Anabaptist Resources Logo

Renmen Lènmi Ou Yo

Dean Taylor

Publicadora La Merced | Feb 17, 2026

Short Article

Dirk Willems te konvèti nan Peyiba (Olann) ki fè pati Ewòp. Se te yon epòk kote kwayan yo te anba gwo pèsekisyon. Lanne a se te 1529, epi moun Espay yo te gentan anvayi Peyiba. Pou yo te ka mete lapè nan peyi a, Espanyòl yo te eseye elimine Anabatis yo ansanm avèk lòt ti gwoup Kretyen ki te yon ti jan radikal. Lè nou di radikal, sa vle di gwoup sa yo pa t’ dakò mete tèt yo ansanm avèk relijyon leta a. Li ta sanble Dirk se te yon moun ki pa t’ kapab rete bouch pe nan sityasyon sa a. Li te pale sou lafwa li te genyen an. Li te temwaye san gade dèyè. Li te menm dakò pou yo batize moun lakay li.

Palè wa peyi a te sitiye nan yon zòn yo rele Asperen jounen jodi a. Espanyòl yo te fè palè a tounen yon prizon pandan yo te sou pouvwa. Yo te arete Dirk, epi apre yon jijman yo te kondane li. Li te tonbe nan prizon poutèt lafwa li. Pandan li te nan prizon an, Dirk te kreye yon fason pou li chape. Li te mare plizyè dra ansanm pou fòme yon kòd. Konsa, li te pase nan yon fennèt, epi li te grenpe desann jouk li te rive atè a. Malerezman, youn nan gad yo te wè li. Gad la te rele yon moun ki te la toutespre pou kouri dèyè vòlè. Touswit moun sa a fè yon sèl derape dèyè Dirk ki t’ap kouri deja.

Dirk te defile desann bò yon kannal dlo ki te antoure palè a, ki vle di prizon an. Paske se te sezon livè epi fredi a te fò anpil, dlo kannal la te jele. Yon kouch glas byen rèd te kouvri l’ nèt ale. Konsa, Dirk te janbe dlo a apye ap mache sou glas la. Glas la te sipòte pwa Dirk pandan li t’ap janbe. Men, nèg la ki te ap fann dèyè l’ te pi gwo. Li pa t’ reyisi nan travèse dlo kannal la. Kouch glas la te pete anba pye l’, epi li te desann toudwat nan dlo glase a. Nan dlo ki byen glase konsa, moun pa ka viv lontan ditou. Konsa, si yon moun pa t’ vini pou sove nèg la nan dlo a, li pa t’ lwen mouri.

Dirk te gentan chape poul li. Li t’ap kraze rak pi rèd toujou. Sanzatann li te tande vwa nèg la ki t’ap rele anmwe. Li t’ap mande sekou. Lè Dirk te retounen bò dlo a pou wè sa k’ genyen, li te gentan konprann nan ki danje nèg la te ye. Dirk te tande nèg la ki t’ap mande yon chans. Li t’ap plede nan dlo a pou yon moun vin sove lavi li.

Souvan mwen poze tèt mwen kèsyon sou kisa ki te pase nan lespri Dirk nan moman sa a. Devan li se te libète. Devan li se te lavi. Si li te annik kontinye kouri toujou, li te tou sove nan prizon an. Kilès ki te ka kondane mesye si li bouche zòrèy li pou li pa tande nèg la nan dlo a ? Sonje byen, Dirk te inosan. Li te nan prizon poutèt lafwa nan Jezi Kris. Si li retounen al ede nèg la nan dlo a, se kòmsi l’ap siyen lanmò pa li a.

Men, Dirk te gentan mouri anvè tèt li deja. Li te fè sa plizyè ane pase lè li te konvèti, lè li te konfye lavi li nan men Kris. Se sa Apòt Pòl ap pale nan 1 Korentyen 15.31. Donk, nou pa ka di ki batay ki t’ap fèt nan kè Frè Dirk nan moman an, men nou konnen li pa t’ kontinye kouri ale.

Dirk te deja aprann nan men Jezi pou li renmen lènmi li yo, pou li ba yo manje, pou li beni yo. Li te konsyan Kris te fè menm bagay sa yo pou li tou. Kounyeya, se te yon okazyon kote li te gen chans fè menm bagay la pou nèg ki t’ap mouri nan dlo glase a. Selon istwa a, Dirk te retounen bò dlo a touswit apre li tande kri yo nan dlo a. Li te retounen pou ede sila ki t’ap kouri dèyè li. Li te ede nèg la sòti nan dlo a, epi konsa li te sove lavi nèg la.

Nèg la, ki te la pou kouri dèyè vòlè, te santi li touche. Konpasyon Dirk te montre li te frape l’ fò, epi li te anvi lage Dirk pou li sove nèt. Men, se te yon lòt chèf ki te kanpe la ap gade ki te rele dèyè l’. Chèf la te fè nèg la sonje ki angajman li te pran avèk leta a. Malerezman pou Dirk, chèf la te rive konvenk nèg la pou li rete fidèl anvè leta a, pou li pa montre okenn konpasyon anvè yon prizonye ki t’ap sove. Konsa, li te arete Dirk epi li te mennen li retounen nan prizon an ankò.

Nan prizon an, chèf yo ki t’ap pèsekite Dirk te aji san pitye pou li malgre gwo zèv li te fè a pou youn pami yo. Yo te kondane li amò. Dapre yo, li te koupab paske li te konn pale kont legliz leta a pandan li t’ap preche, epi ankò paske li te resevwa batèm. Selon istwa a, se pa t’ de (2) chòk Dirk te sibi pandan li t’ap tann pinisyon leta a te chwazi pou li a. Lè jou a te rive finalman, yo te mennen l’ deyò kote yo te plante yon poto nan tè a. Yo tapral mare li sou poto sa a epi limen dife anba pye l’. Se konsa yo

te konn egzekite moun alepòk. Se te yon mò terib. Men kijan temwen yo ki te asiste bagay la te dekri sa ki te pase jou sa a : Lè yo te limen dife a, yon gwo van t’ap sòti nan direksyon solèy leve. Van an te pouse flanm dife yo yon bò, konsa yo t’ap atake sèlman pye prizonye a. Doulè a te sitèlman rèd, nou te tande mesye rele Bondye nenpòt swasantdis (70) fwa. Li t’ap kriye : « O Senyè mwen ! Bondye mwen ! » Alafen, se te yon chèf ki te chita sou yon cheval ki te remake sa ki t’ap pase. Li te pase lòd pou yo ranje dife a yon jan pou li pèmèt Dirk mouri pi vit.

Istwa sa a prezève nan yon liv ki rele Martyrs Mirror (Miwa Mati Yo). Men kisa otè liv la di sou temwanyaj Dirk Willems : « Dirk pa t’ fonde lafwa li sou kòmandman lòm yo ki tankou sab ki deplase anba pye. Li te fonde lafwa li sou yon fondasyon ki solid, sou Jezi Kris. Konsa, devan tout vye ansèyman ki sòti nan doktrin lòm, devan tout gwo siklòn pèsekisyon chèf yo te vide sou li, Dirk te rete fèm. Li te djanm jiska lafen. Konsa, lè Pi Gran Gadò a parèt sou nyaj yo nan syèl la pou Li ranmase sila yo ki pou Li epi ki gaye toupatou sou latè, Dirk Willems, nan gras Bondye, pral tande mo sa yo : « Sa se bèl bagay. Ou se yon bon domestik ki travay byen. Paske ou te fè ti travay sa a byen, m’ap mete ou reskonsab pi gwo zafè ankò. Vin fè fèt avèk Mèt ou » (Matye 25.23).

Ay ! Ala bon sa ta bon si nou tout ta genyen yon temwanyaj konsa ! Se temwanyaj yon moun ki te konplètman soumèt devan Bondye. Konsa, lè dènye jou a rive, n’ap kapab kouri lage nou nan bra Jezi k’ap ouvri byen laj pou resevwa nou. N’ap tande mo gloriye sa yo : « Vin fè fèt avèk Mèt ou. »

—Dean Taylor

Tèks sa a sòti nan The Heartbeat of the Remnant, 2007

Otè tèks la, frè Dean, te pran kèk nan detay sa yo nan yon liv ki rele Martyrs Mirror (Miwa Mati Yo). Men sa otè a di annegad liv sa a : « Youn nan pi gwo dokiman yo ki adrese Levanjil orijinal la ansanm avèk pèsekisyon kwayan yo sibi depi lontan se yon liv ki te pibliye apre Refòm lan. Liv la rele Martyrs Mirror (Miwa Mati Yo). Istwa yo ki ekri nan liv sa a se yon seri istwa yon moun te rasanble nan bouch lòt moun. Se te Thieleman J. van Braght ki te fè travay sa a. Li te fè sa nan Peyiba nan lanne 1660.

Search

Resources

English

An unhandled error has occurred. Reload 🗙

Rejoining the server...

Rejoin failed... trying again in seconds.

Failed to rejoin.
Please retry or reload the page.

The session has been paused by the server.

Failed to resume the session.
Please retry or reload the page.