Vye plan an te reyisi san okenn mank. Pasajè yo te cho pou yo rive nan destinasyon yo. Genyen ki tapral vizite fanmi. Genyen lòt ki te nan wout pou yo asiste gran rankont enpòtan. Genyen lòt ankò ki t’ap sòti pou pase yon vakans. Men, detwa nan pasajè yo te monte avyon an avèk yon vye plan dèyè tèt yo. Mechan sa yo te sanble avèk tout lòt pasajè yo, men yo te deja fin bati yon plan byen detaye : yo tapral touye pilòt avyon an, yo tapral pran kontwòl avyon an epi fè l’ frape epi detwi yon gwo gratsyèl ki te pote non Twin Towers. Yo te planifye pou yo detwi avyon an, kay la, ansanm ak tout moun yo ki te andedan yo.
Jou terib sa a, mechan yo te reyisi. Yo te fofile kò yo kote ki pa t’ pou yo. Konsa, yo te akonpli sa yo te planifye a. Nan ti lèt Jid te ekri a, li fè nou konnen Satan planifye atak kont legliz. Li planifye kijan li va vòlè, kijan li va touye, epi kijan li va detwi. Jid egzije nou pou n’ siveye. Konsa n’ap ka wè lè Satan eseye glise antre andedan kò Kris la, kote li anvi fè anpil moun pèdi letènite. Depi se manm nou ye nan kò Kris la, fòk nou veyatif. Fòk nou sou prigad nou. Fòk nou goumen pou n’ defann lafwa ansyen yo te livre ban nou. Lafwa sa a p’ap janm chanje. Nou pa ka chanje anyen ladan li. Nou pa ka ajoute, ni nou pa ka retire anyen.
Kisa nou kapab fè pou n’ anpeche Satan fofile kò l’ nan legliz nou renmen anpil la ? Jezi fè nou konnen nou kapab toujou rekonèt yon pyebwa selon donn li bay la. Epitou, nan lèt li te ekri a, Jid detaye kèk karakteristik ki idantifye mechan sa yo, epi li detaye kisa ki nan tèt yo. N’ap fè byen si nou chita etidye sa Jid te di. Se konsa n’ap anpeche lènmi an fofile kò l’ nan pwòp lavi pa nou, epi nan mitan frè sè yo tou. Ann gade sa Jid te di :
Paske Jid anvi devwale mechan sa yo, li fè legliz la konnen mechan yo gentan glise antre andedan legliz la san pèsonn moun pa t’ rekonèt sa (v. 4). Sa vle di yo antre an kachèt. Yo antre tou dousman. Yo dèyè twonpe moun, epi yo kache vye plan yo genyen nan tèt yo. Genyen yon diksyonè ki esplike fraz la konsa : « Yo antre san pèsonn moun pa wè sa. » Li te kapab yon moun ki genyen anpil talan ki jwenn moun akeyi li rapid nan legliz la. Konsa tou, nan vèsè 12 Jid pale sou kijan mechan yo « gate manje n’ap fè pou frè yo. » Lè Jid di yo gate manje a, li anplwaye yon mo Grèk : spilades. Spilades se yon wòch osinon yon resif ki kouvri avèk dlo lanmè. Moun pa wè danje a malgre li reyèl. Menm mo a pale sou moun sila yo ki reprezante yon menas pou lòt yo. Se kòmsi pasaj la vle di konsa : « Moun sa yo antre an kachèt tankou wòch ki kache nan dlo a, tankou resif ki anba dlo a, epi yo va lakòz Kretyen yo fè aksidan epi kraze nan dlo a. » Imaj Jid ap prezante pou nou an se imaj yon bèl bato avwal k’ap antre nan yon pò avèk kè poze. Dlo a parèt agreyab devan li, men genyen « wòch ki kache » anba dlo a. Fòk nou gade byen gade pou n’ ka rekonèt wòch sa yo nan dlo a. Wòch sila yo kapab lakòz yon bato fè nofray, epi anpil moun mouri. Jid ap fè nou konnen genyen « wòch ki kache » andedan legliz Kris la, epi se posib yo kapab lakòz destriksyon etènèl. Resif kache sa yo kapab fè legliz pèdi anpil bagay.
Jid di moun sa yo ap patisipe nan fèt y’ap fè pou moun ki nan bezwen. Kretyen yo alepòk te konn fè kalite fèt sa yo nan amou yo te genyen youn pou lòt. Yo te rejwi ansanm bò tab. (Gade 1 Korent 11.17–34 pou wè sa Apòt Pòl te anseye yo annegad rankont sa yo.) Yo te abitye reyini pou yo pataje youn avèk lòt, epi pafwa yo te konn selebre Dènye Soupe Senyè a jan Jezi te montre yo pou yo toujou fè l’ la. Rankont sa yo se te yon gwo ankourajman pou frè sè yo. Se te bon kominyon fratènèl. Men, te genyen danje nan sa : Lènmi an t’ap manje bwè nan mitan yo tou. Jid te vle di moun yo : « Fèt atansyon ! Ou ta sipoze kapab rekonèt moun sa yo. Sinon, anpil nanm ka fè aksidan epi pèdi lafwa. »
Jid te kontinye dekri mechan sa yo nan vèsè 4 : « Se moun ki san respè pou Bondye. » Dabò, Jid di : « Yo pran renmen Bondye renmen nou an sèvi yon kouvèti pou fè dezòd. » Yo itilize gras Bondye pou ouvri pòt peche a. Yo fè moun konnen Kretyen an kapab peche paske gras Bondye a anpil. Apre sa, Jid esplike kijan yo vire do bay Jezikri ki sèl Mèt ak sèl Senyè nou an. Sa vle di, yo rechte Bondye sou twòn Li kòm Senyè e Mèt tout bagay. Yo refize admèt otorite Bondye genyen pou renye epi pou ranfòse kòmandman Li yo.
Jid bay twa (3) egzanp jijman nan v. 5, 6, ak 7. Li konekte jijman sa yo avèk fo pwofesè yo ki fofile kò yo nan legliz la. Li fè nou konnen yo se moun ki konn fè vizyon (v. 8). Li di yo manke lafwa epi yo dezobeyisan menm jan ak pèp Izrayèl la pandan yo te nan dezè a. Se posib moun sa yo te konn rakonte yon seri rèv kòmsi se Bondye ki ba yo rèv la, yon fason pou fè pèp la obeyi yo. Jid di yo te lage kò yo nan tout kalite dezòd lachè, tout kalite imoralite. Pi devan, Jid di yo te meprize otorite Bondye epi pale pouvwa ki nan syèl yo mal. Jid te deja pale sou kijan moun sa yo te rechte Kris kòm Mèt, epi yo te refize koute kòmandman Li yo. Donk, yo pa t’ asepte otorite sou tèt yo, e yo pa t’ asepte okenn limit, paske yo t’ap chache fè nenpòt sa ki fè yo plezi. Se avèk atitid sa a yo t’ap meprize otorite Bondye epi pale pouvwa Li mal.
Nan vèsè 9, Jid site Akanj Michèl, ki t’ap plede ak dyab la pou kadav Moyiz. Nan egzanp sa a, Michèl pa t’ repwoche dyab la ; men pito li te di : « Mèt la va regle avè ou. » Nan vèse 10, l’ap dekri sila yo ki konn rakonte vizyon yo fè. Li di : « …yo pale mal sou sa yo pa konprann. » Yo pa konprann reyalite espirityèl yo paske y’ap viv selon lachè. Menm jan ak bèt, yo viv sal selon ensten. Yo esklav lachè, epi yo swiv ansyen nati a.
Answit, Jid site twa (3) egzanp ankò ki sòti nan Ansyen Kontra a epi ki detaye kèk karakteristik ki prezan lakay mechan sa yo (v. 11). Nou te deja etidye twa (3) egzanp sa yo nan Flanbo Verite A. Se te nan edisyon ki pase yo nou te fè sa. Moun sa yo te (#1) fè menm wout ak Kayen. Yo te (#2) lage kò yo nan menm move chemen Balaram lan. Epi, yo te (#3) fè rebèl ak Bondye tankou Kore. Se konsa y’a peri tou !
Kounyeya, ann vire je nou sou twa (3) konparezon Jid fè pou ede nou rekonèt kijan moun sa yo genyen vid nan kè yo, epi kijan yo wè pwòp dezi pa yo ase (v. 12). Jid fè nou konnen mechan sa yo, ki se « resif ki kache, » toujou ap manje, yo toujou ap bwè kont kò yo san yo pa sonje moun. Jid di se pwòp tèt yo ase yo konnen. Yo pa konnen moun menm. Jid pale sou kijan lavi yo vid tankou nyaj ki pa bay lapli. Depi nou wè nyaj, nou espere dlo ki ka rafrechi nou. Konsa, yon nyaj ki pa pote anyen se yon dekourajman li ye. Mechan sa yo bay bèl pwomès, men yo pa kenbe pawòl yo. Menm jan nyaj yo flannen anlè a, moun sa yo flannen sòti nan yon lide pou ale nan yon lòt. Yo pa ka bay sa yo pa genyen. Yo tankou « pyebwa yo derasinen epi ki fin mouri nèt » (v. 12). Depi nou wè pye fwi, nou espere fwi ki ka dous nan bouch nou. Enben, moun sa yo se pyebwa san okenn fwi paske yo mouri de (2) fwa. Yo mouri paske yo pa kwè, epi yo mouri ankò paske yo pa fè bon zèv. (Bon zèv se siy yon moun ranpli avèk Sentespri a.) Donk, pa genyen okenn vi espirityèl nan moun sa yo, epi sa yo pwodwi se fwi ki fo, ki pa ka dire ditou. Jid di ankò yo tankou « lanm lanmè lè lanmè a move. Y’ap pouse kim salte yo met deyò. » Yo pwodwi peche san gade dèyè, san wont, tankou lanm k’ap vide salte sou rivaj la. Konpare sa avèk Ezayi 57.20. Jid di ankò yo tankou « zetwal ki pèdi wout yo. » Yo ta sipoze rete nan plas yo epi briye, men dèske yo pa ka soumèt, yo pèdi wout yo.
Pi devan toujou, Jid pale sou kijan moun sa yo « toujou ap bougonnen, y’ap plede plenyen sou sityasyon yo » (v. 16). Yo pa kontan ak anyen. Pou yo, anyen pa janm bon. Ou p’ap ka fè anyen ki fè yo plezi. Se konsa yo ye. Jid di ankò : « Se enterè yo ase y’ap chache. Depi yo louvri bouch yo, se vante y’ap vante tèt yo. Y’ap flate tout moun pou yo tire avantaj sou yo » (v. 16). Jan yo pale demontre awogans ak ògèy ki lakay yo. Yo bay manti pou montre kijan yo admire Entèl, men se pa vre. Yo pa sensè. Yo pa ka bay verite. Ou ka tande yo louwe yon moun, men se paske yo vle jwenn avantaj nan sa. Yo ka achte figi li, men se paske yo wè enterè pa yo nan sa. Yo dèyè benefis pèsonèl ase.
Pou fini, Jid fin dekri mechan sa yo avèk lide sa a : se yo menm ki toujou lakòz divizyon. Fo pwofesè toujou kreye divizyon. Yo toujou mete moun dozado. Yo aji selon lachè. Sa vle di, yo aji tankou bèt. Yo viv tankou animal, ki pa ka fè tèt yo travay vre. Se vant yo ki kondwi yo. Se pasyon ki anime yo. Yo pa genyen Sentespri a, donk yo pa anba direksyon Bondye.
Anfen, moun k’ap fofile kò yo nan legliz la se yon vre danje tout bon. Fòk nou koute kòmandman an Bondye kite pou nou nan liv Jid la. Nou p’ap lib anba peche si nou konnen karakteristik sa yo ap devlope lakay nou, osinon nan lavi yon frè. Nou te byen gade karakteristik sa yo ki parèt ase klè. Jid detaye yo nan lèt li te ekri a pou nou kapab idantifye moun sa yo, fo pwofesè sa yo, depi yo parèt. Dabò, fòk nou egzaminen pwòp lavi pa nou yo pou n’ detèmine si genyen eleman sa yo lakay nou. Si yo prezan, fòk nou kouri konfese tò nou yo devan Bondye pou nou ka jwenn padon. Apre sa, depi nou lave nan san Jezi, nou byen kanpe pou n’ ede lòt yo rekonèt karakteristik sa yo si yo ap devlope lakay yo. Se pou amou nou genyen pou legliz Kris la toujou ede nou defann menm lafwa a ansyen yo te kite ban nou. Se pou nou rete fidèl jiska lafen.
Soti nan: Flanbo Verite A (Jiyè - Out 2021)