Si ou se yon manman, ti etid sa yo sou yon bon manman kapab yon pi gwo èd pou ou. Yo kapab ede w’ devni yon bon manman toutbonvre. Senkannde (52) etid sa yo bay bon jan konsèy biblik. Se pou Bondye beni ou avèk anpil kapasite, epi avèk anpil enèji pandan w’ap fòme lavi pitit ou yo.
Ou se yon papa. Se pa nenpòt papa konsa konsa, men ou se papa pi bèl timoun yo ki genyen—pitit pa ou yo. Relasyon sa a pral dire toutotan nou toujou vivan. Pèsonn pa ka pran plas sa a nan lavi pitit ou yo. Liv sa a gen senkannde (52) leson ladan l’ ki pral ede ou reyisi nan travay nòb sa a.