Anabaptist Resources Logo

Bondye Va Jije Apostazi

Ronald Yoder

Publicadora La Merced | Feb 17, 2026

Short Article

Pandan plizyè edisyon Flanbo Verite A, nou t’ap wè ansanm yon seri ansèyman ki baze sou lèt Jid te ekri a. Atik sa yo pale sou kijan nou dwe pran defans lafwa Bondye te ban nou an. Liv Jid la pa gwo ditou, men li pa yon liv ki lejè nonplis. Sa Jid te ekri, li ekri l’ avèk tout dilijans. Li te fè anpil dilijans epi anpil efò pou li egzòte tout moun ki se frè li yo nan Jezi Kris.

Pou jan Jid te zele nan fason li abòde avètisman sa yo, nou ta dwe sezi sa li di nan yon fason ki trè serye. Nou ta dwe pran defans lafwa Bondye te ban nou an avèk anpil chalè.

Nou deja swiv senk (5) leson ki sòti nan lèt sa a. Nan premye leson lan, nou te tande kòman Jid egzije nou pou n’ kenbe fèm sa Bondye ban nou an. Vèsè 3 nan lèt Jid te ekri a fè n’ sonje lafwa nou te resevwa a se menm lafwa a ki te la depi lontan. Se vre Kris te vini, epi se vre Li te etabli yon Nouvo Kontra ki akonpli tout bagay ki te nan Ansyen Kontra a (Matye 5.17). Men, Kris pa t’ anile anyen nan Ansyen Kontra a. Se toujou menm lafwa a ki sove moun. Bondye pa chanje (Ebre 13.8).

Lèt Jid te ekri a egzije nou pou n’ pa fè menm wout ak Kayen (Jid 1.11). Se te lògèy ki te mennen Kayen jouk li te touye frè li. Mwen pa mete nan tèt mwen Kayen te konprann li pral rive jouk kote li te rive a. M’ pa kwè li te panse li pral leve men l’ pou touye frè li. Men li te tèlman konsantre sou tèt li, li te tèlman fokis sou lide pa l’ epi sou enterè pa l’. Tout kòlè li yo epi tout kilpabilite li yo, li te vide yo tout sou tèt Abèl. Li pa t’ dakò imilye tèt li pou wè se li menm menm ki te genyen tò nan bagay la.

Nou te etidye èrè Balaram te fè a tou (Jid 1.11). Nou te wè kijan Balaram te saf jouk li te mete tout kòmandman Bondye yo sou kote pou li te ka antre plis byen. Nan kòmansman istwa sa, ou ta di Balaram t’ap chache swiv direksyon Bondye a tout bon vre, men alafen li te rechte sa Bondye t’ap fè, epi li te kanpe kont volonte Bondye. Balaram te fè sa l’ kapab pou fè pèp Izrayèl la peche. Li te mete nan tèt li se chemen sa a ki te ka fè l’ mete men sou rekonpans Balak te ofri a.

Nou te etidye Kore, epi nou te wè jan li te peri nan fè rebèl (Jid 1.11). Li te fè rebèl kont Bondye paske li te anvi jwenn libète li. Kore te vle fè tout moun konprann yo tout te sen devan Senyè a. Li te vle fè yo konprann yo tout ka viv jan yo vle, epi pèsonn pa gen obligasyon pou soumèt devan otorite okenn lòt moun. Li pa t’ dakò pou yon lòt moun genyen otorite sou li. Kore te rechte lide otorite a.

Nan edisyon ki pase a, nou te analize kijan mechan yo konn fofile antre nan mitan legliz. Yo tòde libète Bondye ban nou an, epi yo itilize l’ pou yo fè nenpòt sa lachè pouse yo fè. Yo pa gen respè pou otorite espirityèl yo. Okontrè, yo madichonnen yo paske yo pa ka konprann yo. Yon moun konsa se yon moun ki ka tonbe nan peche fasil. Li pa gen okenn defans ki pare pou repouse lènmi an.

Enben, ki kote fo pwofesè sa yo ye menm ? Jid montre nou kijan moun sa yo te prezan deja andedan legliz Kris la alepòk. Si yo te deja andedan legliz la nan premye syèk la, èske yo pa pi fasil prezan jounen jodi a ? Yo la ap menase sante espirityèl nou an. Yo dèyè detwi legliz la.

Si mwen pran plim pou m’ ekri sa m’ap ekri la a, se paske mwen vle ankouraje ou toudabò. Men, anmenmtan, fòk mwen avèti ou tou. Jezi ap vini avèk zanj Li yo pou jije tout moun sa yo ki abandone lafwa (apostazi). Moun ki lwen Bondye yo pral soufri konsekans yo pou sa y’ap fè, e pou manti y’ap bay. Se pral tankou Kayen, Balaram, epi Kore. Kore ak Balaram te mouri pou sa yo te fè a. Kayen, pou kont pa l’, te oblije viv egzile. Li te oblije tounen yon vakabon k’ap plede mache toupatou. Li te pote yon mak ki te idantifye l’, ki te fè pèsonn pa t’ vle wè li.

Jid fè nou konnen mechan ki andedan legliz va sibi jijman devan Bondye. Yon bon jou, y’a vin genyen konviksyon sou tout peche yo te fè yo. Apre sa, yo va kondane. Yo va resevwa pinisyon. Selon vèsè 23, mechan yo va nan mitan dife etènèlman. Ala yon konsekans ki terib ! Nou pa dwe sezi dèske nou wè Jid te zele pou legliz la. Se paske li te vle moun evite vye konsekans sa a.

Men, nou pa dwe dakò pou n’ annik chape anba vye pinisyon sa a epi pou n’ rete la. Pito, se pou nou goumen, se pou nou lite pou n’ defann lafwa. Lòd sa a, nou pa jwenn li sèlman nan lèt Jid te ekri a. Men menm lòd la ankò : « Sèl bagay ki konsekan se pou nou viv yon jan ki konfòm ak bon nouvèl Kris la. Konsa... se pou m’ tande jan n’ap kenbe fèm, jan n’ap viv ansanm youn ak lòt. Se pou m’ tande jan n’ap mennen batay la ansanm pou defann konfyans bon nouvèl la fè nou gen nan Bondye » (Filipyen 1.27). « Timote, pitit mwen, m’ap renmèt ou kòmandman sa a, dapre pawòl pwofèt Bondye yo te di sou ou nan tan lontan an. Pran fòs sou pawòl sa yo pou ou ka mennen batay la byen » (1 Timote 1.18).

Genyen anpil pasaj ankò ki konsa. Pou mwen menm, lè kretyen pale sou batay n’ap mennen an, twò souvan nou wè sa kòm yon batay kote se defann n’ap defann ase. Nou defann kont tantasyon. Nou defann kont eprèv. Nou fè sa n’ kapab pou nou pa peche. Men, pasaj sa yo montre nou batay kretyen an se pa sèlman reziste kont mechanste. Nou dwe atake tou. Nou dwe pran pozisyon kont lènmi an. Nou dwe avanse sou li san nou pa pè. Wout n’ap fè a genyen objèktif. Note byen sa nou li nan Filipyen 1.28 : « Pa kite okenn lènmi kraponnen nou… »

Kounyeya a, ann gade vèsè 22 epi vèsè 23 toujou nan lèt Jid te ekri a : « Gen pitye pou frè yo ki nan doutans toujou. Lonje men delivre yo, rache yo sòti nan mitan dife a… »

Èske ou wè bagay la ? Batay nou an se pa yon batay kote nou chita defann sèlman. Se nou menm ki posede verite a. Piga lènmi an fè nou gen laperèz. Depi se verite a n’ap defann, nou ta sipoze toujou pare pou n’ bay yon repons (1 Pyè 3.15). Nou ta sipoze konvenk sila yo ki kont nou, epi nou dwe fè l’ yon fason pou yo pa kapab repwoche nou pou anyen (Tit 1.9-11). Se vre nou vle sove anba jijman Bondye a, men se pa sa sèlman. Nou anvi wè lòt yo sove tou.

Kounyeya a, kijan nou ka prepare tèt nou pou batay sa a ? Jid ban nou kèk prensip ki enpòtan.

Dabò, fòk nou evite divizyon. Nan vèsè 19, Jid esplike kijan divizyon sòti nan moun sa yo nou te deja egzaminen (Kore, Balaram, Kayen…). Nou dwe fè lekontrè avèk moun sa yo. Ann gade ankò sa ki ekri nan Filipyen 1.27 : « Sèl bagay ki konsekan se pou nou viv yon jan ki konfòm ak bon nouvèl Kris la. Konsa... se pou m’ tande jan n’ap mennen batay la ansanm pou defann konfyans bon nouvèl la fè nou gen nan Bondye. »

Pa gen dout, sèl fason nou kapab pote laviktwa se pou n’ toujou men nan men avèk frè nou yo pandan n’ap lite ansanm. Se pou n’ youn ede lòt.

Dezyèmman, Jid egzije nou pou nou kontinye grandi toujou nan konfyans (v. 20). Sa se yon pa annavan ankò. Nou pa sèlman gen tèt ansanm, nou pa sèlman dakò youn ak lòt, men nou dwe ap travay pou byennèt frè nou an, pou n’ ede li grandi nan lavi espirityèl li. « Se pou tout sa k’ap fèt ede legliz la grandi nan lafwa » (1 Korent 14.26). « Okontrè, ann pale verite a avèk renmen nan kè nou, konsa n’a ka grandi nan tout sans nan Kris la ki chèf kò a. Gremesi Kris la, tout pati nan kò a byen òganize, yo tout byen mare youn ak lòt nan jwenti yo. Konsa, lè chak pati fè sa yo gen pou yo fè a, tout kò a ap grandi, l’ap devlope nan renmen » (Efezyen 4.15–16). Ankò, genyen plis pasaj pase sa ki pale sou kijan li enpòtan pou frè yo travay pou kwasans youn lòt. Nou site de (2) sèlman.

Twazyèm prensip la se lapriyè (v. 20). Li esansyèl pou nou toujou genyen kontak avèk Papa nou ki nan syèl la. Si pandan n’ap mache avèk Kris, nou pa avanse jou an jou nan jan nou konprann Bondye, kijan n’ap konnen kòman nou dwe sèvi Li ? Se nan kominikasyon avè L’ n’ap avanse, epi se nan kominikasyon ak Li nou va konnen volonte Li.

Genyen yon pwen ki parèt klè nan pasaj sa a. Jid di : « Avèk pouvwa Sentespri a, annou lapriyè san rete. » Poukisa li enpòtan pou nou priye avèk pouvwa Sentespri ? Genyen de (2) rezon. Youn, Bondye pa tande nou si nou pa mande nan fason pou nou mande a. Jak di konsa : « Menm lè nou mande, nou pa resevwa anyen, paske nou mande mal. Nou mande bagay ki pou satisfè pwòp dezi pa nou sèlman » (Jak 4.3). Depi n’ap mande Bondye bagay ki pou satisfè lachè nou, nou p’ap jwenn sa n’ap mande a. Pa kont, si nou mande selon volonte Bondye, Li va reponn nou. « Se poutèt sa kè nou pa sote devan Bondye. Nou konnen L’ap koute nou si nou mande L’ kichòy ki dakò ak volonte Li » (1 Jan 5.14).

Genyen yon dezyèm rezon kifè nou dwe priye avèk pouvwa Sentespri. Pafwa nou pa konnen kisa pou nou mande, men Sentespri a ede nou konnen. « Se konsa tou, Lespri Bondye a vin ede nou, atout nou fèb la, paske nou pa konnen kisa pou n’ mande lè n’ap lapriyè, ni ki jan pou nou lapriyè. Men, se Lespri Bondye a menm k’ap lapriyè Bondye pou nou. L’ap pouse gwo soupi moun pa ka esplike. Bondye menm ki konnen sa ki nan kè tout moun, Li konnen kisa Lespri Li a vle mande, paske sa Bondye vle a se sa Lespri Li a ap mande pou tout moun k’ap viv pou Bondye » (Women 8.26–27). Depi nou pa konnen kisa nou dwe mande Bondye, osinon depi nou pa konnen sa Bondye vle nan tèl sityasyon, se Sentespri a ki plede pou nou devan Bondye. Nou kapab pwoche devan Bondye avèk yon konfyans total, se paske nou konnen Sentespri a va plede pou nou, depi kè nou dwat.

Katriyèm prensip la se pou n’ toujou rete fèm nan renmen nou genyen pou Bondye (v. 21). Nou pa dwe fè anyen k’ap fè nou sòti anba favè Li. Fason yon moun ka rete toujou anba favè Bondye se pa bagay konplike li ye. Jezi esplike kòman pou nou fè l’: « Si nou fè tout sa Mwen ban nou lòd fè a, n’a renmen M’ tou menm jan Mwen renmen nou an. Menm jan Mwen menm, Mwen fè tout sa Papa a te ban M’ lòd fè a, Mwen renmen L’ menm jan Li renmen M’ tou » (Jan 15.10).

Se senp, pa vre ? Nou annik swiv kòmandman Bondye yo. Malerezman, nati nou ki chite se yon nati ki fè rebèl kont obeyisans. Malgre sa, obeyisans se bagay ki kle si nou vle rete fèm nan renmen Bondye a.

Senkyèm prensip la se pou nou « tann Senyè nou, Jezikri, k’ap vin ban nou lavi ki p’ap fini an paske Li gen pitye pou nou » (v. 21). Sa vle di, fòk nou pèsevere san nou pa afebli. Nou pa rive kote nou pral rive a nan yon sèl kou. Pandan nou nan wout, nou toujou anfas pwoblèm, difikilte, ak eprèv. Men si nou pèsevere, si nou rete fèm nan renmen Bondye a, si nou tann Senyè nou an ak pitye Li genyen pou nou an, nou va rive nan lavi etènèl. Ann gade yon lòt deklarasyon Senyè nou an fè : « Tout moun pral rayi nou poutèt mwen. Men, moun ki va kenbe fèm jouk sa kaba, se yo ki va sove » (Matye 10.22).

Pou n’ toujou kenbe la, fòk je nou toujou kole sou bi a, sou objèktif la. Piga nou distrè. Piga nou viv nan de (2) chemen. Nati lòm se pou l’ toujou mache dèyè sa ki pi enpòtan pou li menm. Pa ka genyen de (2) bagay ki pi enpòtan.

Enben, kisa nou ka di nan sa ? Tit atik sa a se Bondye Va Jije Apostazi. Nan edisyon ki pase yo, nou te deja egzaminen yon seri eretik tankou Kayen, Balaram, epi Kore. Yo se moun ki te abandone lafwa. Nou te ka rele yo aposta, osinon vandèpo, osinon kameleyon petèt. Genyen moun konsa toujou, epi yo dèyè pou yo rann nou sal nou menm. Enben, yo va jwenn ak pinisyon ki pou yo a. Nou menm, vre legliz Kris la, nou pa gen okenn lide vire kite Bondye nou an. Nou vle swiv Li nenpòt kote Li mennen nou. Nou bezwen fikse je nou sou Li menm, epi swiv Li fidèlman. Konsa, apre jijman, nou va bò kote Li.

« Kounyeya a tout lwanj, tout grandè, tout pouvwa ak tout otorite pou yon sèl Bondye a, pou Bondye ki ka kenbe nou pou nou pa tonbe, Li menm ki kapab fè nou parèt san repwòch ak kè kontan devan L’ nan tout bèl pouvwa Li. Li menm, sèl Bondye ki delivre nou granmèsi Jezikri, Senyè nou an, wi, se pou Li tout lwanj, tout grandè, tout pouvwa ak tout otorite, depi nan tan lontan, kounyeya a ak pou tout tan. Amèn » (Jid 24–25).

Soti nan: Flanbo Verite A Sektanm-Oktòb 2021

Search

Resources

English

An unhandled error has occurred. Reload 🗙

Rejoining the server...

Rejoin failed... trying again in seconds.

Failed to rejoin.
Please retry or reload the page.

The session has been paused by the server.

Failed to resume the session.
Please retry or reload the page.