Mis la te ban nou lè randevou a byen pwòp. Men, pou mwen menm, se kòmsi li t'ap di : « Se kòb la ki enterese nou. » Mis la te eseye konsole nou. Li te di : « Pa twouble tèt ou, tande ? Tibebe a poko menm fòme. Kote ou ye a, sa k' nan vant ou se san ak bout chè sèlman, anyen ankò. »
Etid sa a pral ouvri je ou sou Ansyen Kontra a. Li pral ouvri je ou sou Jezi. Fèt atansyon ! Paske ak etid sa a, ou ka tonbe damou pou Bondye ! Se Li menm ki te deklare : « Y’a mete yon kote apa pou Mwen pou M’ ka vin rete nan mitan yo » (Egzòd 25.8).
Kiyès Bondye ye ? Kijan nou ka vin jwenn repo nan Li ? Liv sa a, va eksplike kòman Bib La te fè vin egziste, poukisa yo rele Bib La Pawòl Bondye a ? Kòman peche te fè antre nan lemonn ? Kòman nou kapab jwenn delivrans nan peche e kòman nou kapab konnen verite sou Jezi Kri ki se sovè tout limanite.
Kat premye leson yo nan liv sa a, bay chemen pou moun ki poko sove a jwenn delivrans nan Jezi Kris. Yo gen entansyon tou pou gide yon moun kreye yon Plan Biznis debaz pou yon ti biznis. Rès leson yo anseye kouman nou dwe viv lafwa nou nan mitan moun e bay ti komèsan konsèy pou lavi chak jou yo.
Istwa a fè nou wè fidelite yon jenn gason nan mitan gran difikilte. Konbyen fwa nou pèdi lafwa pandan nou sibi kèk ti bagay ki prèske pa sanble anyen devan sa jennonm sa a te sibi nan istwa sa a ?
M’ panse petèt ou konn tande moun di bagay konsa : « M’ twouve li difi sil pou m’ sipòte Entèl. » Oubyen petèt yo konn di : « M’ pa ka boule ak Entèl mwen menm. » Èske ou ka sipòte frè ou ? Si ou sensè, fòk ou admèt genyen moun ki difi sil pou ou sipòte.
Èske Bib la kapab ban nou bon direksyon pou tout bann desizyon yo n’ ap fè chak jou vrèmanvre ? Nou di wi ! Nan liv sa a, nou konte etidye kijan moun k’ ap swiv Jezi ta sipoze reyaji devan yon seri pwoblèm ki reyèl nan lavi sa a. Nou vle dekouvri prensip biblik yo ki ka ede nou fè chwa ki bon.
Chak Kretyen gen yon dezi pou li swiv Kris andan kè li. Men Jezi pa isit. Kijan nou kapab konnen Li epi kijan nou ka swiv tras pye Li yo ? Liv sa a te ekri avèk yon gwo dezi pou ede moun repanti epi swiv tras pye Kris yo pandan y’ ap obeyi ansèyman Li yo ak tout kè yo. Swiv tras pye Li yo jodi a !