Chak Kretyen gen yon dezi pou li swiv Kris andan kè li. Men Jezi pa isit. Kijan nou kapab konnen Li epi kijan nou ka swiv tras pye Li yo ? Liv sa a te ekri avèk yon gwo dezi pou ede moun repanti epi swiv tras pye Kris yo pandan y’ ap obeyi ansèyman Li yo ak tout kè yo. Swiv tras pye Li yo jodi a !
Nan liv sa a, nou vle egzaminen kijan yon jenn Kretyen sipoze fè fas ak yon seri sityasyon reyèl ki prezante nan lavi li. Nou pral etidye prensip biblik yo ki kapab ede nou fè bon chwa. Bondye vle ou devlope yon bon plan pou sèvis Li, epi Li vle pou ou kanpe djanm kont tout vye atak Satan
yo.