Anabaptist Resources Logo

Erè Balaram

Felipe Yoder

Publicadora La Merced | Feb 17, 2026

Summary

Kilès ki Balaram ? Ki move chemen Balaram t’ap fè ?

Short Article

Nan Bib la, liv Jid la bay yon avètisman kont moun ki pa pou Bondye men ki va fofile kò yo antre andedan legliz Kris la. Avèk fo ansèyman, moun sa yo va trennen kwayan yo nan erè, nan bagay ki pa kòrèk. Jid egzije kwayan yo pou yo pran defans lafwa Kretyen an, konsa pou yo pa pèdi lafwa nan Bondye tankou moun Izrayèl yo te fè alepòk, anvan yo te antre nan peyi Kanaran. Paske pèp Izrayèl la pa t’ kwè, yo te refize obeyi Bondye epi yo te oblije rete toujou nan dezè a kote yo te mouri alafen. Jid adrese bagay sa a pou li te kapab ekspoze moun sa yo ki t’ap anseye manti, pou li te ka ankouraje kwayan yo rete fidèl nan bon doktrin yo te resevwa deja a. Pou n’ kapab an sekirite espirityèlman, fòk nou idantifye moun k’ap anseye sa ki fo.

Pou li te ka devwale kèk nan karakteristik fo pwofesè sa yo, Apòt Jid te itilize plizyè pèsonaj nan Ansyen Kontra a. Li t’ap ilistre kisa yon fo pwofesè ye. Enben, dezyèm egzanp li te chwazi itilize a se te Balaram. Jid deklare fo pwofèt yo se moun ki « lage kò yo nan menm move chemen Balaram lan » (Jid 11). Sou kisa Jid t’ap pale menm ? Kilès ki Balaram ? Ki move chemen Balaram t’ap fè ?

Nou twouve istwa Balaram nan liv Nonb chapit 22. Pèp Izrayèl la te apenn pase karant (40) ane ap flannen nan dezè a. Kounyeya, yo te rive sou plenn Moab. Balak se te wa moun Moab yo. Balak te tande kijan peyi Lejip te fin kraze lè Bondye te retire pèp Li a nan mitan yo. Sa k’ pi mal, moun te pote nouvèl ba li sou kijan Bondye te fè anpil mirak pou pèp Li a pandan yo te nan wout, epi okenn nasyon pa t’ ka kanpe devan yo. Donk, Balak te pè. Li te konnen moun Izrayèl yo ka leve kont li, epi li te konnen lame pa li a p’ap kapab reziste devan yo.

Wa Balak se te yon payen. Li te kwè nan zidòl. Li te mete nan tèt li zidòl sa yo te kapab wete moun Izrayèl yo, malgre yo te fò konsa. Donk, Balak te voye kèk mesaje kote Balaram. Balaram sa a se te yon kalite pwofèt, yon nèg ki fè maji. Li te rete nan zòn Mezopotami. Balak te vle Balaram madichonnen pèp Izrayèl la pou li. Li te ofri Balaram richès ak onè pou li fè travay sa a. Balaram pa t’ yon moun nan ras Izrayèl. Metye li se te fè maji. Malgre sa, li te rekonèt grandè Bondye. Lè Balaram te al konsilte Bondye konsènan tach Balak te vle ba li a, Bondye te di Balaram piga li ale, piga li madichonnen pèp Izrayèl la ki se yon pèp Bondye beni. Se konsa Balaram te di mesaje yo konsa : « Tounen lakay nou, paske Senyè a pa vle kite m’ ale ak nou » (Nonb 22.13).

Jan Balaram bay nouvèl la demontre yon kè ki te swaf bèl rekonpans yo Balak te ofri ba li pou travay la. Balaram te vle ale, men se Senyè a ki pa t’ pèmèt sa. Donk, Bondye te anpeche li resevwa rekonpans li te cho pou li resevwa a. Pi devan, Balak te voye lòt mesaje avèk pi gwo rekonpans toujou. Malgre Balaram te deja sèten sou sa Bondye te di li, li te mande mesye yo pase nwit lan ankò… pou li te ka konsilte Bondye yon dezyèm fwa. Fwa sa a, Bondye te di Balaram pou li ale avèk mesye yo, men fòk li fè sèlman sa Bondye di l’ pou l’ fè.

Lè Balaram te finalman rive sou plenn Moab la, pandan twa (3) fwa Balak te mande l’ madichonnen pèp Izrayèl la. Men, selon direksyon Bondye te ba li a, se beni Balaram te beni Izrayèl pandan twa (3) fwa pito. Wa Balak te fache. Li te vle voye Balaram ale de (2) men vid, san okenn rekonpans.

Se vre Balaram te obeyi Bondye nan sa li te di ak bouch li. Men nan kè li, li te saf toujou. Balaram te gen gwo je, e li te anvi resevwa richès yo toujou. Konsa, li te kreye yon plan, yon fason pou li bay Balak sa li t’ap chache a san li pa t’ bezwen madichonnen pèp Izrayèl la nan bouch (Nonb 31.16). Balaram te konseye Balak pou li voye fanm Moab yo al fè zanmi ak nèg Izrayèl yo. Se pou yo envite nèg yo nan fèt yo fè pou zidòl yo. Se pou yo sedwi nèg yo epi kouche avèk yo. Dapre vye konplo sa a, se peche pèp Izrayèl la ki va rale kòlè Bondye sou pèp la. Y’a pèdi benediksyon Bondye a. Bondye ap detwi yo. Se konsa bagay la te pase vre. Anvan lontan moun Izrayèl yo te lage yo nan fònikasyon avèk moun Moab yo. Bondye te pini nasyon an. Se te 24 000 sòlda ki te peri (Nonb 25.1–9). Balaram te mete nan tèt li li fè sa ki dwat, li obeyisan devan Bondye paske li pa t’ madichonnen pèp Izrayèl la ak bouch li. Men, anmenmtan an, li te tann yon pèlen pou moun Izrayèl yo ki te pratikman yon madichon pou yo. Balaram te reyisi nan yon vye travay lèd san li pa t’ oblije sal men li ditou.

Depi yon moun kite safte aji nan li pou li chanje prensip ak jistis pou yon benefis pèsonèl, se lage li lage kò li nan move chemen Balaram lan. Apòt Jid bay yon avètisman kont fo pwofesè ki vyole lalwa Bondye epi ki kondwi pèp Bondye a ale lwen poutèt yon benefis l’ap chache, swa lajan osinon yon lòt bagay. Yo fè tout sa pandan yo pran pòz sèvitè Bondye. Jezi, pou kont pa Li, te pale sevè kont sila yo ki t’ap priye byen long men ki t’ap piye vèv pòv yo (Matye 23.14). Depi yon moun esklav safte, li tou pèdi ekilib Kretyen. L’ap fè tout kalite mechanste. Se paske dezi pou benefis pèsonèl la vin twò fò. Si nou gade agòch adwat, n’ap wè moun k’ap itilize relijyon kòm yon metye, yon fason pou antre lajan. Yo fòse moun bay ladim konsa pou yo plen pòch yo. Yo mache mande kontribisyon pou travay Bondye a, epi apre sa yo viv nan richès avèk kòb yo resevwa yo. Apòt Pòl t’ap pale sou fo anseyan yo ki renmen lajan, epi li di se : « …moun ki panse devosyon pou Bondye se yon mwayen pou moun vin rich. » Pòl di : « Egzante moun konsa » (1 Timote 6.5, BIB KREYÒL LA).

Konsa tou, li enpòtan pou n’ konsyan pafwa nou menm tou nou anba tantasyon pou n’ fè benefis pèsonèl nan vye konpwomi, nan vyole prensip Kretyen yo. Nou al vyole yon prensip Kretyen nan biznis n’ap fè a paske n’ap chache yon ti avantaj, epi apre sa nou eseye jistifye sa nou te fè a. Nou bay manti pou n’ ka genyen nan yon match. Nou twonpe leta pou n’ ka jwenn okazyon vwayaje. Depi nou wè nou kapab bay yon « ti manti » ki ouvri pòt la pou plis pwofi osinon ki kache yon erè, se tante nou tante pou n’ lage kò nou nan vye wout Balaram lan. Si genyen posibilite pou n’ monte grad osinon pou n’ jwi plis pouvwa, nou fasil fè konpwomi, pou n’ tòde kèk prensip biblik.

Se te amou pou lajan, se te safte ki te trennen kè Jida ale byen lwen. Li te renmen Jezi epi li te fidèl pou Jezi oparavan. Renmen lajan te tèlman jete li ba, li te rive trayi Senyè pa li a. Apre sa, menm bagay la te pouse li touye tèt li tou. Depi Jida te reyalize ki kote li te rive nan afè safte, li pa t’ menm vle wè kòb la ankò. Li te rayi kòb la kounyeya, epi li te pann tèt li (Matye 27.3–5).

Bib la fè nou konnen renmen pou lajan fè domaj nan konsyans Kretyen an. Li tòde kapasite nou pou n’ konnen byen ak mal. Men sa ki ekri nan 1 Timote 6.9–10 : « Men, moun ki vle vin rich, yo tonbe nan tantasyon. Yo kite yon bann move lanvi san sans pran yo nan pèlen. Se lanvi sa yo k’ap fè moun pèdi tou sa yo genyen, k’ap fini nèt ak yo. Paske, renmen lajan fè moun fè tout kalite bagay ki mal. Gen moun ki sitèlman anvi gen lajan, yo pèdi chemen lafwa a nèt… »

Men sa Jezi di nan Matye 6.24 : « Pèsonn pa ka sèvi byen ak de (2) mèt an menm tan. Li gen pou l’ rayi yonn si l’ renmen lòt la. L’ap sèvi byen ak youn, men l’ap meprize lòt la. Nou pa kapab sèvi Bondye ak lajan an menm tan. » Men yon egzijans Apòt Pòl te kite pou nou : « Paske, konnen sa byen : okenn moun ki nan dezòd lachè, osinon ki nan lenkondwit, osinon ki renmen lajan (moun konsa se tankou moun k’ap sèvi zidòl), okenn nan moun sa yo p’ap gen pòsyon eritaj nan peyi kote Bondye ak Kris la wa a. » Lè Pòl ap detaye kalifikasyon yo pou yon lidè legliz li di : « Li pa fèt pou l’ renmen lajan » (1 Timote 3.3). Fòk nou dakò yon moun pa kapab sèvi Bondye pandan li cho pou li plen pòch li.

Si n’ap sèvi Bondye, se pou n’ fè l’ ak tout kè nou. Piga nou fè travay la tankou si se dèyè lajan nou ye. (1 Pyè 5.2). Bondye pran plezi nan sèvis ki sòti nan yon kè ki pou Li, ki renmen plan Bondye a.

Yon moun ki saf se yon moun ki pa wè lwen ditou. Tout dezi li, tout efò li yo, tout enèji li se pou bagay materyèl, bagay k’ap fini talè konsa (bagay mond sa a). Dezi a pou byen materyèl domine sou li, jouk li bliye verite Bondye a ki etènèl. Se te Jezi ki te poze kèsyon sa a : « Kisa sa ta sèvi yon moun pou l’ ta genyen lemonn antye si l’ pèdi lavi li ? Kisa yon moun kapab bay pou l’ gen lavi ? » (Matye 16.26). Yon jou ap vini kote nou va kanpe devan Bondye san okenn anyen nan men nou. Kont labank p’ap konte pou anyen. Sèl sa k’ap rete se bagay nou te fè pou envèsti nan wayòm Bondye a pandan nou t’ap viv sou tè a. Nan moman sa a, èske tout bagay nou te goumen pou n’ posede yo ap genyen enpòtans ?

Yon moun ki saf se yon moun ki ògèye. Li wè tèt li ase. Li kalkile sou kijan li ka anpile byen, menm si li oblije pase pye l’ sou lòt yo. Balaram pa t’ sansib pou byennèt moun Izrayèl yo. Ki fè li te beni yo, se paske Bondye pa t’ pèmèt li madichonnen yo. Vye plan li te prezante touswit apre a se prèv Balaram pa t’ enterese menm yon ti kras nan byennèt moun Izrayèl yo. Sèl bagay ki te enterese Balaram se te pòch li. Efezyen 4.28 fè nou konnen nou dwe travay avèk men nou yo, konsa pou n’ : « sa gen dekwa bay moun ki nan bezwen. » Epi, Travay 20.35 raple nou sa a : « Gen plis benediksyon pou moun k’ap bay pase pou moun k’ap resevwa. »

Gen yon lòt bagay ankò nan move wout Balaram lan. Li te doute Pawòl Bondye. Li ta sanble Balaram te mete nan tèt li Bondye te kapab chanje lide—Li te ka chanje pawòl konsa pou Li kite Balaram regle bagay la jan li te vle. Nan ti lèt Apòt Jid te ekri a, nou ka remake sa se youn pami pwoblèm yo ki prezante lakay yon fo pwofèt. Li eseye chanje Pawòl Bondye a. Li pa dakò ak sa Bondye di. Fo pwofèt yo pa asepte Bòn Nouvèl yo te resevwa a. Yo anvi fòse Bib la di sa li pa di. Men, depi se Bondye ki pale, lòm pa kapab nan negosye pawòl sa yo.

Pandan n’ap gade avètisman Apòt Jid ban nou an, istwa Balaram lan kapab fè nou wè ki kote chemen dezobeyisans lan va kondwi nou. Istwa a rale zòrèy nou konsa : Piga nou swiv safte ki nan kè nou, piga nou pran Pawòl Bondye pou bagay lejè, epi piga nou chache vire Pawòl la osinon negosye sa li di a. Jid egzije nou pou n’ asepte Pawòl Bondye a san nou pa eseye ranje l’ avèk foli pa nou yo. Se obeyi pou n’ obeyi sa li anseye pito. Chemen Balaram lan se yon chemen ki mennen nou nan pèdisyon. Se yon chemen desepsyon ak destriksyon. Se yon wout ki danjere anpil anpil.

Ki devwa yon vre kwayan genyen si li sansib pou kondisyon espirityèl li a ? Jid fè nou konnen nou dwe : « pran defans lafwa Bondye te bay yon sèl fwa pou tout tan an, pou tout moun pa L’ yo » (Jid 3). Èske lafwa Bondye te bay la se yon bagay ki kapab pèdi ? Moun pèp Izrayèl yo te pèdi lavi yo dèske yo te pèdi lafwa. Yo te delivre anba esklavaj nan Lejip se vre, men yo te mouri nan dezè a poutèt dezobeyisans yo devan Pawòl Bondye (Jid 5). Konsa tou, yon seri zanj ki te fidèl pou Bondye oparavan te pèdi plas yo nan syèl la dèske yo te fè rebèl kont otorite Bondye a.

Chemen Balaram lan rann nou initil nan wayòm Bondye a. Pito, ann mande Bondye pou Li netwaye kè nou yo, pou Li efase dezi a pou n’ benefisye materyèlman nan sèvis n’ap fè pou Li. Benefis nou te ka jwenn nan sèvis Bondye pa dwe janm enfliyanse kalite sèvis nou bay la. Ann swiv Senyè a fidèlman.

Ann swiv Pawòl Li nan tout sa li di, epi ann swiv avèk imilite. Se Bondye ki kapab kenbe nou pou nou pa tonbe. Se Li menm ki kapab fè nou parèt san repwòch ak kè kontan devan L’ nan tout bèl pouvwa Li (Jid 24). Nan lè Li deside a, Bondye va rekonpanse nou selon sa nou merite a.

Soti nan: Flanbo Verite A Mas - Avril 2021

Search

Resources

English

An unhandled error has occurred. Reload 🗙

Rejoining the server...

Rejoin failed... trying again in seconds.

Failed to rejoin.
Please retry or reload the page.

The session has been paused by the server.

Failed to resume the session.
Please retry or reload the page.