Tras Pye Kris Yo

Chak Kretyen gen yon dezi pou li swiv Kris andan kè li. Men Jezi pa isit. Kijan nou kapab konnen Li epi kijan nou ka swiv tras pye Li yo ? Liv sa a te ekri avèk yon gwo dezi pou ede moun repanti epi swiv tras pye Kris yo pandan y’ ap obeyi ansèyman Li yo ak tout kè yo. Swiv tras pye Li yo jodi a !

Enwodiksyon

Gen yon ti granmoun fi ki te lonje dwèt li sou mwen epi ki te di : « Ou menm, ou di yon fason, Katolik yo di yon lòt, Temwen Jeyova yo di yon lòt, epi Mòmon yo di yon lòt fason toujou. » Fi a te pale yon fason ki te sanble li pa t’ gen espwa lè l’ te di : « Kijan mwen kapab konnen sa ki vre ? »

Pawòl fi yo toujou frape m’. San li pa t’ konn sa, li te poze yon gwo kesyon ki la depi lontan. Gen anpil fwa nou tande moun ap poze kesyon sa a. Pafwa moun yo poze kesyon sa a kòm yon eskiz ; pafwa yo vrèman twouble epi yo vrèman vle konnen verite a.

Se vre genyen anpil kwayans diferan. Gen anpil opinyon k’ ap goumen youn ak lòt nan mond lan. Genyen yon gwo konfizyon relijye jounen jodi a. Enben, kijan nou kapab konnen verite a ?

Gen yon sèl fason nou kapab konnen verite a. Se lè nou konnen Sila a ki se Verite a menm ! Jezi te di :

Se mwen menm ki chemen an. Se mwen menm ki verite a, se mwen menm ki lavi a. Pesonn pa ka al jwenn Papa a si li pa pase nan mwen. (Jan 14.6)

Si nou vle konnen verite a, nou bezwen konnen Kris epi nou bezwen swiv Li. Nou bezwen swiv tras pye Li yo.

Chak Kretyen gen yon dezi pou li swiv Kris andan kè li. Nou konn chante chan tankou : « Tras Pye Jezi » ak « Lè L’ Kondwi M’ M’ ap Swiv Li. » Nou konn priye : « Papa, ede nou grandi pou nou kapab sanble Pitit Ou plis toujou . . . »

Men Jezi pa isit. Kijan nou kapab konnen Li epi kijan nou kapab swiv tras pye Li yo ?

Liv sa a te ekri avèk yon gwo dezi pou ede moun repanti epi swiv tras pye Kris yo pandan y’ ap obeyi ansèyman Li yo ak tout kè yo. Ou va jwenn anpil ansèyman pratik e biblik nan liv sa a ki kapab ede w’ nan lavi ou chak jou. Ou pral twouve kijan Kris, ki se Otè tout Bib la, vle pou w’ viv avèk fanmi ou, fratènite a, ansanm ak sosyete a. Ou pral li sou tras pye Kris yo nan liv Pwovèb, nan ekriti Pòl yo, epi nan pwòp pawòl Kris yo ki nan liv Levanjil yo.

Liv sa a se yon bon liv pou w’ etidye pou kont ou, oubyen menm pou yon etid pou tout legliz la. Li genyen kèk bon eksplikasyon trè klè ki kapab ede nouvo konvèti yo oubyen nenpòt moun ki anvi konnen plis sou lavi Kretyen an.

Ou pa dwe poze kesyon sa a ankò : « Kijan mwen kapab konnen sa ki vre ? » Konpare sa otè liv sa a ekri avèk ansèyman yo ki nan Bib la. Ou dwe menm jan avèk moun Bere yo ki te gen bon santiman (gade Travay 17.10-11). Fouye Lekriti yo pou wè si ansèyman sa yo vre. Etidye sou tras pye Kris yo.

Swiv tras pye Li yo jodi a ! 

Details
Language
Kreyòl Ayisyen
Number of Pages
180
Author
Pablo Yoder
Publisher
Christian Aid Ministries
Published
11/28/22
Topics

Back to List