Yon bon jou, Jezi te di pawòl sa a : « Poukisa n’ap plede rele Mwen : Mèt, Mèt… » (Lik 6.46). Chè zanmi m’, ann fè yon ti kout meditasyon sou kisa pawòl sa a vle di. Lè yon moun di : « Mèt, Mèt… » oubyen, « Senyè, Senyè…» , kisa yo vle di ?
Yon bon jou, Jezi te di pawòl sa a : « Poukisa n’ap plede rele Mwen : Mèt, Mèt… » (Lik 6.46). Chè zanmi m’, ann fè yon ti kout meditasyon sou kisa pawòl sa a vle di.
Lè yon moun di : « Mèt, Mèt… » oubyen, « Senyè, Senyè…» , kisa yo vle di ? Sa vle di y’ap adrese yon moun ki merite tout respè nou. Sa vle di n’ap adrese yon moun ki genyen otorite sou nou. Konsa, lè nou pale ak Jezi, n’ap adrese yon Senyè ki diy. Fòk nou bay Li TOUT respè. TOUT otorite se pou Li (Filipyen 2.9–11).
Jezi te kontinye pale apre sa pou Li di konsa : « Poukisa n’ap plede rele Mwen : Mèt, Mèt, epi nou pa fè sa M’ di nou fè ? » Fòk nou sonje tout Nouvo Kontra a nèt se mesaj Jezi Kris la pou nou menm. Se Li menm ki Otè chak pawòl. Enben, poukisa n’ap prezante nou devan Jezi ap rele L’ Senyè, pou anmenmtan n’ap plede chache rezon pou n’ pa obeyi sa Li di nou fè ? Lè nou ouvri Bib la, epi lè pwòp dezi nou yo ak pwòp opinyon nou yo mache kont kòmandman nou twouve ladan l’, èske nou tou pare pou n’ mouri anvè pwòp dezi pa nou yo pou n’ pratike sa Bib la deklare pito ? Se vre, n’ap viv nan yon epòk kote ki genyen anpil anpil gwo chanjman k’ap fèt, epi poutèt sa a, genyen moun k’ap di fòk nou eseye konprann Bib la selon epòk kote n’ap viv la. Èske sa se yon bon pawòl ? Èske nou dakò mete Pawòl Letènèl la nan dout poutèt kilti modèn lan k’ap disparèt talè konsa ?
Jezi te ale pi lwen ak konparezon an pou Li di : « Moun ki vin jwenn Mwen, ki tande pawòl Mwen epi ki fè sa Mwen di l’ fè, men kijan l’ap ye : L’ap tankou yon nonm k’ap bati yon kay ; li fouye tè a byen fon, li moute fondasyon kay la sou wòch. Dlo desann, lavalas frape kay la. Men, kay la pa brannen paske li te byen bati » (Lik 6.47–48).
Pawòl la ki atire atansyon m’ se : « …li fouye tè a byen fon… » . La a, nou wè yon nonm ki pa t’ voye je l’ agòch adwat pou l’ gade kijan lòt yo t’ap konstwi kay pa yo. Li pa t’ konfòme l’ pou li bati yon fason ki popilè, ni li pa t’ bati selon sa ki dous pou li nan moman an. Li te konnen byen si li ta konstwi sou sab la ki t’ap deplase anba pye l’, menm jan ak rès kilti a, se gaspiye li tapral gaspiye anpil tan ak anpil efò. Se konsa sa ye pou nou menm tou jounen jodi a. An reyalite, yon Kretyen tout bon se yon gason ki pa pè doulè epi ki pa pè redi pou l’ etabli kay li sou sèl bagay la ki p’ap janm deplase : ki se Pawòl Senyè a.
Enben, kijan nou kapab rele Li Senyè ak tout kè nou san ipokrizi ? Kijan nou kapab bati kay nou sou wòch la ? Nou bati sou wòch la lè nou chanje volonte nou, kilti nou, koutim nou yo, kwayans nou yo, epi tout lavi nou nèt pou n’ konfòme ak sa Bib la anseye nou (1 Pyè 1.14–15 ; Women 12.1–2). Nou demontre sa nan jan nou pale ak nan jan nou viv lakay nou. Nou demontre sa lè n’ nan travay ak lè n’ nan lari. Nou demontre sa lè nou legliz. Epi, nou demontre sa nan sekrè yo ki kache nan fon kè nou tou.
Koulye a, se pou nou fikse nou sou kèk fondasyon biblik ki va sèvi WÒCH kote nou kapab konstwi ak kè poze. Ak chak nan eleman sa yo, nou vle aprann fouye tè a byen fon. Sa vle di, nou vle reflechi sou TOUT TI PWEN YO KI PREZAN NAN LAVI NOU pou n’ ka fè yon bon konstriksyon.
Wòch la :
« Men Mwen menm, men sa M’ap di nou : Pa fè sèman menm…Men, lè w’ap pale se wi ak non pou ou genyen ase. Tou sa ou mete an plis, se nan Satan sa sòti » (Matye 5.34–37).
Men kijan pou n’ bati kay la :
Wòch la :
« Se poutèt sa pèsonn pa gen dwa separe sa Bondye mete ansanm » (Mak 10.9). « M’ap pran yon egzanp : yon madanm marye gen angajman avèk mari l’ devan lalwa toutotan mari a vivan…Si pandan mari a vivan toujou, madanm lan vin fanm yon lòt gason, y’ap rele madanm lan adiltè… » (Women 7.2–3).
Men kijan pou n’ bati kay la :
Wòch la :
« Men Mwen menm, men sa M’ap di nou : renmen tout lènmi nou yo… » (Matye 5.44). « Si yon moun fè nou mal, pa chache fè l’ mal tou. Chache fè sa ki byen nan je tout moun » (Women 12.17).
Men kijan pou n’ bati kay la :
Wòch la :
« Si yon moun ap moutre yon lòt doktrin ki pa dakò ak pawòl verite ki sòti nan Jezikri a, ni avèk sa relijyon nou te montre nou an, se yon moun ki gen lògèy, ki pa konn anyen. Se tankou yon maladi li genyen pou l’ap diskite tout tan, pou l’ap fè kont pou nenpòt ti mo. Se sa ki lakòz moun ap fè jalouzi, y’ap fè kont, y’ap pale moun mal, yo sispèk moun pou anyen » (1 Timote 6.3–4).
Men kijan pou n’ bati kay la :
Nou ta dwe rekonèt tout kòmandman ki nan Nouvo Kontra a kòm bon doktrin fèm, epi nou dwe pratike yo pou byennèt pa nou pèsonèlman. Nou dwe rete ap obeyi yo, menmsi nou wè anpil moun pa okipe yo ankò jouk yo rechte yo nèt. N’ap pale sou doktrin tankou : abiman enb epi modès (1 Timote 2.9), fason pou medam ki kretyen vwale tèt yo (1 Korent 11.1–16), lòd nan legliz, ak soumisyon medam yo (1 Korent 14.26–35), bo sen an (Women 16.16), epi lavman pye (Jan 13.1–17).
Wòch la :
« Pa kite lanvi ki nan kè jenn moun yo pran pye sou ou. Rete lwen yo. Men, mete tèt ou ansanm ak moun ki gen kè yo nan kondisyon pou sèvi Bondye, moun k’ap rele Bondye, k’ap chache fè sa ki dwat devan L’ epi k’ap chache gen konfyans, renmen, ak kè poze » (2 Timote 2.22). « …aji ak jenn fi yo, tankou si yo te sè ou, san okenn move lide » (1 Timote 5.2).
Men kijan pou n’ bati kay la :
Wòch la :
« Nou pa gen anyen pou nou wè ak moun k’ap viv nan fènwa, moun k’ap fè bagay ki p’ap rapòte anyen. Okontrè, denonse yo pou sa yo ye » (Efezyen 5.11). « Pa mete tèt nou ansanm ak moun ki pa gen konfyans nan Kris la : Se pa sosyete konsa ki bon pou nou. Kijan nou ta vle wè sa pou bagay ki bon, bagay ki dwat, mele ak bagay ki mal ? Kijan pou limyè ta ka mache ak fènwa ? » (2 Korent 6.14).
Men kijan pou n’ bati kay la :
Kouri pou vye blag ak pou vye pawòl lemonn. Pa mele nan vye kouran lemonn yo, nan gwo mizik, nan kouri dèyè gwo jwè, ak nan lòt bagay ki detounen lespri moun. Se bagay sa yo ki kreye depandans lakay moun epi ki tou mare sila yo ki patisipe ladan yo.
Pa angaje ou ak kalite komite sa yo ki antre nan politik pou ou pa tonbe nan vye aksyon pa yo. Pa patisipe nan grèv. Pa patisipe nan rezistans pasifistik. Kòm Kretyen, reskonsabilite nou genyen anvè gouvènman an se pou n’ obeyi gouvènman an selon Senyè a, pou n’ peye taks, epi pou n’ priye pou chèf yo.
Pa marye ak yon payen, ni ak yon moun ki genyen okenn lòt kwayans relijye ki diferan ak pa nou an.
Wòch la :
« Jezi reponn li : Sa M’ap di ou la a, se vre wi : Pesonn pa kapab wè Peyi kote Bondye Wa a si li pa fèt yon dezyèm fwa. …se pou nou fèt yon dezyèm fwa » (Jan 3.3, 7).
Men kijan pou n’ bati kay la :
Anpil moun pral di lide sa yo se bèl lide yo ye, men yo depase reyalite a. Y’a di moun pa ka viv konsa vre paske sa twò difisil. Si se konsa, di m’ kijan ou ka kwè nan Pawòl Bondye a epi pou anmenmtan ou eseye vire sa li di pou fè l’ konfòme ak sa ou pi pito. Jounen jodi a, genyen anpil fwaye, anpil jenn, anpil granmoun, epi anpil legliz kote move kouran lemonn lan gentan pote yo ale byen lwen. E se poutèt vye lojik sa a ki di moun pa ka viv jan Bib la mande pou nou viv la. Kisa ou pral fè ou menm ?
M’ap repete sa Jezi te di ankò : « Poukisa n’ap plede rele Mwen : Mèt, Mèt, epi nou pa fè sa M’ di nou fè ? » Enben, kòman pou nou fè sa Li di nou fè ? Kisa sa vle di menm ? Repons lan klè : Sa vle di nou pratike kòmandman yo ki nan Nouvo Kontra a nan tout ti detay yo nan lavi nou. Li vle di nou pa bezwen kouri pou pwoblèm, ni pou doulè. Okontrè, nou fouye byen fon pou n’ ka bati kay nou sou wòch la toutbonvre. Pa genyen okenn lòt fason pou n’ sove kay nou an epi pou n’ sekirize l’ jouk lafen. Epi, si se konsa nou viv vre, nou va gen tout dwa pou n’ rele Bondye : « Mèt, Mèt ! »
—Pablo Chwòk