kilti kote n'ap viv la enfliyanse nou. Nou tout gen tandans asepte koutim yo ki nan sosyete kote n'ap viv la. Depi koutim sa yo ap chanje, Kretyen yo sibi enfliyans lan kanmenm. Lè chanjman yo fèt rapid, nou sezi epi nou fasil rekonèt yo pou bagay mal. Men, kòman sa ye apre yon bann tan pase ? Ann pran abiman kòm yon egzanp. 150 ane pase, ou pa t’ap ka jwenn menm yon fanm jennès (ki t’ap eseye sedwi moun) ki t'ap dakò abiye jan moun nan sosyete a dakò pran lari a jounen jodi a. Dèske pa genyen anpil diferans ant abiman lemonn ak abiman ki swadizan kretyen jodi a, ki mesaj n’ap bay ? Èske se posib pou Kretyen jounen jodi a abiye kò yo pi mal pase jennès lontan yo ? Kisa ki rive konsa ? Se pa t’ yon chanjman ki te fèt rapid. Chanjman sa a te fèt tipatipa. Souvan legliz yo te sou chòk lè yon nouvo estil te antre. Men apre yon bon tan te fin pase, legliz la te vin adopte menm koutim lan. Legliz yo te vin abitye avè l’ jouk li pa t’ menm wè l’ pou anyen ankò.

Koulye a, lè chanjman yo se chanjman ki sibtil, li pi difisil toujou pou evite enfliyans lemonn. Souvan nou santi chanjman an pa reprezante yon pa anvè sa ki mal. Li ka menm parèt kòm yon chanjman ki bon. Konsidere ki gwo enpòtans moun mete sou respè ak tolerans jounen jodi a. Sa a se yon chanjman ki pozitif, pa vre ? Se si li fèt byen, li pozitif. Epi nou konsyan genyen gwoup moun ki vrèman konn resevwa move trètman. Sa se yon wont li ye.

Men, ann sonje respè avèk tolerans pa vle di ou oblije aplodi bagay ki pa bon. Chak grenn moun sou latè se yon moun Bondye renmen. Nou dwe aji avèk menm renmen epi menm respè a anvè tout moun. Poutan, yon gwo pati nan legliz modèn lan vle di nou, si nou respekte yon moun, sa vle di nou dwe aplodi tout sa l'ap fè (depi se pa mal l’ap fè lòt moun mal). Èske pozisyon sa a se yon pozisyon ki kòrèk ?

Nan ane ki pase yo, sosyete lwès yo (Ewòp ak Lamerik yo) te baze plizoumwen sou yon fondasyon ki te sòti nan prensip biblik. Pifò moun nan sosyete sa yo te konn ale legliz, epi si ou te mande yo, yo t’ap di se Kretyen yo ye. Konsa, yo te gen respè omwen pou kèk bagay ki nan Bib la. Yo pa t’ap travay jou Dimanch. Yo te marye pou lavi. Yo te dakò fòk moun travay pou yo jwenn manje. Yo te wè enpòtans fanmi an. Te genyen lòt prensip moun yo te fasil asepte toujou.

Koulye a, nou bezwen pale byen klè. Lè n’ di sa nou di la a, sa pa vle di sosyete sa yo t’ap swiv Bondye pou sa. Se pa sa n’ap di. Men, nou vle montre ou te genyen yon respè kanmenm pou Bib la an jeneral. Sosyete lwès yo te toujou genyen vye bagay tankou rasis, adorasyon lajan, vye trètman anvè tèl gwoup moun, elatriye.

Nan anviwònman sa a, li te vrèman fasil pou yon moun pwofese lafwa kretyen epi preche Pawòl Bondye a. Tout moun t’ap dakò avè ou. Omwen, yo te gen krentif pou Bib la kòm otorite sou lavi moun.

Jounen jodi a, tout bagay sa yo ap chanje rapidman. Li pa aseptab ankò nan sosyete modèn lan pou ou itilize Bib la kòm yon sous pou etabli sa ki bon pou eseye di sa moun ta dwe fè. Anpil moun gade relijyon kòm bagay ki pa lojik. Yo di li pa mache ak lasyans. Konsa, yo tou gade Kretyen mal—tankou moun yo pa ka fin konfye.

Kòman Nou Ka Fè Fas Avèk Sa N’ap Wè Devan Nou ?

Kijan pou n’ reyaji devan kalite bagay sa yo ? Kòman nou ka ranpli misyon Bondye ban nou an ?

Nou dwe sonje lemonn pa janm soumèt devan Bondye—se yon wayòm apa li ye. « Nou konnen nou se moun Bondye. Men, tou sa ki sou latè anba pouvwa Satan » (1 Jan 5.19). « Moun k’ap viv dapre sa lèzòm jwenn nan kò yo, se yon sèl bagay ki nan tèt yo : se egzijans kò a. Men, moun k’ap viv dapre Lespri Bondye a, se yon sèl bagay ki nan tèt yo : se egzijans Lespri a. 6Lè ou kite egzijans kò a pran tèt ou, se mouri w’ap mouri. Men, lè ou kite egzijans Lespri a pran tèt ou, se viv w’ap viv ak kè poze. 7Poukisa ? Paske, lè egzijans kò a fin pran tèt yon moun, li pa vle wè Bondye ankò, li p’ap soumèt devan lalwa Bondye a, li p’ap ka soumèt menm. 8Moun ki soumèt devan egzijans kò yo pa kapab fè Bondye plezi. 9…Si yon moun pa gen Lespri Kris la nan li, li pa pou Kris la » (Women 8.5–9). Nou pa dwe sezi lè lemonn vire do bay Bondye. Yo swiv lènmi an, epi konsa yo va chache sa ki kontrè avèk sa Senyè a egzije lakay yo.

Nou menm Kretyen, nou pa moun tè sa a ; nou genyen yon lòt Wa epi yon lòt peyi. « Men nou menm, nou se sitwayen peyi ki nan syèl la. Se tann n’ap tann Delivrans nou, Jezikri, Senyè a, ki gen pou desann sot nan syèl la » (Filipyen 3.20). Wa pa nou an rele nou pou n’ swiv lalwa pa Li a. Pou n’ ka konnen volonte Li, epi pou n’ ka konnen sa ki vre nan mitan tout sa yo vle mete devan nou, fòk nou konnen Bondye, Papa nou an (Gade Jan 16.3.Ou va wè si nou pa konnen Bondye, se pa moun Kris la nou ye).

Bondye : Kilès Li Ye, Epi Kòman Li Ye ?

Bondye fè lòm konnen Li. Li fè sa an gwo pamwayen Bib la. Ann gade :

  1. Dabò, Bondye se Kreyatè tout bagay. « Nan kòmansman, Bondye kreye syèl la ak latè a » (Jenèz 1.1) (Gade Jenèz chapit 1 ak chapit 2 nèt). Pasaj sa yo montre nou Bondye se sèl otorite a sou tout bagay ki egziste. Li gen dwa di nou kòman nou dwe viv. Se poutèt sa, sa nou kwè konsènan orijin nou se bagay ki vrèman enpòtan. Si se chans ki fè nou la a, epi se sòti nou te sòti nan yon bann reyaksyon chimik atravè yon pakèt tan, enben, nou pa ta gen rezon pou n’ obeyi Bondye. Poutan, si nou se kreyasyon espesyal Bondye, otomatikman sa vle di Li gen otorite sou lavi nou.
  2. Bondye omnipotan. « Bondye di l’ ankò : Se mwen menm Bondye ki gen tout pouvwa a… » (Jenèz 35.11). Bondye genyen tout pouvwa. Se Li menm ki kenbe tout bagay nan plas yo (Ebre 1.3 ; Travay 17.28). San Bondye, nou pa ka fè anyen (Jan 15.15). Nou bezwen Bondye pou n’ fè sa Li mande nou fè (Filipyen 2.13). Lè n’ gade de (2) premye pwen sa yo, kisa nou ka di ? Èske nou pa dwe wont pou rebelyon nou konn santi lakay nou kont kòmandman Li yo ? Epi, malgre Bondye toupisan, epi malgre Li se otorite nou, Li te chwazi kreye nou ak yon volonte (gade Jenèz 2.16–17). Bondye pèmèt moun deside si yo vle obeyi Li, osinon si yo vle dezobeyi Li. Sa a se yon prèv amou Li gen pou nou.
  3. Bondye tout kote. « Si m’ vole ale bò kote solèy leve, osinon si m’ al rete bò lòt bò lanmè, l’a ankò, W’ap toujou la pou mennen m’, W’ap la pou pwoteje m’ » (Sòm 139.9–10). Bondye se Lespri (Jan 4.24), epi Li pa gen limit tankou lòm. Li toupatou alafwa. Verite sa a dwe konsole nou : nou pa bezwen pè paske Kreyatè nou an ki toupisan toujou la bò kote nou. Verite sa a dwe fè nou pè tou : Li wè tout sa n'ap fè. Depi nou dezobeyi, Li konnen.
  4. Bondye omnisyan. « Senyè, Ou sonde m’, Ou konnen ki moun mwen ye. Ou konnen lè m’ chita, Ou konnen lè m’ kanpe. Ou rete byen lwen, Ou konnen tou sa k’ap pase nan tèt mwen. Mwen te mèt ap mache, mwen te mèt kouche, Ou wè m’, Ou konnen tou sa m’ap fè. 4Mwen poko menm louvri bouch mwen, Ou gentan konnen tou sa mwen pral di » (Sòm 139.1–4). Bondye konnen tout bagay. Nou pa ka kache anyen pou Li.
  5. Bondye sen. « Paske, men sa ki ekri nan Liv la : Se pou nou bon nèt, paske Mwen menm, Mwen bon nèt » (1 Pyè 1.16) (Gade Levitik 11.44 tou). Bondye sen se vre, men Li egzije nou pou nou sen tou. Matye 5.48 repete ankò kijan Bondye bon nèt. Ann gade kèk lòt aspè nan sentete Bondye a :
  6. Men sa Bib la di nou nan Efezyen 5.9 « Paske, limyè a fè moun fè bagay ki bon, bagay ki dwat ak bagay ki vre. » Tout sa Bondye fè se bagay ki dwat. Pa gen okenn dout lakay Li. Nou pa kapab wè Bondye si nou pa mache nan sentete (Ebre 11.24, mo grèk la pale sou pwòpte, sou sanktifikasyon). Bondye pa asepte anyen ki move osinon ki sal nan prezans Li (Efezyen 5.5).
  7. Pa gen manti lakay Bondye. « Bondye pa janm manti » (Tit 1.2). Bondye se verite Li ye (Jan 14.6). Nou wè sa ankò nan jan Li egzije nou pou n’ pa fè sèman (Matye 5.33–37) ; depi nou tante fè plis pase yon senp ti « wi/non » pou konvenk moun n’ap bay verite, sa vle di nou pa konn bay verite nan lòt okazyon, epi sa pa dwat.
  8. Sa se yon lòt kalite ankò ki klè nan karaktè Bondye a. « Bondye se renmen menm » (1 Jan 4.8). Men, se yon kalite moun fasil mal konprann. Souvan nou tande moun ki di konsa : « Bondye p’ap pini m’ paske Bondye se renmen, epi Li vle pou m’ kontan. » Men, renmen toutbon an toujou ap chache byennèt lòt la. Yon egzanp se papa ak pitit : yon papa ki renmen pitit gason l’ p’ap dakò pou pitit la jwe ak bagay k’ap blese li, menmsi timoun lan pete kriye poutèt sa. Èske ou pral di papa sa a pa renmen pitit li dèske li fè l' kriye ? Yon bon papa toujou korije pitit gason l’ lè l' fè mal. San dout, timoun lan p’ap renmen koreksyon an, men èske sa vle di papa a pa renmen pitit la dèske li pini pitit li ? Okontrè, koreksyon ak pinisyon se yon pi gwo siy renmen li ye.
  9. Mizèrikòd. Bondye di nou Li gen mizèrikòd. « Senyè a pase devan Moyiz, Li pale byen fò, Li di : « Senyè a, Senyè a se yon Bondye ki gen pitye pou moun, yon Bondye ki gen bon kè. Li pa fè kòlè fasil, Li p’ap janm sispann renmen, L’ap toujou kenbe pawòl Li. L’ap kenbe pwomès Li pou tout tan jouk sou 1 000 jenerasyon, de pitit an pitit. L’ap toujou padonnen sa nou fè ki mal, sa nou te dwe fè nou pa fè, ak peche nou yo. Men, Li pa nan kase fèy kouvri sa. Lè yon moun fè yon peche, L’ap pini pitit li yo, pitit pitit li yo ak pitit pitit pitit li yo pou sa li fè a, jouk sou twazyèm ak katriyèm jenerasyon » (Egzòd 34.6–7). Bondye pa aji avèk nou jan nou ta merite l’ pou mwal nou fè yo (Sòm 103.10). Men, annou sonje byen, mizèrikòd Bondye a pa anile jistis Bondye a ; Bib la fè nou konnen Li p’ap deklare koupab yo inosan.

Bagay Ki Absoli, Ki Pa Ka Negosye

Sosyete nou an vle fè nou konnen byen ak mal se bagay ki relatif, ki vle di nou pa ka kouri jije lòt yo paske nou tout gen dwa fè sa nou vle fè. Li enpòtan pou n’ konprann byen, si pa gen fondasyon ki absoli, pa gen okenn moralite. Chak moun genyen yon lide nan tèt li sou sa ki bon ak sa ki pa bon. Si tout moun tonbe fè sèlman sa li wè ki bon pou li, san yo pa rann kont kòman sa va ye pou lòt yo, tout bagay nèt vire tèt anba.

Genyen moun ki tèlman adopte bagay relatif sa a, ta sanble yo pran pozisyon kont tout regleman nèt. Yo di pa gen yon grenn regleman ki bon, ki gen rezon. Poutan, menm moun sa yo genyen kèk règ y'ap swiv. Yo p’ap dakò pou yon moun annik leve al touye yon lòt moun ki inosan. Menmsi yo pa vle asepte prensip absoli, prèske tout moun genyen bagay yo konsidere kòm mal. Men kesyon an : « Kilès ki deside sa ki mal vre ? »

Souvan nou tande moun ki di : « Si ou renmen l’, fè l’, depi ou pa deranje lòt moun. » Men fòk nou defini kilès ki deside sa ki deranje lòt moun ak sa ki inosan vre. Kilès ki deside kilès regleman nou va swiv pou sa ? Genyen moun ki di se sosyete a ki pou etabli prensip yo. Genyen moun ki di chak moun dwe etabli pwòp prensip pa li yo. Men, èske pa genyen yon seri absoli ki inivèsèl, ki vre tout tan epi tout kote ?

Ann retounen nan sa nou te aprann sou karaktè Bondye a. Se klè Bondye genyen otorite absoli epi Li kite yon seri regleman pou gouvènen lavi nou yo isiba. Genyen yon lòt bagay ankò ki klè : Bondye fè sa Li fè paske Li renmen nou, epi paske Li vle sa ki pi bon pou nou.

Donk, kòm Kretyen, li fasil pou n’ konnen kibò fondasyon nou ye. Bondye fè yo parèt byen klè nan Bib la. Sa ki pa tèlman fasil, se pou n’ konplètman onèt avèk tèt nou epi avèk Bondye. Se konsa, anpil fwa nou wè yon Kretyen ki pa vrèman asepte sa Senyè a di paske Pawòl la egzije l’ pou l’ fè sa ki kontrè ak volonte l’ osinon kontrè ak sa sosyete a mande. Sa rèd lè nou wè lòt moun k’ap pase nou nan jwèt epi k’ap rayi nou paske nou kanpe sou tèl prensip. Nou pito moun renmen nou. Nou vle pou lòt yo asepte nou.

An reyalite, fòk nou retounen nan afè de (2) wayòm yo. Wayòm yo pa sèlman diferan youn ak lòt, men yo opoze youn ak lòt. Konsa, sa lojik anpil pou n’ di lide nou yo p’ap janm ka menm ak lide lemond.

Ann viv lavi nou yo annakò avèk prensip Bondye te kite pou nou yo. Li vo lapenn pou n’ fè sa. Alafen, nou va resevwa kouwòn lavi a.

Search

Resources

English

An unhandled error has occurred. Reload 🗙

Rejoining the server...

Rejoin failed... trying again in seconds.

Failed to rejoin.
Please retry or reload the page.

The session has been paused by the server.

Failed to resume the session.
Please retry or reload the page.