Anabaptist Resources Logo

Timote, Espirityèlman Li Te Pitit Gason Apòt Pòl

Publicadora La Merced | Feb 18, 2026

Summary

Yo Te Touye L’ Anba Kout Wòch Nan Lavil Efèz Nan Lanne 98 Anviwon

Short Article

Timote se te moun lavil List  li te ye,  nan peyi Likaoni.  Papa l’ te  yon Grèk, men manman l’ avèk grann li te fè pati ras Jwif yo. Yo toude  te Kretyen. Manman l’ se te Enis. Grann li se te Lòyis. Se yo menm ki te enstwi Timote nan Pawòl Bondye depi li te piti. Travay 16.1; 2 Timote 1.5. 

Frè yo nan zòn List epi Ikonyòm te bay bon rapò pou Timote. Poutèt sa, Pòl te resevwa li kòm patnè nan ministè li a, nan prezante Levanjil bay payen yo.  Travay 16.2, 3. 

Pòl te apresye epi renmen Timote, jouk li te rele l’ : « pitit mwen renmen anpil la » (2 Timote 1.2). Pi devan, Pòl te mete Timote apa kòm evèk oubyen pwofesè pou legliz la, epi li te konfye l’ pou li okipe bann mouton yo pou Sovè li a, Jezi Kris. Pòl te chaje l’ pou li bay mouton yo nouriti, epi pou li gouvènen yo. Pou ede l’ fè sa byen, Pòl te ekri de (2) lèt pou Timote. 

Men sa Pòl te ekri : « Timote monchè, veye byen sou sa yo te renmèt ou a. Pa pèdi tan ou nan diskou san sans ki pa dakò ak verite a, ni nan diskisyon pou bagay anpil moun pran pou konesans » (1 Timote 6.20). 

Li ekri ankò : « Timote, pitit mwen, m’ap renmèt ou kòmandman sa a, dapre pawòl pwofèt Bondye yo te di sou ou nan tan lontan an. Pran fòs sou pawòl sa yo pou ou ka mennen batay la byen » (1.18). 

Yon lòt kote li te ekri sa a : « Ou menm, pitit mwen, pran fòs kouraj nan favè nou resevwa nan lavi n’ap mennen ansanm ak Jezikri a. Sa ou te tande m’ di ou devan anpil temwen, se pou ou renmèt yo bay lòt moun serye ou konnen ki ka moutre lòt moun yo tou » (2 Timote 2.1, 2). 

Nan travay li yo, Timote te toujou rete yon predikatè ki viv dwat devan Bondye. Alafen, sa te fè Bondye plezi pou Timote pa mouri tankou nenpòt moun, men pou li mouri pito kòm yon mati. Konsa, ansanm avèk papa l’ nan lafwa ki te pran devan li (Pòl), epi ansanm ak Senyè li a (Jezi) ki te soufri lanmò nan men mechan yo kèk ane anvan,  Timote  te sibi yon lanmò kote li te  resevwa onè kòm yon kouwòn ki pa gate, epi li te resevwa lavi debòde ak lajwa. Men kijan sa te ye, selon dokiman istorik yo : Apre li te sèvi kòm evèk nan legliz Efèz pandan kenz (15) ane, se la a menm yon foul payen te kalonnen l’ wòch jouk li te mouri. Se paske li te repwoche yo pou zidòl yo t’ap sèvi yo. Selon ansyen dokiman yo, sa te fèt pandan Domisyen te sou twòn lan, ki vle di lanne 98 konsa. Genyen lòt dokiman ki di sa te fèt anba reny Newo pito. 

Istwa sa a sòti nan yon liv ki rele Martyr's Mirror (Glas Mati yo).

Search

Resources

English

An unhandled error has occurred. Reload 🗙

Rejoining the server...

Rejoin failed... trying again in seconds.

Failed to rejoin.
Please retry or reload the page.

The session has been paused by the server.

Failed to resume the session.
Please retry or reload the page.