Pandan tout tan lòm gentan fè sou tè sa, genyen anpil diskriminasyon (prejije) ki fèt deja. Plen egzanp kote yon gwoup te gonfle kò li sou yon lòt, kote yon gwoup te gade tèl lòt gwoup ak move je paske yo te pòv, paske yo te analfabèt, paske yo te tèl ras ki swadizan mwens devlope, osinon paske se etranje yo te ye. Nou pa ka kontwole konbyen batay ki fèt ak zam akòz yon chire pit konsènan relijyon ! Se klè pasyalite (patipri) se yon kalite mechanste ki gen rasin li nan lògèy. Konsa, nou kapab di pasyalite fè pati eta lòm. Nou konnen lòm debòde ak peche epi deprave.
Jodi a, mouvman imanis la ap fè efò pou li twouve solisyon pou kalite pwoblèm sa yo. Anpil moun mete nan tèt yo solisyon an se pou n’ lite pou n’ etabli yon egalite sosyal pami tout moun ki sou planèt la. Pou yo rive atenn objèktif sa a, yo swiv yon bann filozofi lòm bay, epi yo rechte sa Bondye di. Moun ki nan mouvman feminis yo kwè depi genyen egalite pou fanm nan sosyete a, sa va yon solisyon. Moun ki nan gouvènman an konn mete nan tèt yo solisyon an se èd imanitè, se dwa lòm, se politik. Anpil moun, sitou nan peyi k’ap devlope yo, kwè se edikasyon pou kont li k’ap ranje koze a. Genyen gwo mouvman pami tout relijyon yo kote youn ap mande lòt padon pou yon seri konfli ki te fèt pandan syèk ki pase yo, epi yo vle fè konnen tout relijyon yo nèt mennen moun pi pre Bondye alafen.
Èske mouvman sa yo ap jwenn egalite epi bon jan respè youn pou lòt selon Bondye ? Èske Bondye jwenn glwa nan bann prensip sa yo lòm gentan etabli pou l’ jere relasyon li yo ? Poukisa nou toujou twouve moun ki viv kòmsi rich yo vo plis pase pòv yo, kòmsi moun ki edike vo plis pase moun ki pa edike ? Poukisa tout moun ap goumen pou yo pi wo pase vwazen yo ? Poukisa sosyete yo leve Entèl anlè pandan yo pase yon lòt anba pye ? Poukisa moun dakò pile lòt moun pandan y’ap monte nechèl la ki swadizan mennen nan siksè ?
Nan lemonn jodi a, yo kalkile valè yon moun selon enpòtans li, entèlijans li, edikasyon l’, pòch li, fanmi li, ras li, nasyonalite li, relijyon li, ak yon bann lòt bagay ankò. Depi yon moun pa satisfè tèl kondisyon, depi li pa rive kote lòt yo di li dwe rive, moun tou gade l’ tankou li pa vo anyen. Lè sa a, yo santi yo jistifye nan jan yo maltrete moun lan. Lide rasis sòti nan kalite panse sa yo. Li manifeste nan divès fason. Anpil lagè k’ap fèt aktyèlman sòti nan bagay rasis osinon nan prejije selon gwoup etnik yon moun.
Bondye gen bagay Li vle di nan sa. Menm si sosyete yo panse mal epi aji mal, legliz Kris la genyen devwa pou li demontre kè Bondye nan kèsyon sa yo. Nou resevwa apèl pou n’ klere tankou limyè nan monn sa a. Fòk nou rete lwen move kouran yo ki nan lemonn. Piga nou sal tèt nou nan bann lide imanis yo k’ap mennen aktyèlman. Ann gade sa Bondye di.
Rich Yo
Èske nou bay moun ki rich plis respè pase sila yo ki posede mwens ? Jak 2.8–9 di konsa : « Jan sa ekri nan Liv la, lalwa gran Wa a di : Se pou ou renmen frè parèy ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou. Si nou fè sa, nou fè byen. Men, si n’ap gade sou figi moun, nou fè peche. Lalwa ap kondane nou pou dezobeyisans. » Ala yon pawòl ki di ! Pasyalite se peche li ye. Vèsè sa yo parèt nan yon pasaj kote y’ap adrese ki relasyon nou dwe genyen ak moun rich epi ak moun ki pòv (Gade Jak 2.2–7). Vèsè ki vini apre yo pale sou zèv avèk lafwa. Vèsè 17 la di : « Konsa tou pou konfyans nan Bondye a : si l’ pa fè nou fè sa ki byen, si l’ rete pou kont li, li mouri. » Sa fè nou konnen atitid nou yo ansanm ak aksyon nou yo anvè lòt moun genyen menm enpòtans avèk lafwa nou genyen nan Bondye. Pwovèb 14.31 ansanm ak 17.5 fè nou konnen lè nou peze oubyen moke pòv yo, nou ofanse Bondye menm. Nou dwe aji ak pòv yo epi rich yo menm jan an, avèk egalite. Nou pa dwe montre okenn pasyalite.
Entèlijans
Èske nou leve moun anlè dèske nou pran yo pou moun ki pi entèlijan ? Bondye kreye chak moun nan yon fason espesyal. Chak moun inik. Bondye gen yon plan pou chak grenn moun. Avèk anpil swen, se Bondye ki fòme chak moun pandan li anndan vant manman l’. Nan Sòm 139.13–16, David pale klè sou sa. Se yon bèl pasaj : « Wi, se Ou ki fòme tout pati nan kò m’, se Ou ki ranje yo byen ranje nan vant manman m’. M’ap fè lwanj Ou, paske Ou pa manke fè bèl bagay. Tou sa Ou fè se bèl bagay. Mwen konn sa byen. Ou te konnen tout zo nan kò m’, depi lè m’ t’ap fòme kote moun pa t’ ka wè a, depi lè Ou t’ap travay mwen ak ladrès nan fon tè a. Depi anvan m’ te fèt, tout lavi m’ te devan je Ou. Tou sa mwen tapral fè te deja ekri nan liv Ou, anvan menm mwen te fè yo. »
Se Bondye menm ki chwazi chak talan epi chak abilite yon moun genyen lakay li. Bondye fè sa selon sa Li wè ki bon (Women 12.3). Kapasite nou genyen nan tèl domèn pa rann nou pi enpòtan pase yon lòt. Nan menm pasaj la, apòt Pòl ban nou yon avètisman : « Piga nou mete nan tèt nou nou plis pase sa nou ye. » Nan parabòl talan yo ki nan Matye 25, Jezi fè nou wè Bondye bay fidelite plis valè pase kapasite moun lan. Senyè a te rekonpanse moun yo selon fidelite yo, e pa selon kapasite yo te genyen an. Chak moun presye nan je Bondye. Vwala te gen yon moun ki te di konsa : « Bondye pa janm fè fatra, donk, nou chak presye devan Li. » Si yon moun pi entèlijan pase yon lòt, pi fò pase yon lòt, pi byen prepare pase yon lòt, sa PA vle di li pi enpòtan ni sa PA vle di li vo plis.
Nasyonalite Ak Relijyon
Kijan nou konpòte nou anfas moun ki sòti nan lòt gwoup etnik oubyen lòt relijyon ? Èske nou tou klase tout moun ki fè pati gwoup sa a selon konpòtman detwa nan mitan yo ? Lòm genyen yon tandans. Nou tout mete nan tèt nou se pa nou an ki pi bon. Konsa nou gade lòt kilti yo ba, nou gade lòt nasyon yo ba, e nou gade lòt relijyon yo ba. Se tandans sa nou genyen, epi se tandans sa a ki lakòz anpil konfli ak anpil gè, ni nan tan pase yo ni jounen jodi a toujou.
Jezi montre nou byen klè lide prejije sa yo pa dwe egziste nan mitan moun k’ap swiv Li yo. Nan egzanp Li te trase pou nou an sou latè, Jezi te toujou demontre kijan Li te asepte tout kalite moun. Yon egzanp ki parèt byen klè se atitid Li te genyen anvè moun peyi Samari yo. Pandan kèk syèk, moun Samari yo t’ap pote yon chay kiltirèl. Kilti yo a te melanje ak vye kilti lòt ras, epi yo te sèvi Bondye nan yon fason ki te diferan ak Jwif yo. Se vre Jezi pa t’ dakò avèk kwayans moun Samari yo, men Li pa t’ janm gade youn nan yo ak move je.
Bib la deklare byen klè Bòn Nouvèl Kris la se pou tout moun, pou payen epi pou Jwif. Jezi te di konsa : « Tout moun ki va mete konfyans yo nan Li p’ap pèdi lavi yo. Okontrè y’a gen lavi ki p’ap janm fini an » (Jan 3.16). Nan Jan 14.6 nou wè Kris se sèl chemen an ki mennen moun lakay Bondye. Bondye ban nou lòd pou nou montre tout moun verite sa a avèk renmen nan kè nou. Se pa avèk fòs, ni se pa avèk mepri. Nan Ansyen Kontra a, Bondye toutan ap di pèp Izrayèl la yo pa dwe rayi etranje yo (Levitik 19.33–34). Nan Ebre 13.1–3, nou twouve pasaj sa a : « Se pou nou toujou youn renmen lòt tankou frè k’ap viv ansanm nan Kris la. 2Chonje se devwa nou pou nou byen resevwa moun ki vin lakay nou… 3Pa bliye moun ki nan prizon yo… Pa bliye moun y’ap maltrete yo… ».
Egalite Pami Gason Ak Fanm
Èske gason ak fanm gen menm valè ? Èske nou gade youn pi ba pase lòt ? Se vre Bib la anseye nou byen klè gason ak fanm pa jwe menm wòl yo ni nan fwaye a, ni nan legliz la, ni nan sosyete a. Bondye te konfye reskonsabilite fwaye a nan men gason. Se li ki tèt la. Se li ki pou dirije afè lavi a (Efezyen 5.22–23). Bondye te kreye fanm pi fèb pase gason, epi nan plan Bondye a ki san defo, Li bay fanm lòd pou li soumèt devan gason an (1 Pyè 3.7 ; Efezyen 5.24). Men, Bondye bay fanm menm valè avèk gason. Ebre 11, yon chapit ki prezante ewo lafwa yo, prezante ni gason ni fanm ki te genyen lafwa. Pòl fè Timote sonje lafwa li genyen an se gras ak lafwa de (2) fanm… manman l’ ansanm ak grann li (2 Timote 1.5). Nan lèt yo Pòl te ekri pou Timote epi pou Tit, Pòl bay toude moun sa yo konsèy kijan yo dwe konpòte yo ni anvè frè yo ni anvè sè yo ki nan legliz. Pyè di mesye yo yo dwe onore madanm yo : « paske yo menm tou y’a resevwa menm lavi avèk nou tankou yon favè nan men Bondye. » Apre sa, Pyè ajoute yon konsekans si mesye yo pa fè sa. Li di Bondye p’ap tande priyè mari a lè sa (1 Pyè 3.7). Selon enpòtans epi valè yon moun genyen, Bib la mete nou klè nou tout egal nan Wayòm Bondye a (Galat 3.28). Bondye pa fè okenn pwovizyon pou gason vante tèt yo, ni pou yo maltrete fanm, ni pou fanm eseye jwe wòl gason an.
Rasis
Èske nou prejije selon ras ? Èske nou koupab nan afè diskriminasyon ? Moun ki fè etid nan afè ADN (Asid Deyoksiribo Nikleyik) fè nou konnen yon bagay ki enteresan. Si ou konpare ADN de (2) moun ki sòti nan ras diferan, 99.8% nan enfòmasyon yo rete menm. Se sèlman 0.2% nan detay yo ki diferan. Apre sa, nan tikras diferans lan (0.2%), se sèlman 6% nan enfòmasyon sa yo ki genyen rapò avèk koulè po a. Pi souvan, depi n’ap konpare ras yo se koulè po ki nan tèt nou. Se vre genyen divès koulè po pami moun ki abite sou planèt la, men tout moun genyen menm kalite po. Sa ki diferan vrèmanvre se yon sèl bagay… kantite melanin (yon pigman) ki prezan nan po a. Sa vle di, diferans yo ki egziste nan mitan moun divès ras se vrèman yon vye ti bagay tou piti. Sa tonbe dakò avèk sa nou jwenn nan Travay 17.26 : « Li fè moun tout nasyon sòti nan yon sèl san… » (BIB KREYÒL LA).
Anviwon 1650 ane apre kreyasyon an, Bondye te detwi latè avèk yon inondasyon. Se sèlman Noye ak fanmi li te ki te sove. Apre sa, Bondye te beni Noye, epi Bondye te di fanmi Noye a pou yo gaye kò yo epi ranpli tè a (Jenèz 9.1). Men, nan Jenèz 11 nou wè lòm te fè rebelyon kont Bondye. Yo te deside konstwi yon gwo kay byen wo ki ta ba yo renome pami tout moun. Lide sa a te kont volonte Bondye, epi li te kont direksyon Bondye te bay la. Bondye te kanpe travay kay sa a lè Li te mele lang moun yo.
E apre sa ? Moun yo te gaye, pwobab se chak kalite lang ki te fè bò pa l’. Se posib nan moman sa a kote Bondye te mele lang moun yo, te genyen anviwon san (100) lang diferan sèlman. Nou di sa paske moun ki etidye lang fè nou konnen genyen anviwon san (100) fanmi lang ki egziste nan lemonn antye. Sa vle di divès lang yo ka gwoupe nan san (100) fanmi konsa (tout lang ki sanble antre nan menm fanmi an). Men, apati travay Bondye te fè lè sa a, jounen jodi a genyen plis pase sèt mil (7.000) lang diferan ki gentan devlope sou tè sa a. Ansanm ak lang sa yo, genyen yon kantite ras epi yon kantite gwoup etnik ki gentan fòme. Men, annou sonje tout ras ki sou latè sòti nan fanmi Noye a. Ann sonje toujou koulè po moun pa gen anyen pou wè ak valè moun lan devan Bondye, ni avèk respè nou dwe genyen youn pou lòt.
Genyen yon bagay ki mete lemonn antye nan menm nivo a, nan menm ranje a. Sa se bezwen espirityèl nou genyen an. Women 3.23 di konsa : « Tout moun fè peche ; yo tout vire do bay Bondye ki gen pouvwa a. » Pa genyen okenn ras sou tè a, li te mèt devlope nèt nèt nèt, li pa chape anba reyalite sa a. Pèsonn pa antre nan syèl la poutèt jistis pa li a. Nan Jan 14.6 Jezi di konsa : « Se Mwen menm ki chemen an. Se Mwen menm ki verite a, se Mwen menm ki lavi a. Pèsonn pa ka al jwenn Papa a si li pa pase nan Mwen. » Pou n’ rive kote Bondye, nou tout dwe pase menm kote a. Bondye pa nan patipri. Li pa nan pasyalite.
Nan 200 ane ki pase yo, genyen moun ki prezante yon seri lide ki chofe lide rasis yo epi ki pouse gason pran pòz kòk lakou. Yo eseye bay prèv syantifik ki di gason evolye plis pase fanm. Yon eseye bay prèv syantifik ki di tèl ras evolye plis pase yon lòt, epi konsa li siperyè. Se lide sa yo ki te apiye moun ki te fòse ras Afriken yo sèvi kòm esklav. Se lide sa yo ki te apiye moun Almay yo anba Adolf Hitler lè yo t’ap detwi Jwif yo. Se menm lide sa yo ankò ki sèvi rasin pou anpil lenjistis sosyal k’ap prezante devan je nou jodi a.
Men, depi nan kòmansman kreyasyon an, Bondye prezante tèt Li kòm Sila ki san patipri. Moyiz te egzòte pèp la anpil nan dènye jou li yo. Li te pale yo sou Bondye Kreyatè a, sou mirak Li te fè pou yo, sou jijman L’ yo ki toujou jis. Nan Detewonòm 10.17 nou wè Moyiz te di konsa : « Senyè a, Bondye nou an, se Li menm ki Bondye anwo tout bondye, se Li menm ki Chèf sou tout chèf. Li gen pouvwa, Li gen fòs, Li fè moun respekte L’. Li pa nan paspouki, Li pa kite yo achte figi L’ avèk kado y’ap ofri ba Li. » Men sa Pòl te di nan Women 2.11 : « Paske, Bondye pa gade sou figi moun. » Kolòs 3.11 di konsa : « Se sa k’ fè, pa gen moun ki jwif ak moun ki pa jwif ankò, pa gen moun ki sikonsi ak moun ki pa sikonsi ankò, pa gen moun ki etranje, ni moun ki bèt, pa gen moun ki esklav ak moun ki pa esklav. Se Kris la ki tout, se Li ki nan nou tout. » Apòt Pyè se te yon Jwif, epi pami Jwif yo te konn genyen diskriminasyon kont payen yo. Men, yon bon jou Pyè te twouve l’ lakay yon payen ki te rele Kònèy. Men sa Pyè te di lè sa a : « Bondye fè m’ konnen, mwen pa gen dwa gade pèsonn pou move moun ni pou moun ki pa nan kondisyon pou sèvi Bondye. » Men sa li te di ankò : « Wi, kounyeya, mwen konprann sa se vre : Bondye pa gade sou figi moun » (v. 34). Epi ankò, men yon pasaj nou jwenn nan Revelasyon 7.9 epi 14 ki bèl anpil : « Apre sa, mwen gade ankò, mwen wè yon gwo foul moun. Pèsonn pa t’ kapab konte kantite ki te gen ladan li. Se te moun tout lòt nasyon, tout kalite ras, pèp tout peyi ak tout lang. Yo te kanpe la devan fòtèy la ak devan ti Mouton an. Yo te gen rad tou blan sou yo, yo te gen fèy palmis nan men yo ; …Se moun ki pase anba gwo pèsekisyon an. Yo lave rad yo, yo blanchi yo nan san ti Mouton an. » Bondye renmen nou tout menm jan an. Li ofri delivrans pamwayen Jezi Kris pou chak grenn moun sou latè.
Men yon kèsyon ki devan sosyete a jounen jodi a : « Kilès moun mwen ye ? » Sosyete alèkile yo mal pou bay yon bon repons. Ou ka tande repons kwochi yo sou tele, sou radyo, nan jounal epi nan bouch tout kalite gwoup sosyal k’ap preche lide ki sòti nan lemonn modèn lan. Nou inonde avèk fo lide sa yo tout kote nou vire. Kijan legliz Kris la dwe reyaji anfas lide sa yo k’ap menase sosyete a ? Nan tout ka sa yo, lide nou yo ak kwayans nou yo dwe sòti nan prensip Bib la anseye. Se sèlman lè nou kanpe sou baz Pawòl Bondye a nou va annakò avèk Kreyatè nou an. Se nan fason sa a n’ap kapab ranje kò nou pou n’ fè pati gwo foul moun lan ki devan twòn Jezi a. « Se sa k’ fè, frè m’ yo, jan Bondye fè nou wè Li gen kè sansib pou nou an, se pou nou ofri tout kò nou ba Li tankou ofrann bèt yo mete apa pou Bondye, bèt yo ofri tou vivan epi k’ap fè Bondye plezi. Se sèl jan nou dwe sèvi Bondye tout bon. Pa fè menm bagay ak sa moun ap fè sou latè. Men, kite Bondye chanje lavi nou nèt lè L’a fin chanje tout lide ki nan tèt nou. Lè sa a, n’a ka konprann sa Bondye vle, n’a konnen sa ki byen, sa ki fè L’ plezi, sa ki bon nèt ale » (Women 12.1–2).