Sakis Rete Fidèl

Istwa a fè nou wè fidelite yon jenn gason nan mitan gran difikilte. Konbyen fwa nou pèdi lafwa pandan nou sibi kèk ti bagay ki prèske pa sanble anyen devan sa jennonm sa a te sibi nan istwa sa a ?

Tànyèl Manoukyan se te yon bòs kòdonye. Li te kite andeyò pou li vin rete lavil, epi lè l’ te vin rete lavil, li te pwofite voye pitit gason l’, ki te rele Sakis, nan yon lekòl misyon. Tànyèl, ansanm ak madanm li, se Katolik yo te ye. Poutan, lekòl la se te yon lekòl Pwotestan.

Lè Sakis te nan laj katòzan konsa, li te kòmanse enterese anpil nan bagay espirityèl. Pami elèv Lekòl Dimanch yo, se li ki te pi eklere. Epi, souvan nan sèvis lapriyè yo ki te konn fèt chak Mèkredi swa, ou te ka wè ti Sakis la nan mitan tout granmoun yo. Nan sèvis lapriyè sa yo, moun yo te gen abitid kanpe youn apre lòt pou yo priye. Chak fwa yo te fè sa, Sakis te santi yon goumen ki t’ap fèt andedan kè li. Chak fwa li te vini nan sèvis la, li te toujou vini ak yon entansyon pou li kanpe epi priye. Men chak fwa moman an te rive, li pa t’ twouve fòs pou li mete debou. Li te toujou pè. Li te rete kole sou ban an. Chak fwa sèvis la te lage, Sakis te ale lakay li tèt anba tou dekouraje. Pou li menm, se nye li te nye Senyè li a yon lòt fwa ankò.

Kou Sakis te rive lakay, li te toujou jwenn papa l’ ki t’ap tann li tou fache. Depi lè li te fèt, Sakis te toujou pè papa l’. Papa l’ se te yon nèg ki te rèd anpil. Sakis te tèlman pè papa l’, li te konn mal pou pale devan l’. Malgre sa, Sakis te pèsiste ale nan sèvis lapriyè yo chak semenn. Li te konnen papa l’ tapral byen fache lè l’ retounen nan kay la. Souvan, manman Sakis te eseye defann li. Li te konn di : « Ou pa wè ou te mèt kale li jan ou vle, ou pa ka fòse jennonm lan chanje ? »

Lè konsa, byen eksite, papa Sakis t’ap reponn konsa : « Si m’ pa kale l’, l’ap devni yon Pwotestan ! Mwen p’ap asepte yon dezonè konsa andedan lakay mwen. Ou tande Sakis ? Se rebèl ou rebèl konsa ! »

Lè zen an ta fin pase, Sakis te konn kouche ap tranble sou kabann li. Tout kò l’ te fè l’ mal poutèt kal li te pran an, men li te konn santi yon ti lapè selès nan fon kè l’. Lapè a te plen kè li. Poukisa ? Se paske Sakis te wè Bondye te twouve l’ diy pou li soufri pou Levanjil la !

Pou Sakis, se te yon prèv Bondye pa t’ jete li. Se travay Bondye t’ap travay nan lavi li pito. Sakis te mete nan tèt li Bondye tapral padonnen li pou jan li te toujou manke priye nan sèvis lapriyè yo.

Sa te rete konsa pandan anpil mwa. Sakis t’ap lite pou li fè volonte Bondye, epi li t’ap pran kal nan men papa l’ poutèt sa. Se te yon peryòd dekourajman. Men, sa te chanje yon jou swa. Se te yon sware li pa t’ janm ka bliye. Se kòmsi lemond antye te fènwa pou li, epi li te twouve l’ debou nan mitan sèvis lapriyè a ap priye devan tout moun. Sa l’ t’ap di a se pa sa li te panse li tapral di. Se te pawòl ki te sòti nan fon kè l’ san li pa t’ menm rann kont.

Papa Sakis te pè pou pitit gason l’ pa deklare se yon Pwotestan li ye. Se konsa li te tou retire l’ nan lekòl la. Li te voye l’ al aprann tise twal kòm metye. Koulye a, lide lanmò te kòmanse peze Sakis. Se pa lanmò pa l’ la li te pè, men se te lanmò etènèl la ki t’ap tann manman l’ ak papa l’ dèske yo pa t’ konnen gras Jezi Kris la. Men sa ki te nan tèt jenn tigason an : « Si yo mouri san yo pa asepte Kris, yo tou kondane. Ki lajwa k’ap genyen nan syèl la pou mwen si paran m’ yo ap soufri touman etènèl ? Fòk yon moun avèti yo. Men kilès ? Sèl moun ki pou fè sa se mwen—mwen menm ki tou timid epi ki pè pale. Epi, se lanmò etènèl k’ap tann yo si m’ pa reyisi. »

Sakis te ranmase kèk liv fanmi li te genyen, epi li te ale nan yon libreri ki te rele Sosyete Biblik la.

Sakis te pale ak mèt libreri a ki te rele Mèt Paseg. Li te di l’ konsa : « Mèt Paseg, mwen pa genyen lajan, men fòk mwen genyen yon bon Bib. Èske ou dakò pou m’ ba ou liv sa yo pou ou ban m’ yon Bib ? »

Mèt la te egzaminen liv Sakis yo, epi li te reponn : « Mmmmm. Liv sa yo p’ap twò itil mwen. Men, kanmenm, si ou vrèman bezwen Bib la, m’ sipoze mwen te ka fè ou jwenn youn. » Se kouri ti Sakis te kouri ale lakay li avèk Bib la anba bra l’. Alepòk, yon moun te ka travay de (2) semenn pou l’ jwenn ase kòb ki pou achte yon Bib. Sa Sakis te bay pou l’ jwenn Bib la pa t’ anyen.

Lè Sakis te rive lakay li, li te mete Bib tounèf la sou yon etajè nan kay la. Jou sa a, apre yo te fi n soupe, Sakis te kouri ranje kabann li atè a epi li te kouche. Li te rale yon gwo dra sou li pou l’ kouvri tout kò l’ nèt. Li te pran pòz ap dòmi pou papa l’ pa kale l’ lè je l’ ta tonbe sou Bib la ki te sou etajè a. Pandan Sakis te rete ap swiv, li t’ap priye nan kè li : « O Bondye ! Se pou papa m’ wè Bib la, se pou li fè yon lekti ladan l’, epi se pou li pa bat mwen. » Se lapriyè sa li te repete konbyen fwa pandan li te kouche sou kabann li.

Papa l’ te chita sou kanape a avèk pye l’ kwaze. Li t’ap kontwole epi repase sou vye ti kòb li te antre pandan jounen an. Se abitid sa a li te genyen chak apremidi. Li te limen yon sigarèt, epi li te pouse lafi men an sòti nan gòj li. Pandan li t’ap fè sa, je l’ te tonbe sou liv tou nèf la ki te sou etajè a anlè a. Sakis t’ap swiv anba dra a. Li te kòmanse kontan – lapriyè a t’ap mache. Li te kontinye : « Se pou li fè lekti ladan l’, epi se pou li pa bat mwen. »

Tànyèl te leve, epi tou dousman, li te mache al pran liv la. Li te ouvri l’ pou l’ wè premye paj la. Li te fè yon bri sezisman ki te devwale kijan l’ te deranje pou sa l’ te dekouvri. Li te lage liv la fas anba sou kanape a. Men sa ki te vin nan panse Sakis anba dra a : « Se koulye a li pral touye m’. »

Nonm lan te fache vre, men li te adrese madanm li pito. Li te di : « Se OU ki lakòz tout bagay sa yo, madanm. Chak fwa mwen eseye mete lòd nan lavi jennonm lan, se ou ki bare m’. Vwala, koulye a li kòmanse tann vye liv Pwotestan li yo nan tout kay la tankou pèlen pou l’ kapab kenbe nou tout. Enben, mwen pral mete li nan wòl li koulye a ! M’ap fè l’ tounen yon bon Katolik, tande ? »

Madanm lan te kouri reponn yon jan pou li distrè Tànyèl pou li pa bat Sakis : « Èske ou pa deja bat jennonm lan chak semenn pandan twazan ? Kisa ou jwenn ladan l’ ? Mwen rayi Pwotestan yo menm jan avè ou ; men, si se afè Pwotestan sa a ki rann jennonm lan dou epi fidèl jan li ye a, enben, mwen mande ou pou ou ba l’ vag. »

Ak chak pawòl, vwa moun yo te monte pi wo epi pi wo. Yo te kanpe youn anfas lòt ap itilize yon seri gwo mo. Alafen, madanm lan te tonbe kriye. Li te al kouche sou kabann li ak dlo nan je l’. Tànyèl te retounen sou kanape a kote li te chache konsolasyon nan fimen sigarèt.

Sakis te priye : « O Bondye, fè li fè yon ti lekti—fè l’ li liv la. » Apre yon bèl moman, jennonm lan te wè papa l’ te pran liv beni a nan men l’. Li te ouvri l’ nan premye paj la epi te kòmanse li. Se te nan liv Jenèz. Li te li de (2) chapit konsa. Apre sa, li te mete liv la sou etajè a ankò epi te etenn lanp lan. Se te yon lajwa tounèf ki te debòde nan kè jennonm lan jou swa sa a. Li pa t’ ka dòmi sitèlman li te kontan. Nan demen maten, pandan yo t’ap manje yon ti bagay, Tànyèl te gade pitit gason l’ yon jan. Li te ba li yon move je detwa fwa, men li pa t’ di l’ anyen. Kè Sakis te sote chak fwa papa l’ te vize li, men finalman papa l’ te al nan travay li san li pa di anyen. Jou swa sa a, Tànyèl te rete chita nan kay la jouk tout moun te dòmi. Lè sa a, li te al pran Bib la sou etajè a epi li te fè yon ti lekti pandan yon bon moman. Anvan lontan, sa te devni yon koutim pou nonm lan li nan Bib la anvan li t’al dòmi. Malgre sa, li te toujou kontinye ap bat Sakis chak fwa li te sòti nan yon sèvis lapriyè.

Lavi a te vin pi di pou fanmi an, epi yo te al chache lavi nan yon vil ki te rele Èba.

Koulye a, Sakis te fin gwo jenn gason, epi papa l’ te tou mete l’ deyò nan kay la pou li pa janm retounen. Apre detwa semenn ap mache, Sakis te jwenn yon seminè ki te rele Seminè Masovan kote yo te resevwa li kòm yon elèv. Li t’ap prepare pou l’ travay nan ministè Levanjil la. Li te pase twazan nan seminè a. Li te patisipe nan anpil aktivite, epi li te grandi anpil espirityèlman. Li pa t’ janm pran nouvèl paran li yo pandan tout tan sa a. Chak vakans, pandan tout etidyan yo te al wè fanmi yo, Sakis te oblije rete pou kont li nan lekòl la.

Nan fen twazyèm ane li nan inivèsite a, yon nonm ki te sòti lavil Èba te vin nan zòn lan kote Sakis te rete a. Li te vin chache kèk timoun ki te lekòl la. Men, li te chache wè Sakis tou.

Li te di Sakis konsa : « Èske ou pa ta renmen retounen Èba avè m’, Sakis ? »

Sakis te sonje lakay li, epi konsa li te reponn : « Wi. Pi gwo dezi m’ se pou m’ tounen Èba. Men, se domaj, ou konnen papa m’. »

Nonm lan te di Sakis konsa : « Mwen pote nouvèl pou ou, Sakis. Se vre papa ou te konn pèsekite ou oparavan, men koulye a se li menm k’ap sibi pèsekisyon. Prèt la mete l’ deyò nan legliz katolik la. Yo di se yon Pwotestan li ye. Malgre tout sa yo fè li, se renmen li renmen sila yo ki fache avè l’. Nou tout byen sezi wè kijan papa ou vin dou. Li vin gen anpil pasyans. Epi manman ou ? Li se yon refij pou tout moun ki nan pwoblèm. Genyen moun ki kòmanse rele l’ Zanj Èba a. Lè m’ t’ap planifye pou m’ vin isi a, yo toude te vin lakay mwen pou yo ban m’ yon mesaj pou m’ ba ou. Mwen pa ka fin dekri kòman yo te kontan—vizaj yo t’ap eklate ak kontantman ! Papa ou te vle m’ di ou Liv Bondye a gentan pale ak yo toude. Kris antre lakay yo toude. Koulye a, sèl bagay yo manke se pitit gason yo a. Dezi kè yo se pou yo pataje lajwa etènèl yo genyen an ansanm avèk pitit gason yo a. »

- Istwa sa a sòti nan achiv Sosyete Biblik la

Detay
Lang
Kreyòl Ayisyen
Edite
Publicadora La Merced
Sijè

Retounen nan Lis la