Devlope oubyen Non ?

Nou di n’ap viv nan yon tan ki pwogrese, men ki kote pwogrè a ye lè konsa ? Kote ki gen pwogrè, moun viv byen, yo viv dwat. Kote ki gen pwogrè, se kote ki genyen plis jistis epi mwens vyolans. Kote ki gen pwogrè, se kote moun ap kite dwòg ak alkòl. Donk, èske nou se moun devlope oubyen moun sovaj ?

Nan syèk ki fèk pase a, genyen istwa dwòl ki vin jwenn nou. Genyen imaj ki montre nou kijan kèk payen ap viv nan peyi Afrik, sou kèk ti zile nan mitan lanmè, epi menm pami kèk tribi ki abite andedan peyi Etazini. Nou wè nan foto yo kijan moun sa yo se moun ki swadizan egare. Yo tou pòv, yo pa fè okenn devlòpman, epi y’ap viv tankou moun nan yon lòt syèk ki pase. Nou di : « Ala dwòl sa dwòl. Gade kijan y’ap benyen nan peche…y’ap mache san rad, y’ap jwe gwo vye mizik, y’ap danse vye dans, y’ap patisipe nan vye bagay. Yo pa evolye kras. »

Lè sa a, nou mete nan tèt nou, Gade kijan mwen gen chans viv nan yon peyi ki devlope ! Ala yon avantaj m’ap jwi dèske mwen viv nan yon sosyete ki avanse, ki fòme, ki pwogrese, epi ki swadizan Kretyen. Fòk nou ale kote vye moun sa yo pou n’ pote kilti pa nou an ba yo. Konsa, yo kapab jwi menm bagay avèk nou.

Men, kisa k’ap pase nan kilti pa nou an ki swadizan Kretyen epi ki swadizan devlope ? Jounen jodi a, afè mache sou moun ap bay filing se bagay yo asepte tout kote. Se pa nan gwo vil yo ase, men nan ti kominote andeyò yo tou. Medam yo ap abiye ak yon seri rad ki prèske pa kache anyen. Gason yo pran lari san mayo epi ak ti kal pantalon sou yo. Sa pa anyen pou ou wè gason ak fi ki nan plaj k’ap kouri ansanm san yo prèske pa genyen kras rad sou yo.

Rad moun mete sou yo jodi a se bagay ki pou fè ou kriye. Jenn yo ap fè cheve yo yon jan ki egzajere. Ou oblije mande ki kote yo jwenn lide sa yo. Ki kilti ki fè bagay konsa antre nan tèt yo ? Franchman, genyen yon seri rad moun mete koulye a ki sipoze fè tout moun wont. Yo tèlman dwòl, menm yon ras moun ki abitye mache san abiman te ka wont mete bagay sa yo sou yo. Epi, kibò sou latè ou te ka jwenn yon kilti kote moun yo achte yon bon rad tounèf epi anvan yo mete l’, y’al dekoupe l’ epi dechire l’ pou li pi alamòd ? Se pa ras endijèn yo ki fè sa non. Se nou menm ! Se kilti pa nou ki plede mete linèt solèy nan je nou malgre pa gen solèy.

Epi, koulye a nou tande mizik tout kote nou pase…genyen wòk, genyen rege, genyen rap, epi genyen mizik dyab tou. Genyen mizik ki fèt nan estil popilè yo, epi atis yo di se mizik kretyen li ye. Men mizik la genyen menm sans seksyèl ak mizik Satan yo. Epi, fòk nou ka remake mizik modèn sa yo sanble anpil ak mizik ansyen yo ki sòti nan peyi Afrik. Men jounen jodi a ou ka jwenn paran kretyen ki gen bon repitasyon epi ki dakò ak kalite mizik sa yo.

Èske nou se moun devlope oubyen moun sovaj ? Èske nou se Kretyen oubyen payen ? Ann chache konnen repons lan.

Nan tan pa nou, gen yon seri dans ki endesan epi ki konplètman seksyèl k’ap fèt devan tout kalite moun. Bagay ki sal ap boujonnen toupatou. Pwoblèm alkòl ak pwoblèm dwòg ap domine sosyete a. Epi, menm gen moun k’ap di fòk nou asepte omoseksyalite kòm yon bagay ki nòmal.

Vyolans ap ogmante ak yon vitès ki ta dwe fè nou pantan. Lè ou fè nouvèl, ou tande moun ap tire moun, moun ap koupe tèt moun, mari ap bat madam, epi moun ap touye tèt yo.

Nou di n’ap viv nan yon tan ki pwogrese, men ki kote pwogrè a ye lè konsa ? Kote ki gen pwogrè, moun viv byen, yo viv dwat. Kote ki gen pwogrè, se kote ki genyen plis jistis epi mwens vyolans. Kote ki gen pwogrè, se kote moun ap kite dwòg ak alkòl. Vrè pwogrè rann fwaye yo estab epi kontan. Vrè pwogrè bay maryaj ki fidèl ak timoun ki obeyisan. Li bay timoun ki pare pou sèvi Bondye epi pou beni sosyete a.

Donk, èske nou se moun devlope oubyen moun sovaj ? Èske nou se Kretyen oubyen payen ? Ou pa oblije ale twò lwen pou ou jwenn repons lan. Sosyete nou an ap degrengole desann.

Chè lektè…sa k’ pase ou ? Èske ou pèdi krentif pou Bondye ? Èske direksyon kote nou prale a pa fè ou anyen ?

Kòman nou fè mete nan tèt nou nou ka plede simen salte nan sa n’ap viv sou entènèt, sou tele, nan fèt, nan bal, epi apre sa pou  n’ rekòlte sentete, jistis, pwòpte moral, ak onètete ? Èske vye aktivite ak vye lye kapab pwodwi bon jan pwogrè ? Èske se kote sa yo ki pwodwi yon seri moun ki vrèman kretyen ?

Reveye ou, papa ! Reveye ou, manman ! Reveye ou, pastè ! Reveye ou, jenn ! Sou ki wout w’ap mache ?

Senyè a di konsa : « …pòt ki laj la, chemen ki fasil la ap mennen nou tou dwat nan lanmò. Gen anpil moun ki pase ladan li » (Matye 7.13).

Moun k’ap mache sou chemen fasil la epi k’ap viv nan peche ta sipoze konnen se kondanasyon etènèl k’ap tann yo pi devan. Se vre, moun sa a va rekòlte fwi peche li pandan l’ap viv isiba tou, men sa k’ap tann li apre se sa ki pi mal. Apòt Pòl te pale sou kalite lavi sa a : « Se nan bagay sa yo nou t’ap viv nan tan lontan. Nou t’ap swiv move kouran ki nan lemonn, nou t’ap fè volonte chèf otorite yo ki nan lè a, move lespri k’ap travay koulye a nan moun k’ap dezobeyi Bondye yo. Lè sa a, nou menm Jwif yo, nou te menm jan ak yo. Nou t’ap mennen lavi nou dapre egzijans lachè, nou t’ap fè kapris kò nou ak tout vye lide ki te vin nan tèt nou. Konsa, nou menm Jwif, jan nou te ye a, nou te kondane pou n’ te tonbe anba kolè Bondye tankou lòt yo » (Efezyen 2.2–3).

Chè lektè, èske wout lavi sa a ap mennen ou nan kondanasyon ? Sa k’ pase ou ? Èske se pèdi ou pèdi krentif pou Bondye ? Èske ou bay vag ? Non ! Pou byen pa ou, pou byen pitit ou yo, epi pou byen jenerasyon k’ap vini yo, se pou ou souke kò ou. Desizyon ou pran jodi a yo ka chanje wout lavi ou, yo kapab voye ou nan yon lòt destinasyon. Konsa tou, genyen lòt moun ki pwòch ou, epi desizyon pa ou yo pral afekte wout lavi pa yo tou.

Lè a prèske rive. Fen an prèske rive sou nou. Men jodi a ou toujou genyen chans pou ou repanti, pou ou tounen vin jwenn Bondye, pou ou soumèt ou anba men Jezi Kris. Ou kapab mande Jezi pou li dirije lavi ou pito. Desizyon sa a va mete ou an kwa devan chemen lemonn ap swiv la, men se yon desizyon ki va pote lajwa nan lavi sa a epi nan lavi k’ap vini an.

Donk, èske nou se moun ki devlope oubyen moun ki sovaj ? Èske nou se kretyen oubyen payen  ? Bondye konnen. Epi, ou konnen tou.

—Atik sa a sòti nan La Antorcha de la Verdad (Flanbo Verite a) Sektanm–Oktòb 1990

Detay
Lang
Kreyòl Ayisyen
Kantite Paj
2
Otè
Sanford Yoder
Edite
Publicadora La Merced
Sijè

Retounen nan Lis la