Jedi A 5è Nan Apremidi

Mis la te ban nou lè randevou a byen pwòp. Men, pou mwen menm, se kòmsi li t'ap di : « Se kòb la ki enterese nou. » Mis la te eseye konsole nou. Li te di : « Pa twouble tèt ou, tande ? Tibebe a poko menm fòme. Kote ou ye a, sa k' nan vant ou se san ak bout chè sèlman, anyen ankò. »

Mis la te ban nou lè randevou a byen pwòp. Men, pou mwen menm, se kòmsi li t'ap di : « Se kòb la ki enterese nou. »

Mis la te eseye konsole nou. Li te di : « Pa twouble tèt ou, tande ? Tibebe a poko menm fòme. Kote ou ye a, sa k' nan vant ou se san ak bout chè sèlman, anyen ankò. »

Se nan Florid nou te ye, nan peyi Etazini. Se te yon klinik tounèf, epi yo te bati l' espre pou fè avòtman. Mwen menm ak madanm mwen t'ap fè rechèch sou afè avòtman. Madanm mwen te twouve l' ansent, epi moman an pa t' bon pou nou ditou. Nou pa t' ankò pare pou n' jwe wòl manman ak papa pou yon tibebe. Nou t'ap travay. Se travay nou yo ki te tout bagay pou nou. Nou te tèlman angaje nan travay nou yo, kesyon pitit la tapral oblije tann pou pi devan. Dabò, nou te vle rive akonpli kèk bi nou te fikse pou tèt nou. Fòk nou te genyen yon gwo tonton kay chaje bèl bagay anvan nou ta kòmanse fè pitit.

Sou kesyon avòtman menm, nou te yon ti jan divize. Pou mwen menm, mwen pa t' fin alèz avèk lide a. Men, mwen pa t' vle jije l' kòm yon bagay ki pa janm bon. Madanm mwen, pou kont pa l', pa t' rann kont yon bebe nan vant genyen okenn dwa. Pou li menm, avòtman se te prèske menm bagay ak planin.

Kesyon avòtman an t'ap fè aktyalite alepòk nan peyi Etazini. Te genyen de (2) bò ki te opoze youn ak lòt, epi yo chak t'ap pale pou konvenk lòt la. Genyen moun ki t'ap di li nòmal pou leta a peye pou avòtman yon dam ki manke resous. Lòt pati a t'ap di avòtman se sèlman yon asasinay. Se pandan batay vèbal sa a t'ap fè aktyalite, mwen menm ak madanm mwen te anfas gwo desizyon an. Alepòk, sa ki t'ap kondwi nou se te pwòp konsyans nou yo ansanm ak yon pakèt bagay nou te tande moun t'ap di sou radyo ak nan televizyon.

Pandan moun t'ap kanpe pou preche pwendvi pa yo, pou mwen menm, desizyon an te yon bagay tout afè pèsonèl li te ye. Selon lalwa peyi a, nou te rete twa (3) semenn kote nou te ka fè operasyon avòtman an nan yon klinik prive. Se espas tan sa a lalwa a te pèmèt. Pandan dat la t'ap pwoche pi pre, nou te kòmanse fè fas ak yon reyalite. Nou t'ap touye yon tibebe anvan l' fèt. Yon bò, konsyans nou yo te twouble poutèt kèk zanmi ki te pale kòmsi se asasine nou t'ap asasine yon bebe. Yon lòt bò, kèk lòt zanmi t'ap di nou se yon senp ti operasyon ki tapral fèt kote y'ap annik retire kèk bout chè nan vant madanm mwen epi se fini.

Ni mwen menm, ni madanm mwen, te klè nou pa t' genyen kapasite ekonomik pou n' okipe yon pitit. Epitou, emosyonèlman nou pa t' anfòm pou n' te jwe wòl paran. Konsa, nou te fikse dat la pou avòtman an. Men, kanmenm nou te genyen yon ti dout ki t'ap nwi konsyans nou toujou.

« Jedi a 5è nan apremidi, » se te deklarasyon mis la. Pou li menm, se te yon ti jwèt. Li te kontinye : « Li ta bon si madanm ou ta pran detwa jou repo, tande ? »

Jou anvan randevou a te pase mal. Nou pa t' vle pale sou bagay la ditou. Pou di vre, mwen menm ak madanm mwen prèske pa t' pale sou bagay sa a menm. Si youn nan nou ta leve afè avòtman an, estrès nou te ogmante. Plis nou te inyore bagay la, se plis nou te alèz. Desizyon an te fèt. Se te yon desizyon nou te pran ansanm. Koulye a, pa t' gen okenn rezon pou n' plede ouvri deba sa a ankò.

Jou Jedi maten sa a te kòmanse ak bèl tan. Nou te antre nan aktivite nou yo kòmsi se te nenpòt jou li te ye. Nou toude te ale nan travay nou. Nou te gentan mande pèmisyon pou n' lage anvan lè. Nou te sèlman di chèf yo konsa : « Se kèk ijans nou genyen pou n' regle. » Se eskiz sa a nou te bay. Donk, nou te pase jounen travay la ap fè efò pou n' pa deranje. Pou nou menm, lè a pa t' ka rive ase vit. Se dwòl pou m' di sa, men li te prèske tankou yon timoun k'ap tann kilè pou jou Nwèl la fin rive. Tout lide nou se te kilè moman sa a va rive.

Enben, moman randevou a te fin rive sou nou.

* * * * *

Anviwon twa (3) ane apre randevou a, mwen menm ak madanm mwen t'ap gade kèk foto ki te sakaje nou. Nou t'ap gade kèk foto sou sa ki sòti nan vant yon fanm lè yo fè yon avòtman. Ak je n', nou t'ap gade san ak bout chè yo te pale nou yo. Men, genyen bagay ki pa t' fè sans pou nou. Nan mitan bout chè yo, nou te ka wè ti ponyèt. Nou te wè de (2) ti men. Chak men te ranpli ak tout dwèt li te dwe genyen yo, epi yo te byen ranje. Nou te ka wè pye yo tou.

Se te yon seri foto ki montre kòman sa ye vre lè yon fanm fè avòtman ki legal nan je leta Ameriken an. Pandan nou t'ap gade foto sa yo, nou te oblije siye dlo nan je nou. Twa (3) ane pase, pèsonn pa t' fè nou konnen reyalite sa a. Pèsonn moun alepòk pa t' ban nou tout verite a...sitou pakèt pwofesyonèl yo ki t'ap travay nan klinik lan. Yo te kache sa pou nou.

Se konnen nou pa t' konnen.

Ala kontan nou te kontan lè n' te mete foto sa yo sou kote pou n' voye je nou sou pitit fi nou an ! Se avèk lajwa nan kè nou nou te sonje sa ki te fèt twa (3) ane pase. Yon jou Jedi a 4è edmi nan apremidi a, mwen menm ak madanm mwen te rele klinik lan pou n' annile randevou a. Nou pa t' fè avòtman an, epi apre nèf (9) mwa, madanm mwen te fè yon ti fi.

Jounen jodi a, nou genyen lajwa poutèt pitit fi nou an. Konpare sa avèk gran remò nou t'ap genyen si nou te deside rache pitit la nan vant manman l'. Konsidere sa salmis la te di konsènan travay Bondye fè an sekrè nan vant yon fanm pandan pitit la ap fòme. Se yon travay delika ki fèt nan fènwa. Li kòmanse nan moman konsèpsyon an, epi li kontinye jouk nan moman nesans lan.

« Wi, se Ou ki fòme tout pati nan kò m’, se Ou ki ranje yo byen ranje nan vant manman m’. M’ap fè lwanj Ou, paske Ou pa manke fè bèl bagay. Tou sa Ou fè se bèl bagay. Mwen konn sa byen. Ou te konnen tout zo nan kò m’, depi lè m’ t’ap fòme kote moun pa t’ ka wè a, depi lè Ou t’ap travay mwen ak ladrès nan fon tè a. Depi anvan m’ te fèt, tout lavi m’ te devan je Ou. Tou sa mwen tapral fè te deja ekri nan liv Ou, anvan menm mwen te fè yo. Bondye, sa ki nan tèt Ou twò difisil pou m’ konprann, lèfini yo anpil ! Si m’ ta vle konte yo, yo ta pi plis pase grenn sab ki bò lanmè. Si m’ ta janm rive fin konte yo, mwen p’ap pi konnen Ou pase sa. Bondye, si Ou ta vle, touye mechan yo ! Si ou ta vle, fè ansasen yo manyè kite m’ an repo! » (Sòm 139.13–19)

—Pyè W. Moris
Tèks la sòti nan yon bwochi ki rele Thursday at 5:00 P.M. (Jedi a 5è nan Apremidi)

Detay
Lang
Kreyòl Ayisyen
Otè
Pyè W. Moris
Edite
Publicadora La Merced
Sijè

Retounen nan Lis la