Yon masak nan yon fèt lavil Wòm.
Se te yon gwo jou fèt lavil Wòm. Moun te sòti toupatou epi yo tout t’ap prese antre yon sèl kote. Se te kòm yon defile ki pa t’ gen fen. Yo te pase devan Mòn Kapitolin. Yo te pase nan Fowòm lan ki te devan Tanp Lapè a. Yo pase bò Ak Tit la, epi bò palè enperyal la. Yo tout t’ap bat pou yo rive nan Koloseyòm lan kote yo te antre nan pòt yo epi te pran plas yo andedan.
Koloseyòm lan se te tout afè…esplandè, briyans, ak grandè. Li te tankou yon estad. Andedan te genyen yon tèren pou aktivite yo ki te fèt nan mitan an epi yon pakèt ranje chèz ak ban ki te antoure l’. Chak ranje te pi wo pase sa ki te devan l’ lan yon fason pou moun yo te ka wè pi byen. Miray Koloseyòm lan te mezire karant (40) pye wotè, epi dènye ranje syèj yo te sou tèt miray la. Li te vas. Epi, koulye a gran espas sa a te debòde ak tout kalite moun. Moun tout ran nan sosyete a te la. Moun tout laj te la. Yo te ranje kò yo nan liy epi yo tout te rete byen serye. Se te yon gwo bagay epi li te san parèy. Koloseyòm lan te egziste pou bay chak espektatè yon esperyans konplètman mèveye. Kay la te ka kenbe jiska 65 000 moun epi yo tout te vini ak yon sèl pasyon : pou yo wè san koule. Se sa ki te rale moun yo. P’ap janm genyen yon temwayaj ki pi lèd pou kilti Women an pase vye masak sa a.
Pami asistan yo, te genyen sòlda ki te deja patisipe nan lagè nan peyi etranje. Yo te konn sa ki rele kouraj. Men vye espektak kraze zo sa yo ki t’ap fèt devan je yo nan Koloseyòm lan pa t’ bay yo degoutans malgre vyolans lan se te pou amizman ase. Apre sa, pami asistan yo ankò te genyen sitwayen ki te sòti nan gran fanmi. Te genyen filozòf, powèt, prèt, ak gouvènè. Men, menm moun sa yo pa t’ap bay okenn siy ki ta demontre sa yo t’ap gade a pa t’ bon. Nòb yo, ansanm ak mas pèp la, te mete ansanm pou fè gwo rèl andjable. Se te pasyon san rezèv. Donk, ki espwa Wòm te ka genyen lè kè pèp la te konplètman damou pou vyolans ak britalite konsa ?
Sou yon twòn anlè kote je tout moun te ka wè l’, se te Anperè Desiyis. Tout pi gwo chèf yo nan kilti Women an te antoure anperè a. Pami yo te genyen ofisye ki t’ap sèvi nan lame Pretorya a. Ak tout awogans, yo te rete ap opine sou chak zak vyolans ki te pase anba a. Yo te kritike kèk. Yo te aplodi kèk. Epi, yo te ri kèk lòt. Je mas pèp la te toujou sou reyaksyon sòlda sa yo ki te sitèlman chèlbè.
Genyen kèk ti bagay preliminè ki te deja pase, epi koulye a lè a te rive pou kòmanse avèk konba yo. Pou kòmanse, te genyen batay kote de (2) moun te kanpe anfas youn lòt pou yo goumen. Pi souvan, se youn nan yo ki te mouri alafen. Epi, asistan yo te reyaji selon kouraj ak ladrès yo te wè lakay konbatan yo. Konba sa yo te fèt sèlman pou mete chalè nan pwogram lan epi pou prepare espektatè yo pou yon pi gwo bagay ki te dèyè toujou.
Te genyen yon nonm ki te twouve respè foul la. Yo te admire l’ epi yo te aplodi l’. Se te yon Afriken ki te genyen anpil fòs. Li te sòti nan peyi Moritani epi men wotè nonm lan ! Men, ladrès li te montre nan zafè konba te egal ak gwo fòs li. Li te fè sa l’ vle ak nepe a ki te nan men l’, epi jiskensi li te touye tout moun yo te mete anfas li.
Anfen, moman an te rive kote li tapral kanpe anfas yon gladiyatè ki te sòti Batavya, yon nonm ki te egal avè l’ nan wotè ak nan fòs. Men te genyen yon bagay ki te separe de (2) konbatan yo. Afriken an te nwa. Cheve l’ te klere nan solèy la epi je l’ yo te tankou limyè. Nèg Batavya a pa t’ genyen koulè ditou. Cheve l’ te jòn. Je l’ te gri. Se te difisil pou foul la konnen kilès ki t’ap genyen avantaj paske yo te parèt prèske menm jan an. Men, akòz nèg Batavya a te genyen plis esperyans nan batay, li te genyen yon ti avantaj kanmenm. Lè batay la te demare, yo toude t’ap fè gwo efò. Nèg Batavya a te tire kou pou l’ kraze Afriken an, men Afriken an te repouse tout paske l’ te tèlman abil. Afriken an te rapid epi lejè se vre. Epi, li te batay ak yon kòlè. Malgre sa, li pa t’ ka jwenn yon kote pou l’ pase ak advèsè li a. Advèsè a t’ap byen kalkile defans li.
Rive yon lè, te genyen yon anons ki te pase. Konba a te sispann epi yo te retire konbatan yo devan je pèp la. Se pa kè touche ki te fè sa, ni se pa paske yo te gen respè pou konbatan yo. Tout sa ki t’ap fèt te fè pati yon plan pou satisfè gou piblik women an. Tout moun te konnen konbatan yo tapral retounen pou yo kontinye pi devan.
Apre sa, se te yon kantite gason ki te monte tèren batay la. Yo chak te genyen yon ti nepe nan men yo. Talè, tapral genyen batay pi rèd. Konba sa a se pa t’ yon konba tèl gwoup kont tèl gwoup, men pito yon batay chen manje chen. Chak nèg te oblije goumen ak sa ki te pi pre l’ la pou l’ pa mouri li menm. Se nan konba sa yo plis san te koule, epi se konba sa yo ki te plis chofe asistan yo. Nan yon ti kadè, yon bann moun te gentan pèdi lavi yo. Sou tèren an se te konfizyon total : 500 nèg ak tout fòs yo sou yo t’ap goumen youn ak lòt pou yo pa mouri. Pafwa, yo te fè yon sèl pil ansanm, apre sa yo te kouri separe ak gwo kout pwen. Kadav yo te rete atè a. Lè yo te separe, batay te eklate agòch adwat pandan nèg te oblije kouri sou nèg. Anvan lontan, yo te fè pil ankò.
Rive yon lè, batay la te vin pi fèb. Nan 500 moun yo, se anviwon 100 moun ki te rete vivan toujou epi yo tout te blese epi sitèlman yo te bouke yo pa t’ lwen mouri. Sanzatann, te genyen yon siyal epi de (2) mesye te kouri parèt sou teren an, youn agòch epi youn adwat. Se te Afriken an ak nèg Batavya a.
Ak yon kouraj tounèf, de (2) mesye sa yo te lage yo sou lòt konbatan yo ki te deja nan yon eta mizerab. Yo pa t’ menm genyen dekwa pou yo defann tèt yo ankò. Se te yon masak. De (2) jeyan sa yo te vide moun atè agòch adwat san pitye jouk yo te rive youn anfas lòt nan mitan tèren an ankò. Koulye a, se aplodisman asistan yo ki te antoure de (2) bon konbatan yo.
Yo te demare batay la ankò. Tout je te sou yo. Asistan yo pa t’ap menm remake travay la ki t’ap fèt pou retire pakèt kadav yo sou tèren batay la. Batay la te cho tankou anvan yo te separe yo. Afriken an t’ap demontre kijan li te gen ladrès, men nèg Batavya a te kanpe djanm ak bon jan prekosyon. Rive yon lè, Afriken an te fonse sou lòt la ak yon sèl gwo efò. Li te mete tout li menm nan kou a. Men nèg Batavya a te repouse kou a epi nan yon batje li te tire yon kou li menm. Afriken an te rale bak, men se te twò ta. Nepe pa l’ la te tonbe atè. Li te blese grav nan ponyèt gòch li a. Lè Afriken an te tonbe, foul la te pete yon sèl rèl sovaj. Men se poko lafen an sa. Pandan nèg Batavya a te kanpe gade viktim li an, moun te kouri parèt pou yo retire l’. Afriken an te rete atè ap soufri. Women yo te konnen byen se pa konpasyon ki fè yo te retire nèg Batavya a sou Afriken an. Se pa mizèrikòd. Se sere yo te bezwen sere Afriken an pou yon pi gwo bagay ki t’ap tann li pi devan.
Youn nan chèf anlè yo te di zanmi l’ konsa : « Nèg Batavya a se yon bon sòlda li ye, Machelo. »
Machelo te reponn : « Se vre, Loutchoulo. Mwen pa panse mwen konn wè yon lòt ki pi fò pase l’. Pou di vre, yo toude te djanm. »
Loutchoulo te di : « Men ou konnen genyen yon lòt yo kache ki pi fò pase toude nèg sa yo. »
Machelo te reponn : « Se vre ? Kilès li ye ? »
Loutchoulo te di : « Se yon gladiyatè ki rele Masè. M’ pa kwè genyen pi bon pase l’. »
Machelo te reponn : « M’ tande pale sou mesye. Ou panse y’ap fè nou wè l’ jodi a ? »
Loutchoulo te di : « Se sa m’ konprann. »
Se yon bri ki te fini ak ti dyalòg la chèf yo t’ap fè ansanm. Se te bri yon bèt. Bri a te sòti nan zòn kote yo te toujou sere bèt sovaj yo nan yon seri kalòj. Epi, bri a te dwòl. Se te bri yon bèt ki grangou nèt epi ki anraje.
Sanzatann, yon gwo baryè fè te ouvri, epi yon tig te monte tèren an. Apre twa (3) jou san manje fèmen yon ti kote, bèt la te anraje depase. Menm moun yo ki te chita byen lwen te pè lè yo te wè eta li. Tig la t’ap balanse ke l’ dèyè l’ pandan li te fè viwonn tèren an ap gade moun yo. Li te anvi manje sa l’ jwenn. Men koulye a, yon lòt bagay te atire atansyon moun yo. Lòt bò tèren an yo te jete yon nonm atè. Li te san okenn rad batay sou li. Tankou gladiyatè yo, li te prèske touni. Se yon ti twal ase ki te sou li. Nan men l’ se te yon ti ponya. Ak konfyans, li te mache pou l’ rive nan mitan tèren an.
Tout je te fikse sou li epi pakèt moun ki t’ap asiste yo te tonbe rele ansanm : « Masè ! Masè ! »
Lè je tig la te tonbe sou mesye a, li te fè yon sèl bri ki te ka dekontwole nenpòt moun. Masè te rete kòm yon estati. Je l’ te kole sou tig la pandan tig la te pran mache sou li, ke l’ t’ap souke anlè a. Yon sèl kou, tig la te mete kò l’ byen ba epi li te fè yon sèl vole sou sa l’ te anvi manje a. Men Masè te pare pou sa. Li te wete kò l’ devan tig la nan dènye segonn lan, epi lè tig la ateri, li te pouse ponya a antre nan kè li. Se te yon kou fatal. Bèt la te souke kò l’, li te ranmase fòs li, li te fè yon dènye bri ki te prèske sanble ak bri yon moun, epi li te lage kò l’ atè tou mouri.
Foul la te aplodi, ou ta di se te yon kout loray. Koloseyòm lan te ranpli ak son an.
Machelo te di zanmi l’ konsa : « Ekselan, monchè ! M’ poko janm wè yon nèg ki fò tankou Masè ! »
Se lè sa yo te retire kadav tig la sou tèren an epi moun yo te tande gwo baryè fè a te fè bri ankò. Koulye a, se yon lyon ki te sòti. Li te mache tou dousman kòmsi li te sezi wè kote li te ye. Se te yon gwo lyon. Ou te ka di se te yon jeyan menm. Moun yo t’ap sere lyon sa a depi lontan jouk yo te jwenn yon advèsè ki te ka lite avè l’. Lyon an te tèlman gwo, sanble li te ka manje de (2) nan tig yo ki te fèk mouri sou tèren an. Devan l’, Masè te parèt kòm yon timoun.
Lyon an te gen lontan depi yo te ba l’ manje. Malgre sa, li pa t’ anraje tankou tig la. Li te travèse tèren an epi li te vire tounen. Li t’ap kouri kòmsi l’ t’ap chache yon kote pou li chape kò l’. Lè l’ wè li te fèmen nèt, li te mache rive sou mitan tèren an kote li te fè yon bri ki te tèlman pisan li te fè kèk blòk nan Koloseyòm lan souke.
Masè pa t’ brannen. Menm nan figi l’ pa t’ gen okenn mouvman. Li te rete vijilan, tèt li te anlè epi ponya li te tou pare. Lyon an te vire gade Masè. Nonm lan ak bèt sovaj la te gade youn lòt nan je. Masè te parèt tou anpè epi sanble sa pa t’ fè bèt la plezi menm. Ke l’ te anlè epi tout plim nan kò l’ te kanpe. Li te fè yon ti pa annaryè. Li te souke tèt li. Li te bese pou l’ vole.
Foul la te sou de (2) pye. Yo t’ap gade kòmsi se yon bagay ki te mare je yo sou evènman an. Men yon espektak ki te mande pou yo pa menm bat je yo.
Gwo bèt la te vole sou nonm lan. Kòm alòdinè, gladiyatè a te wete kò l’ sou kote epi te bay bèt la yon kout ponya. Men fwa sa a, ponya a te kontre ak yon zo kòt lyon an epi ponya a te chape nan men Masè. Lyon an te blese, men li pa t’ osi grav. Koulye a, blesi a te fè l’ anraje.
Malgre tout sa, Masè te rete kal. San zam, li te kanpe devan bèt sovaj la ap tann pou li vole sou li ankò. Lyon an te atake konbyen fwa ak fewosite, men chak fwa li te vole, gladiyatè a te fè yon fason pou l’ chape poul li. Epi, chak fwa li te deplase, Masè t’ap pwoche pi pre zam li an ki te rete atè a. Finalman, li te rive kote li ka pran l’ ankò. Koulye a, ak ponya a nan men l’, li t’ap tann lyon an yon lòt fwa. Lyon an te vole epi fwa sa a Masè te byen plase pwent ponya a. Ponya a te pèse kè lyon an. Gwo bèt sovaj la te woule atè nan gwo doulè. Apre sa, li te leve kouri kòmsi li tapral sove. Men, ak yon gwo bri, li te tonbe mouri bò kote baryè a kote l’ te sòti a.
Moun yo te retire Masè sou tèren an. Yo te fè nèg peyi Batavya a parèt ankò. Women yo te toujou swaf varyete nan pwogram yo. Yo te lage yon ti tig sou nèg la, men li te bat tig la touswit. Apre sa, yo te lage yon lyon sou li. Lyon an te fewòs se vre, men li pa t’ twò gwo. Li pa t’ difi sil pou remake nèg Batavya a pa t’ alèz ak bèt sovaj yo tankou Masè. Lyon an te vole sou li epi nèg la te blese l’. Men lè l’ te vole yon dezyèm fwa, lyon an te kenbe nonm lan nan grif li epi te dechèpiye l’ ak dan l’. Se lè sa a yo te parèt ankò ak Masè epi san pèdi tan, li te elimine lyon an ki te touye nèg Batavya a.
Koulye a, pèp la t’ap aplodi Masè san rete. Konsa, pandan yo t’ap aplodi toujou, moun yo te parèt ak yon nonm lòt bò tèren an. Se te Afriken an. Ponyèt la ki te blese te rete konsa, san okenn pansman. Ponyèt la te pandye epi te plen san. Li pa t’ itil nonm lan anyen. Nan gwo doulè li, li te eseye mache sou Masè, men li te mal pou mache byen. Women yo te byen konnen yo te mete l’ sou tèren an pou Masè te ka touye l’. Afriken an te klè sou sa tou paske lè l’ te rive devan advèsè a li te lage nepe l’ atè epi te kriye byen fò : « Touye m’ vit ! Libere m’ anba gran doulè sa a ! »
Pèp la te sezi lè yo te wè Masè fè yon pa annaryè. Li te lage nepe l’ atè tou. Yo te pi sezi toujou lè yo te wè li vire kò l’ pou li fè fas ak anperè a. Li te leve de (2) men l’ anlè epi li te deklare : « Anperè Desiyis, se yon Kretyen mwen ye. Mwen dakò goumen ak bèt. Men mwen p’ap janm ka leve men m’ kont lòm parèy mwen. M’ dakò si ou fè touye m’, men mwen pa ka touye yon moun. »
Pèp la te tonbe bougonnen lè yo te tande deklarasyon an.
Machelo te mande zanmi l’ : « Kisa l’ap di ? Se yon Kretyen li ye ? Kilè li te devni yon Kretyen ? »
Loutchoulo te reponn : « Mwen konnen genyen kèk vye Kretyen ki te vizite l’ pandan li te fèmen nan prizon an epi li te mete tèt li ansanm ak vye gwoup sa a. Se yon gwoup sanmanman. Byen petèt li se yon Kretyen vre. »
Machelo pa t’ konprann : « Li ta pito mouri pase pou l’ goumen ak yon lòt nèg akòz li se yon Kretyen ? »
Loutchoulo te di : « Se konsa moun sa yo ye. »
Se lè sa a lide foul la te vire. Yo pa t’ sezi ankò, yo te fache. Yo te fache paske yon gladiyatè te mete nan tèt li pou li pa satisfè yo konsa epi pou l’ refize batay. Reskonsab yo te parèt bò kote Masè pou yo eseye konvenk li pou li goumen toujou. Si li ta refize batay, li tapral soufri konsekans yo.
Men konviksyon Kretyen an te rete fèm. San okenn zam nan men l’, li te mache sou Afriken an. Pou eta Afriken an te ye a, Masè te ka fini avè l’ yon sèl kou. Vizaj Afriken an te chanje lè l’ te wè sa ki t’ap pase. Li te parèt tankou yon nèg ki te gen yon demon sou li. Nan je l’ te genyen sezisman, lajwa, ak viktwa. Li te mete men l’ sou nepe l’ epi li te plonje l’ nan kè Masè.
Masè te rele : « Senyè Jezi, resevwa lespri mwen. » Tout moun te tande pawòl la pandan yo te wè san t’ap koule sòti nan sèvitè Kris la. Li te enb, men li te brav. Li te kite lavi sa a pou l’ jwenn ak tout mati yo ki te devanse l’ deja.
Machelo te mande zanmi l’ : « Èske bagay konsa konn rive souvan ? »
Loutchoulo te reponn : « Wi. Anpil fwa. Chak fwa se yon Kretyen ki parèt, yo fè fas ak nenpòt kantite bèt sovaj. Menm fi yo gen kouraj devan lyon ak devan tig, men moun fou sa yo p’ap leve men yo kont okenn moun. Bagay Masè sa a pral dekouraje pèp la anpil. Li te yon pi bon gladiyatè oparavan ; men lè l’ te devni yon Kretyen, se te yon pi gwo foli li te ye. »
Machelo te bay opinyon l’. Li te di : « Men, ala yon relijyon ki enteresan si li ka fè yon gladiyatè konsa aji jan mesye te aji la a. »
Loutchoulo te di zanmi l’ konsa : « Ou pral gen okazyon pou ou aprann plis sou moun sa yo. »
Machelo te di : « Poukisa ou di sa ? »
Loutchoulo te di konsa : « En ? Ou poko tande ? Yo te komisyonnen w’ pou ou al dèyè kèk nan Kretyen sa yo. Kèk nan yo gentan desann nan katakonm yo pou yo kache epi se ou menm ki prale dèyè yo. »
Machelo te di : « Mwen t’ap panse yo deja kenbe ase. Maten an menm yo te boule senkant (50) ladan yo. »
Loutchoulo te di konsa : « Epi, semenn pase yo te koupe tèt 100. Men sa poko anyen toujou. Vil la chaje ak Kretyen. Epi, anperè a deside pou l’ restore ansyen relijyon an. Depi Kretyen yo parèt isi a, sanble ansyen relijyon an ap pèdi moun. Konsa, anperè a di l’ap elimine tout Kretyen yo nèt. Se yon madichon yo ye pou nasyon an epi fòk nou aji ak yo kòm yon madichon. W’a gentan konprann. »
Machelo te di zanmi l’ : « Mwen poko gen ase tan isit lavil Wòm pou m’ konprann tout bagay sou mouvman sa a. Se konsa mwen pa menm konnen kisa yon Kretyen kwè nan kè li. M’ tande yo lage chaj sou do Kretyen yo pou prèske tout krim yo ki fèt nan vil la. Men, si sa ou di a se vre, nou tout pral konnen byen kijan sa ye vre. »
Se pandan yo t’ap pale konsa yon lòt bagay nan estad la te atire atansyon yo.
Se te yon granmoun do ba ki t’ap antre. Cheve l’ te blanch. Li te granmoun anpil. Espektatè yo t’ap fè bri pou moke li, men aparans li te nòb epi konsa moun yo te gen respè pou li kanmenm. Pandan yo t’ap fè bri, li te leve men l’ pou li kòmanse di yon bagay.
Machelo te mande Loutchoulo : « E kilès sa ye la a ? »
Loutchoulo te reponn : « Sa se Aleksann. Li se yon pwofesè pami gwoup Kretyen yo. Tèt li di epi jiskensi li refize bay vag. »
Machelo te rete zanmi l’ nan wout : « Pe non. Men l’ap di yon bagay. »
Men sa yo te tande Aleksann t’ap di : « Moun lavil Wòm, se yon Kretyen mwen ye. Bondye ak Sovè mwen an te bay lavi Li pou mwen epi ak kè kontan m’ap bay lavi mwen pou Li tou. »
Foul la te fè yon sèl gwo bri ki te rann moun yo pa t’ ka tande si nonm lan t’ap pale toujou ou non. Anpil nan foul la t’ap joure Aleksann byen joure. Se sa yo bliye yo pa di. Epi, anvan bri a te gentan bese, twa (3) gwo chat mawon te parèt. Yo te vole sou li. Granmoun lan te kwaze bra l’ epi li te leve je l’ anlè. Bouch li t’ap bat kòmsi se priye li t’ap priye. Bèt yo te rive sou li pandan li t’ap priye epi nan yon batje yo te gentan dechire li.
Apre sa, yo te lage lòt bèt sovaj sou tèren an toujou. Yo te kouri. Yo te vole. Yo te fonse sou miray yo. Apre sa, yo tout te tonbe batay youn ak lòt tou anraje. Pou rete gade yon bagay konsa, sa te dwòl.
Epi nan mitan gwo konfizyon sa a, reskonsab yo te voye yon gwoup prizonye sou tèren an. Prizonye sa yo te konplètman san defans. Pifò nan yo se te jennfi yo te ye. Epi, yo tout tapral viktim poutèt foul Women an ki te toujou swaf gade san k’ap koule. Yon moun ki te asiste yon bagay konsa ta oblije genyen kè touche. Men pou pèp Women an, yo pa t’ genyen menm yon ti kras konpasyon lakay yo ankò. Medam yo te parèt tou pè. Yo te kole kò yo ansanm nan mitan tèren an. Devan lanmò, jennfi yo te fèb tankou nenpòt moun. Men apre detwa moman, lafwa yo te genyen nan Bondye a te renouvle ankò epi yo te pran kouraj. Lè yo te remake bèt sovaj yo t’ap fonse sou yo, yo te kenbe men youn lòt epi yo te leve je yo anlè. Yo te tonbe chante yon bèl chan gloriye epi solanèl ansanm. Chan sa a te monte jouk nan syèl la :
« Pou Sila ki te renmen nou an,
Pou Sila ki te lave peche nou yo ak san Li,
Pou Sila ki fè nou devni wa ak prèt,
Pou Bondye Papa a,
Glwa ak pisans,
Pou toutan epi pou toutan,
Alelouya ! Amèn ! »
Youn apre lòt, vwa yo te koupe. Se san, gwo doulè, ak lanmò ki te ranplase chan an. Asistan yo te ka tande bri pèp la te kouvri chante a. Men youn apre lòt, chan lwanj sa yo ki te sòti nan kè ti medam yo ki te sitèlman genyen kouraj devan menas lanmò epi ki te toujou rete fidèl, te jwenn ansanm ak chante tout lòt rachte yo ki te deja nan syèl la.
- Istwa sa a sòti nan Martyr of the Catacombs (Mati Katakonm lan)