Toma, sa yo rele Jimo a, se te yon moun Galile li te ye. Sanble li te yon pechè pwason (Jan 21.2). Nan liv levanjil yo, nou pa twouve okenn enfòmasyon sou kilès ki te paran l’ ni sou kijan li te konvèti. Yo sèlman pale sou kijan Jezi te rele l’ pou l’ sèvi apòt (Matye 10.3).
Nou wè kijan Toma te renmen Kris epi jan li te sansib pou Kris lè li te egzòte frè yo pou yo monte Jerizalèm ak Kris pou yo mouri ansanm avèk li (Jan 11.16). Men, lè sa li pa t’ ankò gen konviksyon byen etabli, epi w’a sonje disip yo pa t’ ankò byen konprann Kris tapral mouri vre. Konsa, nou wè Toma ansanm ak lòt yo te abandone Senyè a nan lè eprèv Li yo (Jan 14.5 ; Matye 26.31).
Pi devan, lè Senyè a te gen tan leve vivan, epi Li te parèt nan mitan disip yo an absans Toma, Toma pa t’ vle kwè. Li te deklare si l’ pa mete dwèt li nan plas kote klou yo te ye a, si l’ pa mete men l’ nan bò kòt Jezi kote sòlda Women an te pèse a, li p’ap kwè. Men, Senyè a te parèt ankò. Toma te wè Li. Li te tande Senyè a di : « Mete dwèt ou isit la. Men. Gade men M’ yo. Lonje men ou, mete l’ la bò kòt Mwen. Wete doutans nan kè ou. Kwè, tande. » Se lè sa a, anba konviksyon, Toma te kòmanse salye Kris avèk tit ki onore non Li. Toma te di : « Senyè mwen, Bondye mwen ! » (Jan 20.24–28).
Apre sa, Toma ansanm ak lòt disip yo te resevwa lòd pou yo preche Bòn Nouvèl la nan lemonn antye, e pou yo batize kwayan yo. Pou fè sa, dis (10) jou pita, jou Lapannkòt la menm, Toma ak disip parèy li yo te resevwa Sentespri a an abondans (Matye 28.19, 20 ; Mak 16.15, 16).
Selon dokiman istorik yo, Toma te voye Tade al kote Wa Abgaris pa lontan apre rezirèksyon Kris la.
Pliske peyi Patiya, Lend, epi Etyopi te fè pati pòsyon tè a ki te sou kont Toma, li te vizite yo tout. Sanble li pa t’ anvi ale kote moun sovaj yo nan peyi Lend. Kanmenm, avèk fòs Bondye, li te ale epi mennen anpil moun konvèti nan zòn sa yo.
Konsènan lanmò Toma, pami tout sa ansyen yo te ekri sou kèsyon sa a, men istwa a nou kapab fè konfyans pi plis : Nan lavil Kalamina, nan zile Lend yo, Toma te mete fen nan sèvis zidòl ki t’ap fèt nan zòn lan kote yo t’ap adore imaj solèy la. Nan pisans Bondye, Toma te pouse Dyab la detwi vye imaj solèy la. Lè sa a, prèt la ki t’ap dirije sèvis pou zidòl la te akize Toma devan wa peyi a. Wa a te kondane Toma pou yo tòtire li ak fè cho, pou yo lage li nan yon fou, epi pou yo boule li. Men, lè prèt ki t’ap dirije sèvis pou zidòl la te remake dife a pa t’ fè Toma anyen, yo te pèse bò kòt li pandan li te atè nan fou a. Konsa, Toma te vin sanble ak Senyè Jezi Kris. Toma te rete fidèl jiska lanmò. Jewòm ekri pou fè konnen li ta sanble yo te retire kò Toma a nan dife a. Men, apre sa yo te antere li menm kote li te mouri a.
Istwa sa a sòti nan yon liv ki rele Martyr's Mirror (Glas Mati yo).